Lè yo vide sak yo, chak moun jwenn ti sakit lajan li te bay la nan bouch sak li ankò. Lè yo wè sa, yon sèl laperèz frape ni yo ni papa yo! Lè sa a Jakòb, papa yo, di: — N'ap wete tout pitit mwen yo nan men m. Jozèf disparèt, Simeyon pa la ankò. Kounyeya, nou vle pran m Benjamen. Se mwen menm k'ap pote tout chaj la. Riben di papa l konsa: — Papa, ou mèt touye de pitit gason m yo, si m pa mennen Benjamen tounen ba ou. Ou mèt renmèt mwen li nan men, m'ap mennen l tounen ba ou. Men Jakòb te di: — Pitit gason m lan p'ap fè yon pa. Frè li a fin mouri. Se li menm sèl ki rete nan pitit manman l yo. Si pou yon malè ta rive l nan vwayaj nou pral fè a, m'a mouri. Mwen fin granmoun, lapenn sa a va twòp pou mwen, la fin pote m ale.
Li Jenèz 42
Koute Jenèz 42
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 42:35-38
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo