Jenèz 42:1-25

Jenèz 42:1-25 1998 Haïtienne (HAT98)

Lè Jakòb vin konnen te gen ble pou vann nan peyi Lejip, li di pitit li yo: — Poukisa nou chita konsa yonn ap gade lòt, de bra kwaze? Mwen tande y'ap vann ble nan peyi Lejip. Desann non, al achte ble pou nou ka viv pou nou pa mouri grangou. Se konsa, dis nan frè Jozèf yo desann nan peyi Lejip, y'al achte ble. Men Jakòb pat voye Benjamen, lòt frè Jozèf menm manman avè l la, avèk yo paske li te pè pou malè pat rive l. Grangou a te rèd nan peyi Kanaran an tou. Se konsa, pitit Izrayèl yo te vwayaje ansanm ak lòt moun ki ta pral achte ble tou. Se Jozèf ki t'ap gouvènen sou tout peyi Lejip la. Se nan men l moun te konn sòti toupatou vin achte manje. Frè Jozèf yo rive, yo bese tèt yo byen ba jouk atè pou di l bonjou. Lè Jozèf wè frè l yo, li rekonèt yo. Men li pran pòz pa konnen yo. Li pale rèd ak yo. Li di: — Ki bò nou sòti? Yo reponn: — Nou sòti peyi Kanaran, nou vin achte manje. Jozèf te rekonèt frè l yo, men yo menm yo pat rekonèt li. Lè sa a Jozèf vin chonje rèv li te fè sou frè l yo. Li di yo: — Nou se yon bann espyon. Nou vin isit la pou n chache konnen pwen fèb peyi a. Yo reponn li: — Non, mèt. Nou se moun pa ou, se manje nou vin achte isit la. Nou tout nou se pitit yon sèl papa. Nou p'ap ba ou manti, se pa espyon nou ye. Jozèf di yo: — Se pa vre. Nou vin isit la pou n chache konnen pwen fèb peyi a. Yo di l: — Nou se douz frè, pitit yon sèl papa nan peyi Kanaran. Dènye a rete ak papa nou. Gen yonn nan nou ki disparèt. Jozèf reponn yo: — Nou wè mwen gen rezon lè m di se yon bann espyon nou ye. Men ki bò mwen pral kenbe nou: M'ap fè sèman sou tèt farawon an, nou p'ap sòti isit la tout tan nou pa fè ti frè nou an vini isit la. Voye yonn nan nou al chache l. Lòt yo ap rete nan prizon. Se konsa, m'a wè nou pa t'ap bay manti. Si se pa sa, mwen fè sèman sou tèt farawon an, se espyon nou ye. Li fè fèmen yo tout nan prizon pandan twa jou. Sou twazyèm jou a, Jozèf di yo: — Men sa pou n fè, si nou vle sove lavi nou: Mwen menm mwen se moun ki respekte Bondye. Si nou konnen nou p'ap bay manti se pou yonn nan nou rete fèmen nan prizon kote yo te fèmen nou an. Lòt yo mèt pote ble a ale pou fanmi nou yo ka manje. Men, ti frè nou an, sa ki pi piti a, se pou nou mennen l ban mwen, pou nou ka moutre m nou pat ban m manti. Konsa, yo p'ap touye nou. Yo tonbe dakò sou sa. Yonn t'ap di lòt: — Nou wè. Nou peye sa nou te fè frè nou an pase. Se vre wi. Nou te fè mal lè nou te fè frè nou an pase tou sa nou te fè l la. Nou te wè ki jan sa te fè l lapenn anpil, lè li t'ap mande nou fè l gras. Men, nou pat vle koute l. Se poutèt sa nou nan tout traka sa a. Riben di yo: — Mwen te di nou pa fè tibway la anyen, men nou pat vle koute m. Kounyeya se lanmò tibway la n'ap peye. Jozèf te konprann tou sa yo t'ap di a. Men yo pat konn sa paske te gen yon moun ki t'ap tradi pou yo lè yo t'ap pale avè l. Jozèf sòti kote yo te ye a, l'al kriye. Lèfini li tounen, li pale ak yo, li pran Simeyon, li fè yo mete l nan chenn, la devan yo tout. Jozèf te bay lòd pou yo te plen sak yo avèk ble, pou yo te mete lajan yo chak nan sak yo ankò, lèfini pou yo ba yo manje pou yo manje sou wout la. Se sa yo te fè vre.

Jenèz 42:1-25 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Jacob apprend qu’il y a du blé en Égypte. Alors il dit à ses fils : « Vous restez là à vous regarder les uns les autres. Pourquoi ? On m’a dit qu’il y a du blé en Égypte. Allez donc là-bas pour en acheter. Alors nous pourrons rester en vie. Nous n’avons pas envie de mourir. » Dix des frères de Joseph partent en Égypte pour acheter du blé. Jacob ne laisse pas partir avec eux Benjamin, le frère de Joseph. En effet, il pense : « Il pourrait lui arriver un malheur. » Les fils de Jacob arrivent en Égypte en même temps que d’autres pour acheter du blé. En effet, il y a la famine dans tout le pays de Canaan. Joseph est le gouverneur du pays, et c’est lui qui organise la vente du blé pour tout le monde. En arrivant, ses frères s’inclinent jusqu’à terre devant lui. Dès que Joseph voit ses frères, il les reconnaît. Mais il ne dit pas qu’il est leur frère et il leur parle durement : « D’où venez-vous ? » Ils répondent : « Nous venons de Canaan. Nous sommes venus ici pour acheter de la nourriture. » Joseph reconnaît ses frères, mais eux, ils ne le reconnaissent pas. Alors Joseph se souvient des rêves qu’il a faits à leur sujet. Il leur dit : « Vous êtes des espions ! Vous êtes venus ici pour connaître les points faibles du pays. » Ils répondent : « Non, Monsieur le Gouverneur, nous sommes venus simplement pour acheter de la nourriture. Nous sommes tous fils du même père. Nous sommes des gens honnêtes, nous ne sommes pas des espions. » Joseph répond : « C’est faux ! Vous êtes venus pour connaître les points faibles du pays. » Ils répondent : « Non, nous sommes douze frères, nous sommes fils du même père, d’un homme de Canaan. Le plus jeune est resté auprès de notre père, et il y en a un qui a disparu. » Joseph leur dit : « Je le disais bien, vous êtes des espions. Je vais voir si vous dites la vérité. Par la vie du roi d’Égypte, je vous le jure, vous ne quitterez pas ce pays avant l’arrivée de votre plus jeune frère. Envoyez l’un de vous le chercher. Pendant ce temps, les autres resteront en prison. Ainsi, je pourrai voir si vous m’avez dit la vérité. Si vous avez menti, par la vie du roi d’Égypte, vous êtes bien des espions. » Joseph met ses frères en prison pendant trois jours. Le troisième jour, il leur dit : « Si vous voulez rester en vie, vous allez faire ce que je vais vous dire. Moi, je respecte Dieu. Si vous êtes des gens honnêtes, acceptez qu’un de vos frères reste en prison. Les autres, vous apporterez de la nourriture à vos familles qui ont faim. Puis ramenez-moi votre plus jeune frère. Ainsi, je verrai si vous avez dit la vérité, et vous ne mourrez pas. » Les frères sont d’accord avec Joseph. Mais ils se disent entre eux : « Hélas ! nous sommes punis pour ce que nous avons fait à Joseph notre frère. Nous avons vu qu’il était désespéré. Il nous a demandé d’avoir pitié de lui, et nous ne l’avons pas écouté. Voilà pourquoi ce malheur nous arrive. » Ruben ajoute : « Je vous avais bien dit : “Ne faites pas de mal à cet enfant !” Et vous ne m’avez pas écouté. Maintenant, nous sommes punis parce que nous l’avons fait mourir. » Les frères ne savent pas que Joseph comprend ce qu’ils disent. En effet, il se sert d’un interprète. Alors Joseph s’éloigne d’eux pour pleurer. Ensuite, Joseph revient vers ses frères et il leur dit qu’il garde Siméon. Puis il le fait attacher sous leurs yeux. Ensuite, Joseph donne ces ordres à ses serviteurs : « Mettez beaucoup de blé dans les bagages de ces gens. Remettez aussi l’argent de chacun dans son sac. Donnez-leur de la nourriture pour le voyage. » Les serviteurs font cela.

Jenèz 42:1-25 New International Version (NIV)

When Jacob learned that there was grain in Egypt, he said to his sons, “Why do you just keep looking at each other?” He continued, “I have heard that there is grain in Egypt. Go down there and buy some for us, so that we may live and not die.” Then ten of Joseph’s brothers went down to buy grain from Egypt. But Jacob did not send Benjamin, Joseph’s brother, with the others, because he was afraid that harm might come to him. So Israel’s sons were among those who went to buy grain, for there was famine in the land of Canaan also. Now Joseph was the governor of the land, the person who sold grain to all its people. So when Joseph’s brothers arrived, they bowed down to him with their faces to the ground. As soon as Joseph saw his brothers, he recognized them, but he pretended to be a stranger and spoke harshly to them. “Where do you come from?” he asked. “From the land of Canaan,” they replied, “to buy food.” Although Joseph recognized his brothers, they did not recognize him. Then he remembered his dreams about them and said to them, “You are spies! You have come to see where our land is unprotected.” “No, my lord,” they answered. “Your servants have come to buy food. We are all the sons of one man. Your servants are honest men, not spies.” “No!” he said to them. “You have come to see where our land is unprotected.” But they replied, “Your servants were twelve brothers, the sons of one man, who lives in the land of Canaan. The youngest is now with our father, and one is no more.” Joseph said to them, “It is just as I told you: You are spies! And this is how you will be tested: As surely as Pharaoh lives, you will not leave this place unless your youngest brother comes here. Send one of your number to get your brother; the rest of you will be kept in prison, so that your words may be tested to see if you are telling the truth. If you are not, then as surely as Pharaoh lives, you are spies!” And he put them all in custody for three days. On the third day, Joseph said to them, “Do this and you will live, for I fear God: If you are honest men, let one of your brothers stay here in prison, while the rest of you go and take grain back for your starving households. But you must bring your youngest brother to me, so that your words may be verified and that you may not die.” This they proceeded to do. They said to one another, “Surely we are being punished because of our brother. We saw how distressed he was when he pleaded with us for his life, but we would not listen; that’s why this distress has come on us.” Reuben replied, “Didn’t I tell you not to sin against the boy? But you wouldn’t listen! Now we must give an accounting for his blood.” They did not realize that Joseph could understand them, since he was using an interpreter. He turned away from them and began to weep, but then came back and spoke to them again. He had Simeon taken from them and bound before their eyes. Joseph gave orders to fill their bags with grain, to put each man’s silver back in his sack, and to give them provisions for their journey. After this was done for them

