Men li menm, li te rete pou kont li dèyè. Lè sa a, gen yon moun ki mare batay ak li, yo goumen jouk douvanjou. Lè nonm lan wè li pat ka bat li, li bay Jakòb yon kou nan ren l. Se konsa zo ren l dejwente pandan yo t'ap goumen an. Nonm lan di l: — Kite m ale, paske bajou pral kase. Jakòb reponn li: — Si ou pa beni mwen, mwen p'ap kite ou ale. Nonm lan di: — Ki jan ou rele? Li reponn: — Jakòb. Nonm lan di l: — Yo p'ap rele ou Jakòb ankò. Y'ap rele ou Izrayèl, paske ou goumen ak Bondye, ou goumen ak moun, se ou menm ki genyen batay la. Jakòb mande l: — Tanpri! Di mwen kijan ou rele? Li reponn li: — Poukisa ou vle konn non mwen an atò? Apre sa, li beni Jakòb. Jakòb di konsa: — Mwen wè Bondye, mwen pa mouri. Se konsa, li rele kote l te ye a Penyèl. Solèy te gentan ap leve lè Jakòb kite Penyèl, li t'ap bwete poutèt ren li. Se poutèt sa, jouk jòdi a, pitit pitit Izrayèl yo pa manje venn ki kenbe zo ren an, paske se sou venn sa a Bondye te frape Jakòb.
Li Jenèz 32
Koute Jenèz 32
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 32:24-32
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo