Jenèz 39:1-23

Jenèz 39:1-23 HAT98

Moun Izmayèl yo te mennen Jozèf nan peyi Lejip. Rive la, Potifa, yon moun peyi Lejip ki te chèf nan gouvènman farawon an ak kòmandan gad palè yo, achte l nan men yo. Senyè a te kanpe la avèk Jozèf. Li te fè tout bagay mache byen pou li. Jozèf te rete kay mèt li, moun peyi Lejip la. Mèt la tou vin konprann Senyè a avèk Jozèf, epi li fè li reyisi tout sa li antreprann. Potifa te kontan ak Jozèf ak jan li t'ap sèvi li. Li mete l reskonsab kay li, li renmèt li tou sa li te genyen. Depi lè Potifa te renmèt kay li ansanm ak tou sa li te genyen bay Jozèf, Senyè a beni kay moun peyi Lejip la poutèt Jozèf. Senyè a beni tou sa li te gen lakay li ak nan jaden l. Sa fè Potifa te lage tout zafè li nèt nan men Jozèf, esepte vant li. Jozèf te yon bèl gason byen kanpe. Se konsa madanm mèt li a vin tonbe pou li. Li di l: — Vin kouche avè m non! Men Jozèf derefize epi li di li: — Mèt mwen pa okipe anyen nan kay la paske mwen la. Li fè m' konfyans lage tout bagay nan men mwen. Mwen gen menm otorite ak li nan kay la. Li pa defann mwen manyen anyen, espte ou menm, paske se madanm li ou ye. Kijan ou ta vle wè pou mwen fè yon zak konsa, pou m'fè peche sa a kont Bondye? Se chak jou li te nan kò Jozèf. Men, Jozèf te toujou derefize kouche avè l. Yon jou, Jozèf vin antre nan kay la pou travay. Lè sa a, pa te gen pyès moun la. Madanm lan vare sou misye, li kenbe li nan rad epi li di li: — Jodi a, se pou kouche ak mwen. Lè Jozèf wè li antrave vre, li chape kò li epi li met deyò. Li sove kite rad la nan men madanm lan. Madanm lan menm, lè li wè Jozèf te kite rad la nan men l pou l kouri ale deyò, li rele domestik li yo, li di yo: — Eske nou wè sa! Mari mwen mennen yon ebre nan kay la, epi men li soti pou li avili nou. Li vin jwenn mwen jouk isit la, li vle pou m'kouche ak li. Mwen pete rele. Lè li tande m rele a, mesye kouri, li met deyò, li kite rad li la bò kote m. Madanm lan kite rad la bò kote li. Li tann patwon Jozèf retounen nan kay la. Li rakonte li menm bagay la tou, li di li: — Esklav ebre ou mennen ban nou lakay la, li vin jwenn mwen jouk anndan isit la pou li avili mwen. Men mwen pete rele anmwe, li kouri met deyò, epi li kite rad li bò kote mwen. Lè Potifa tande madanm li di l sa domestik li a te fè l, li move sou Jozèf. Li fè arete l, mete l nan prizon kote yo fèmen tout prizonye wa a. Se konsa Jozèf twouve l nan prizon. Men Senyè a te kanpe la avèk Jozèf. Li moutre l jan l te renmen l, li fè chèf prizon an gen Jozèf konfyans. Li mete l'veye lòt prizonye yo. Se li menm ki te reskonsab dirije tout travay yo gen pou fè. Depi li te renmèt yon bagay nan men Jozèf, li pat bezwen okipe anyen ankò paske Senyè a te la avèk Jozèf. Senyè a te fè tout zafè l mache byen.