Jenèz 42:1-25 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Quand Jacob apprit que l’on vendait du blé en Egypte, il dit à ses fils : Pourquoi restez-vous là à vous regarder les uns les autres ? J’ai appris qu’il y a du blé en Egypte. Allez-y donc et rapportez-nous en du grain pour que nous puissions survivre et que nous ne mourions pas de faim  ! Les frères de Joseph partirent donc à dix pour acheter du blé en Egypte. Quant à Benjamin, le frère de Joseph, Jacob ne l’avait pas laissé partir avec eux, car il se disait : Qu’il ne lui arrive pas de malheur ! Les fils d’Israël arrivèrent en Egypte au milieu des autres gens qui s’y rendaient, car la famine sévissait au pays de Canaan. Joseph gouvernait tout le pays. C’était lui qui supervisait la vente du blé à toute la population du pays. Les frères de Joseph arrivèrent donc et se prosternèrent devant lui, face contre terre. Joseph aperçut ses frères et les reconnut ; mais il se comporta vis-à-vis d’eux comme un inconnu et leur parla durement. Il leur demanda : D’où venez-vous ? – Du pays de Canaan, répondirent-ils, pour acheter de quoi manger. Joseph reconnaissait bien ses frères, mais eux ne le reconnaissaient pas. Alors il se souvint des rêves qu’il avait eus à leur sujet. – Vous êtes des espions, déclara-t-il, c’est pour repérer les points faibles du pays que vous êtes venus. – Non, mon seigneur, protestèrent-ils, tes serviteurs sont seulement venus pour acheter des vivres. Nous sommes tous fils d’un même père, nous sommes des gens honnêtes, nous ne sommes pas des espions. – Pas du tout, répliqua-t-il, vous êtes venus pour repérer les points faibles du pays ! – Mais, dirent-ils, nous, tes serviteurs, nous sommes douze frères, fils d’un même père, habitants du pays de Canaan. Le plus jeune est resté avec notre père, et il y en a un qui n’est plus. Mais Joseph leur dit : C’est bien ce que je dis : vous êtes des espions. Voici comment je mettrai votre sincérité à l’épreuve : Par la vie du pharaon, je vous jure que vous ne vous en sortirez pas, à moins que votre jeune frère vienne ici ! Envoyez l’un de vous le chercher, tandis que vous, vous resterez en prison jusqu’à ce que la vérité de vos paroles soit confirmée. Sinon, par la vie du pharaon, c’est que vous êtes des espions. Puis il les fit mettre tous ensemble pour trois jours en prison. Le troisième jour, Joseph leur dit : Faites ce que je vous dis et vous aurez la vie sauve ; je suis un homme qui craint Dieu. Si vous êtes des gens sincères, que l’un de vous, votre frère, reste ici en prison, quant aux autres, vous partirez, vous emporterez du blé pour vos familles qui connaissent la famine. Mais ramenez-moi votre jeune frère. Cela prouvera que vous avez dit vrai et vous ne mourrez pas. Ils acceptèrent de faire ainsi. Ils se dirent l’un à l’autre : Certainement, nous sommes punis à cause de ce que nous avons fait à notre frère ; car nous avons vu sa détresse quand il nous suppliait, et nous ne l’avons pas écouté. Voilà pourquoi nous nous trouvons nous-mêmes à présent dans cette détresse. Ruben leur rappela : Ne vous avais-je pas dit : Ne vous rendez pas coupables d’un tel péché envers cet enfant ! Mais vous ne m’avez pas écouté. Voilà pourquoi nous devons maintenant payer pour sa mort. Ils ne savaient pas que Joseph les comprenait, car il se servait d’un interprète pour communiquer avec eux. Joseph s’éloigna pour pleurer. Puis il revint vers eux et s’entretint encore avec eux. Il leur prit Siméon et le fit lier sous leurs yeux. Puis il ordonna qu’on remplisse leurs sacs de blé, qu’on remette l’argent de chacun dans son sac et qu’on leur donne des provisions pour la route. Ce qui fut fait.