Izrayèl pati avèk tou sa li te genyen. L'al Bècheba, li touye bèt, li ofri yo bay Bondye Izarak, papa li. Jou lannwit sa a, Bondye pale ak Izrayèl nan rèv, li di l: — Jakòb! Jakòb! Jakòb reponn: — Men mwen wi. Bondye di li: — Mwen se Bondye, Bondye papa ou la. Ou pa bezwen pè desann ale nan peyi Lejip paske m'ap fè pitit pitit ou yo tounen yon gwo pèp laba a. M'ap desann avè ou nan peyi Lejip, m'ap fè pitit pitit ou yo tounen isit la ankò. Se Jozèf ki va fèmen je ou lè w'a mouri. Jakòb pati, li kite Bècheba. Pitit Izrayèl yo pran Jakòb, papa yo, ansanm ak timoun yo ak madanm yo, yo fè yo moute sou cha farawon an te voye pou yo vwayaje a. Yo pran tout bèt ak tout byen yo te fè nan peyi Kanaran an. Yo desann nan peyi Lejip. Yo mennen Jakòb desann nan peyi Lejip ak tout pitit pitit li yo. Jakòb pran pitit gason l yo ak pitit fi l yo, pitit pitit li yo, fi kou gason, li desann nan peyi Lejip ak yo tout.
Li Jenèz 46
Koute Jenèz 46
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 46:1-7
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo