Lè machann Madyan yo vin ap pase, yo rale Jozèf moute sot nan pi a. Yo vann li ak moun Izmayèl yo pou ven pyès lajan. Moun Izmayèl yo menm mennen l nan peyi Lejip. Lè Riben tounen nan pi a, li pa jwenn Jozèf. Sa te fè li lapenn anpil anpil. Li chire rad sou li sitèlman li te boulvèse. Li tounen al jwenn frè li yo, li di yo: — Ti gason an pa nan pi a non! Kisa m pral fè kounyeya? Yo touye yon bouk kabrit, yo pran bèl varèz Jozèf la, yo tranpe l nan san an. Yo voye varèz la bay papa yo ak komisyon sa a: — Men sa nou jwenn. Gade wè si se pa varèz pitit gason ou lan. Jakòb rekonèt rad la, li di: — Men wi, se varèz pitit gason m lan. Se yon bèt nan bwa ki devore l. Bèt la dechèpiye l nèt. Sa ou tande a, yon sèl lapenn trape Jakòb! Li dechire tout rad sou li tank kè li t'ap fann. Li pran sak, li mare ren li epi li pran dèy pou pitit la. Tout lòt gason l yo ansanm ak pitit fi l yo te vin ba l kouray, men li te refize tande sa yo t'ap di l. Li t'ap plede repete: — M'ap kriye pou pitit gason m lan jouk mal jwenn li lè m'a mouri. Se konsa li t'ap kriye pou pitit gason l lan.
Li Jenèz 37
Koute Jenèz 37
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 37:28-35
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo