Jenèz 45:1-28

Jenèz 45:1-28 HAT98

Jozèf pat kapab kenbe ankò devan tout moun ki t'ap sèvi l yo. Li di byen fò: — Fè tout moun sòti. Se konsa, pèsonn pat la avèk Jozèf lè li fè frè l yo rekonèt li. Li te pran kriye byen fò, tèlman fò moun peyi Lejip yo te tande l. Bri a te rive jouk lakay farawon an. Jozèf di frè l yo: — Se mwen menm Jozèf. Eske papa m vivan toujou? Men frè l yo pat kapab reponn li paske yo te boulvèse lè yo wè l devan yo. Jozèf di frè l yo: — Pwoche vin pi pre m. Yo pwoche, li di yo: — Se mwen menm Jozèf wi, frè nou an. Se mwen menm wi nou te vann bay moun ki ta pral peyi Lejip la. Men kounyeya, nou pa bezwen boulvèse. Nou pa bezwen regrèt nou te vann mwen pou yo mennen m isit la. Se Bondye ki te voye m devan pou m te ka sove lavi nou. Sa fè dezan depi grangou tonbe sou peyi a. Men, p'ap gen mwayen travay latè ni fè rekòt pou senk lanne ankò. Bondye te voye m vini devan pou ras nou an pat fini nan peyi a, pou m te ka sove lavi nou, pou nou pa mouri. Nou wè. Se pa nou menm ki te voye m isit la, men se Bondye. Se Bondye menm ki mete m sèvi yon papa pou farawon an. Mwen se chèf nan tout kay li, se mwen k'ap gouvènen tout peyi Lejip la. Kounyeya, prese tounen kay papa m. Al di l: Men sa Jozèf, pitit gason l lan, voye di l: Bondye mete m chèf sou tout peyi Lejip la. Desann vin jwenn mwen. Pa mize. Ou pral rete nan peyi Gochenn. Konsa, w'a toupre m, ou menm ansanm ak pitit ou yo, pitit pitit ou yo, mouton ou yo, bèf ou yo ak tou sa ou genyen. Lè w'a Gochenn, m'a pran swen ou, paske grangou a la pou senk lanne ankò. Kounyeya, nou wè, pa vre. Benjamen, frè m lan, wè tou se mwen menm menm Jozèf k'ap pale ak nou an. Fè papa m konnen jan moun respekte m isit nan peyi Lejip. Rakonte l tou sa nou wè. Prese mennen papa m desann isit la. Epi li lage kò l nan bra Benjamen, frè li a, li konmanse kriye ankò. Benjamen tou t'ap kriye sou zepòl li. Apre sa, li bo tout frè li yo, li t'ap kriye toujou. Lèfini, frè l yo pran pale ak li. Lè moun lakay farawon yo vin konnen frè Jozèf yo te vini, sa te fè farawon an ak chèf li yo kontan. Farawon an di Jozèf konsa: — Pale ak frè ou yo. Di yo men sa pou yo fè: Chaje bèt yo, ale nan peyi Kanaran. Lè y'a rive, y'a pran papa yo ak tout fanmi yo, y'a tounen vin jwenn mwen. M'a ba yo pi bon tè ki nan peyi Lejip la pou fè jaden. Y'a manje pi bon manje ki gen nan peyi a. Ou menm poutèt pa ou, w'a di yo sa pou yo fè. Y'a pran kèk cha nan peyi Lejip la pou timoun yo ak madanm yo. Y'a mennen papa yo vini. Yo pa bezwen regrèt kite anyen, paske se pi bon bagay nan tout peyi Lejip la m'ap ba yo. Se sa menm pitit Izrayèl yo te fè. Jozèf ba yo kèk cha jan farawon an te ba li lòd la. Li ba yo pwovizyon pou fè vwayaj la. Li ba yo chak yon rad tou nèf. Men, li bay Benjamen twasan (300) pyès lajan ak senk rad nèf. Apre sa, li pran dis mal bourik chaje ak pi bon bagay ki te nan peyi Lejip la, dis fenmèl bourik chaje ak ble ak pen ak tout kalite lòt pwovizyon ankò, li voye bay papa l pou l ka fè vwayaj la. Lè l'ap voye frè l yo pati, li di yo: — Piga nou chache kont yonn ak lòt nan chemen an, tande. Yo kite peyi Lejip, yo rive Kanaran lakay Jakòb, papa yo. Yo di l: — Papa, Jozèf la toujou wi. Se li menm k'ap gouvènen peyi Lejip la wi. Men, Jakòb rete tou frèt, paske li pat kwè yo. Men, lè yo rakonte l tou sa Jozèf te di yo, lè li wè cha Jozèf te voye pou l te ka vwayaje a, Jakòb gen yon sèl kontantman ki pran l. Li di yo: — Sa mwen bezwen pase sa ankò! Pitit mwen Jozèf vivan toujou! Fòk mwen ale pou m'ka wè li anvan mwen mouri.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an