Jenèz 43:1-34

Jenèz 43:1-34 HAT98

Grangou t'ap bat pi rèd nan peyi Kanaran an. Lè fanmi Jakòb yo te fin manje ble yo te pote sòti nan peyi Lejip la, Jakòb di pitit li yo: — Tounen al chache manje pou nou ankò non. Jida reponn li: — Nonm lan te byen avèti nou pou nou pa parèt devan l si nou pa vin ak ti frè nou an. Si ou vle kite ti frè nou an vin ak nou, nou val achte manje pou ou. Si ou pa vle kite l ale, n'ap rete, paske mesye a te tou di nou: piga nou parèt devan l ankò si nou pa vin ak ti frè nou an. Izrayèl di: — Sa nou te bezwen di l nou te gen yon ti frè fè? Poukisa nou fè m sa? Yo reponn li: — Mesye a t'ap poze nou kèsyon sou nou ak sou fanmi nou. Li mande nou si papa nou la toujou, si nou gen lòt frè, se pou n te reponn li. Kouman pou n ta fè konnen li ta pral mande nou pou nou mennen ti frè nou an ba li? Jida di Izrayèl, papa l, konsa: — Kite tibway la ale ak nou. Konsa n'a leve, n'a pati. Konsa ni ou menm, ni nou menm, ni timoun nou yo p'ap mouri grangou. Se nan men m li ye, se mwen menm ki pou rann ou kont pou li. Si m pa mennen l tounen ba ou, si m pa tounen avè l la devan ou, se mwen menm k'ap pote fòt la devan ou jouk mwen mouri. Si nou pat pran tout reta sa a, kounyeya nou ta gentan ale nou tounen de fwa deja. Lè sa a, papa yo Izrayèl di: — Bon, si se konsa sa ye, men sa pou nou fè: N'ap pran pi bon bagay ki genyen nan peyi a, n'ap mete yo nan sak nou, n'ap pote yo fè nonm nan kado: gonm santi bon, siwomyèl, lansan, lami, pistach ak nwa. Lèfini, n'a pran de fwa valè lajan nou bezwen, paske fòk nou renmèt lajan yo te mete nan bouch sak ble yo tou. Ou pa janm konnen, yo ka pat wè sa. Pran frè nou an, tounen kote mesye a. M'ap mande Bondye ki gen tout pouvwa a pou li fè nonm lan aji byen ak nou, pou li renmèt nou, ni lòt frè nou an, ni Benjamen. Pou mwen menm, m'ap rete tankou si mwen pa te janm gen pitit. Se konsa mesye yo pran kado yo, de fwa valè lajan yo te bezwen ansanm ak Benjamen, yo leve, yo desann peyi Lejip kote yo parèt devan Jozèf. Lè Jozèf wè Benjamen ak yo, li rele chèf domestik li a, li di l: — Mennen mesye sa yo lakay mwen. Touye yon bèt, kwit li, paske mesye sa yo ap manje avè m amidi a. Chèf domestik la fè sa Jozèf te di l fè a, li mennen mesye yo lakay li. Men, lè mesye yo wè yo t'ap mennen yo lakay Jozèf, yo te pè anpil. Yo t'ap di: — Se poutèt lajan nou te jwenn nan sak nou yo dènye fwa a kifè y'ap mennen nou bò isit la. Yo pral kenbe nou, yo pral bat nou, y'ap fè nou tounen esklav. Lèfini y'ap pran bourik nou yo. Se konsa, antan yo rive nan papòt kay la, yo pwoche bò chèf domestik la, yo di li: — Eskize nou wi, Mèt! Nou te vin isit la deja pou nou te achte. Lè n'ap tounen lakay nou, nou rive yon kote nou t'ap poze pou pase nwit, nou louvri sak nou yo, nou jwenn tout lajan an nan bouch sak yo, byen konte. Nou pote l tounen wi. Nou pote lòt lajan tou pou nou ka fè pwovizyon. Nou pa konn ki moun ki remete lajan an nan sak nou ankò. Domestik anchèf la di yo: — Pa okipe bagay konsa. Nou pa bezwen pè. Se Bondye nou an, Bondye papa nou an, ki mete richès sa a pou nou nan sak yo. Mwen te resevwa premye lajan an. Lèfini, li mennen Simeyon vin jwenn yo. Chèf domestik la mennen mesye yo lakay Jozèf. Li ba yo dlo fè twalèt yo, li bay bèt yo manje. Mesye yo menm pare kado yo pou lè Jozèf va vin jwenn yo amidi, paske yo te vin konnen yo ta pral manje avè l. Lè Jozèf antre lakay li, yo pote kado yo ba li, yo bese tèt yo jouk atè devan li. Jozèf mande yo kouman yo ye. Apre sa, li di yo: — Granmoun nou te pale m lan, papa nou an, ban m nouvèl li non? Li la toujou? Li byen? Yo reponn li: — Granmoun lan la wi, l'ap debat. Li byen mèsi. Yo tonbe ajenou, yo bese tèt yo jouk atè devan li. Lè Jozèf fè sa li wè Benjamen, frè menm manman menm papa avè l la, li di: — Eske se ti frè nou an sa, ti frè nou t'ap pale m lan? Bondye beni ou, pitit mwen. Lè sa a, Jozèf kouri sòti byen vit, paske kè l t'ap fè l mal pou frè l yo. Dlo vin nan je l, li antre nan chanm li, li kriye kont li. Apre sa, li lave figi l, li sòti, li kenbe pou li pa kriye ankò, epi li bay lòd sèvi manje a. Yo te sèvi yon tab apa pou Jozèf, yon tab apa pou frè l yo ak yon lòt tab apa pou moun peyi Lejip ki t'ap manje ansanm ak yo tou, paske pou moun peyi Lejip yo, se ta yon wont pou yo chita manje sou menm tab ak ebre yo. Frè Jozèf yo te chita anfas li. Yo te mete yo chita dapre laj yo, depi pi gran an jouk pi piti. Lè yo wè sa, yo te sezi, yonn gade lòt. Jozèf te fè pran manje sou tab li bay mesye yo. Benjamen te resevwa senk fwa plis pase lòt yo. Yo manje, yo bwè ti bweson yo jouk yo koumanse vin ge.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an