Jenèz 33:1-20

Jenèz 33:1-20 HAT98

Jakòb leve je l gade, li wè Ezayi ki t'ap mache vin jwenn li avèk katsan moun dèyè li. Li pran timoun yo, li separe yo, li bay Leya pa l yo, li bay Rachèl pa l yo, li bay de sèvant yo pa yo. Li mete de sèvant yo devan nèt ak pitit yo, Leya ak pitit li yo nan mitan, Rachèl ak Jozèf dèyè nèt. Li menm, li pran mache devan yo tout. Li bese tèt li jouk atè pandan sèt fwa, jouk li rive toupre Ezayi, frè li a. Ezayi menm kouri al kontre l, li pase bra l nan kou l, li bat do l, li bo li. Epi yo tou de yo pran kriye. Lè Ezayi voye je l gade, li wè medam yo ak timoun yo. Li di: — Ki moun sa yo ki avè ou la a? Jakòb reponn li: — Tout se pitit Senyè a bay nèg pa ou la. Lè sa a, sèvant yo pwoche ak timoun yo, yo bese tèt yo jouk atè devan Ezayi. Apre sa, Leya pwoche ak timoun pa l yo, yo bese tèt yo tou devan li. Andènye nèt, Jozèf ak Rachèl pwoche, yo bese tèt yo tou devan li. Ezayi mande li: — Moun mwen kontre pi devan an yo, pouki ou te voye yo? Jakòb reponn li: — Se pou mwen te ka chache fè Mèt mwen fè m' gras. Ezayi di l: — Frè mwen, mwen gen tou sa m bezwen. Ou mèt kenbe tou sa ou genyen pou ou. Jakòb reponn li: — Non. Si ou kontan wè m tout bon, tanpri, asepte kado m'ap ba ou yo. Paske, lè mwen kontre ou, se tankou si m te wè figi Bondye. Gade jan ou resevwa m byen. Tanpri, asepte kado m'ap ba ou yo, paske Bondye te beni m anpil. Mwen pa manke anyen. Jakòb fòse Ezayi sitèlman, bout pou bout, Ezayi asepte. Li di: — Bon. Ann pati. Ann ale. M'ap pran devan ou. Men Jakòb reponn li: — Mèt mwen, ou konnen jan timoun yo fèb. Epi, fòk mwen pa bliye fenmèl mouton ak manman bèf yo ki nouris. Si m fè yo mache twòp yon sèl jou, se kont pou yo tout mouri. Tanpri, mèt mwen, ou mèt pran devan nèg pa ou la, mwen menm m'ap vin dèyè ti pa ti pa, jan bèt yo ak timoun yo ka mache, jouk m'a rive lakay ou nan peyi Seyi. Ezayi di li: — Bon! M'a kite kèk moun nan moun pa mwen yo avèk ou. Jakòb reponn: — Se pa nesesè non. Paske resevwa ou resevwa mwen an deja ase. Menm jou a, Ezayi pati tounen nan peyi Seyi. Jakòb menm pati pou Soukòt. Lè li rive la, li bati yon kay pou li ak yon pak pou bèt li yo. Se sa k fè yo rele kote sa a Soukòt. Lè Jakòb tounen sòti Mezopotami, li rive anbyen lavil Sichèm, nan peyi Kanaran. Li moute tant li sou moso tè ki anfas lavil la. Li achte moso tè kote li te moute tant li a pou san (100) pyès lajan nan men pitit Amò yo. Se Amò sa a ki te papa Sichèm. Jakòb bati yon lotèl la tou. Li rele l: Bondye se Bondye Izrayèl la.