Jenèz 35:16-29

Jenèz 35:16-29 HAT98

Apre sa, yo pati kite Betèl. Yo pa te twò lwen rive lavil Efrata lè tranche kenbe Rachèl. Li te toujou mal pou akouche. Pandan l'ap pouse pitit la konsa ak gwo difikilte, fanmchay la di li: — Ou pa bezwen pè, ou fè yon ti gason ankò. Rachèl te nan lagoni. Anvan li fin trepase nèt, li bay pitit la non. Li rele li Bennoni ki vle di: Pitit dèy. Men papa rele li Benjamen, ki vle di: Pitit bra dwat. Rachèl mouri, yo antere l sou wout lavil Efrata. Se lavil sa a yo rele Betleyèm lan tou. Jakòb make tonm lan ak yon gwo wòch: yo rele l Moniman tonm Rachèl la. Wòch la la jouk jòdi a. Apre sa, Izrayèl pati, l'al moute tant li lòt bò Migdaledè. Antan Jakòb t'ap viv nan peyi sa a, Riben al kouche ak Bila, yonn nan fanm papa l yo. Izrayèl vin konn sa, li te fache anpil. Jakòb te gen douz pitit gason. Men non pitit Leya te fè pou li yo: Riben, premye pitit gason l lan, Simeyon, Levi, Jida, Isaka ak Zabilon. Men non pitit Rachèl te fè pou li yo: Jozèf ak Benjamen. Men non pitit Bila, sèvant Rachèl la, te fè pou li yo: Dann ak Nèftali. Men non pitit Zilpa, sèvant Leya a, te fè pou li yo: Gad ak Asè. Se tout pitit gason sa yo Jakòb te genyen antan li te nan peyi Mezopotami. Jakòb al wè papa l Izarak, nan Manmre (yo rele kote sa a Kija-aba tou, ou ankò Ebwon). Se la Abraram ak Izarak te pase tout lavi yo. Izarak te gen sankatreven lanne sou tèt li lè li mouri. Li te fin granmoun lè li mouri ale jwenn moun li yo. Ezayi ak Jakòb, pitit gason li yo, fè lantèman antere li.