Jenèz 42:1-25

Jenèz 42:1-25 HAT98

Lè Jakòb vin konnen te gen ble pou vann nan peyi Lejip, li di pitit li yo: — Poukisa nou chita konsa yonn ap gade lòt, de bra kwaze? Mwen tande y'ap vann ble nan peyi Lejip. Desann non, al achte ble pou nou ka viv pou nou pa mouri grangou. Se konsa, dis nan frè Jozèf yo desann nan peyi Lejip, y'al achte ble. Men Jakòb pat voye Benjamen, lòt frè Jozèf menm manman avè l la, avèk yo paske li te pè pou malè pat rive l. Grangou a te rèd nan peyi Kanaran an tou. Se konsa, pitit Izrayèl yo te vwayaje ansanm ak lòt moun ki ta pral achte ble tou. Se Jozèf ki t'ap gouvènen sou tout peyi Lejip la. Se nan men l moun te konn sòti toupatou vin achte manje. Frè Jozèf yo rive, yo bese tèt yo byen ba jouk atè pou di l bonjou. Lè Jozèf wè frè l yo, li rekonèt yo. Men li pran pòz pa konnen yo. Li pale rèd ak yo. Li di: — Ki bò nou sòti? Yo reponn: — Nou sòti peyi Kanaran, nou vin achte manje. Jozèf te rekonèt frè l yo, men yo menm yo pat rekonèt li. Lè sa a Jozèf vin chonje rèv li te fè sou frè l yo. Li di yo: — Nou se yon bann espyon. Nou vin isit la pou n chache konnen pwen fèb peyi a. Yo reponn li: — Non, mèt. Nou se moun pa ou, se manje nou vin achte isit la. Nou tout nou se pitit yon sèl papa. Nou p'ap ba ou manti, se pa espyon nou ye. Jozèf di yo: — Se pa vre. Nou vin isit la pou n chache konnen pwen fèb peyi a. Yo di l: — Nou se douz frè, pitit yon sèl papa nan peyi Kanaran. Dènye a rete ak papa nou. Gen yonn nan nou ki disparèt. Jozèf reponn yo: — Nou wè mwen gen rezon lè m di se yon bann espyon nou ye. Men ki bò mwen pral kenbe nou: M'ap fè sèman sou tèt farawon an, nou p'ap sòti isit la tout tan nou pa fè ti frè nou an vini isit la. Voye yonn nan nou al chache l. Lòt yo ap rete nan prizon. Se konsa, m'a wè nou pa t'ap bay manti. Si se pa sa, mwen fè sèman sou tèt farawon an, se espyon nou ye. Li fè fèmen yo tout nan prizon pandan twa jou. Sou twazyèm jou a, Jozèf di yo: — Men sa pou n fè, si nou vle sove lavi nou: Mwen menm mwen se moun ki respekte Bondye. Si nou konnen nou p'ap bay manti se pou yonn nan nou rete fèmen nan prizon kote yo te fèmen nou an. Lòt yo mèt pote ble a ale pou fanmi nou yo ka manje. Men, ti frè nou an, sa ki pi piti a, se pou nou mennen l ban mwen, pou nou ka moutre m nou pat ban m manti. Konsa, yo p'ap touye nou. Yo tonbe dakò sou sa. Yonn t'ap di lòt: — Nou wè. Nou peye sa nou te fè frè nou an pase. Se vre wi. Nou te fè mal lè nou te fè frè nou an pase tou sa nou te fè l la. Nou te wè ki jan sa te fè l lapenn anpil, lè li t'ap mande nou fè l gras. Men, nou pat vle koute l. Se poutèt sa nou nan tout traka sa a. Riben di yo: — Mwen te di nou pa fè tibway la anyen, men nou pat vle koute m. Kounyeya se lanmò tibway la n'ap peye. Jozèf te konprann tou sa yo t'ap di a. Men yo pat konn sa paske te gen yon moun ki t'ap tradi pou yo lè yo t'ap pale avè l. Jozèf sòti kote yo te ye a, l'al kriye. Lèfini li tounen, li pale ak yo, li pran Simeyon, li fè yo mete l nan chenn, la devan yo tout. Jozèf te bay lòd pou yo te plen sak yo avèk ble, pou yo te mete lajan yo chak nan sak yo ankò, lèfini pou yo ba yo manje pou yo manje sou wout la. Se sa yo te fè vre.