Jenèz 37:12-28

Jenèz 37:12-28 HAT98

Frè Jozèf yo leve, y'ale jouk Sichèm ak bann bèt papa yo pou fè yo manje. Izrayèl rele Jozèf, li di l konsa: — Frè ou yo mennen bèt yo jouk Sichèm al manje. Vini non, m'ap voye ou bò kote yo pou mwen. Jozèf reponn: — Men mwen wi, papa. Izrayèl di l konsa: — Tanpri, ale we kouman frè ou yo ak bèt yo ye laba a. Apre sa, tounen vin pote nouvèl yo ban mwen. Konsa, se papa l menm ki te fè l pati kite Fon Ebwon an. Lè Jozèf rive Sichèm, li pèdi wout li nan savann lan, li kontre ak yon nonm ki mande l: — Kisa w'ap chache konsa? Jozèf reponn li: — M'ap chache frè m yo. Tanpri, di m ki kote yo mennen bèt yo al manje. Nonm lan di l: — Yo te isit la wi, men yo pati deja. Mwen tande yo t'ap di yo pral Dotan. Jozèf pati dèyè frè l yo, li jwenn yo Dotan. Men, anvan Jozèf te rive, yo te gentan wè l byen lwen ap vini. Yo fè konplo pou yo touye l. Yonn di lòt: — Hey mesye! Men nonm rèv la ap vini! Annou wè. N'ap touye l, n'ap jete kadav la nan yonn nan pi yo. Epi n'a di se bèt nan bwa ki touye l. Konsa n'a wè si sa l te wè nan rèv li yo va rive vre. Riben tap koute yo, li t'ap chache yon jan pou sove Jozèf anba men yo. Li di yo: — Piga nou touye l. Pa fè san koule. Annou lage li nan pi sa a nan dezè a. Men piga nou touye li. Li t'ap di yo sa paske li te fè lide sove li anba men yo pou voye li tounen kay papa li. Lè Jozèf rive bò kote frè l yo, yo wete bèl varèz long ak manch ki te sou li a. Yo pran l, yo jete l nan pi a. Pi a te vid, li pat gen dlo. Apre sa, yo chita pou manje. Pandan yo leve je gade, yo wè yon kolonn moun Izmayèl ki t'ap pase. Yo te soti Galarad. Chamo yo te chaje ak gonm bwa, lansan ak lami yo t'ap ale vann nan peyi Lejip. Jida di frè l yo konsa: — Sa sa ap rapòte nou pou nou touye frè nou an epi apre sa pou nou kache sa? Annou vann li ak moun Izmayèl yo. Konsa nou p'ap bezwen pran lavi li tou kri konsa. Malgre tou se frè nou li ye, li se san nou. Frè l yo tonbe dakò. Lè machann Madyan yo vin ap pase, yo rale Jozèf moute sot nan pi a. Yo vann li ak moun Izmayèl yo pou ven pyès lajan. Moun Izmayèl yo menm mennen l nan peyi Lejip.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an