Jenèz 28:1-22

Jenèz 28:1-22 HAT98

Izarak rele Jakòb, li beni l. Apre sa, li ba li lòd sa a: — Piga ou pran fi peyi Kanaran an pou madanm ou. Leve non, ale Mezopotami, lakay Betwèl, papa manman ou. W'a pran yonn nan pitit fi Laban yo pou madanm. Laban se frè manman ou. Mwen mande Bondye ki gen tout pouvwa a pou l beni maryaj ou, pou l ba ou anpil pitit, pou ou tounen zansèt anpil nasyon. Se pou l beni ou, ou menm ansanm ak tout pitit pitit ou yo, menm jan li te beni Abraram, pou ou ka pran posesyon peyi kote w'ap viv kounyeya, peyi li te deja bay Abraram lan. Se konsa Izarak fè Jakòb pati. Jakòb ale nan Mezopotami lakay Laban, pitit Betwèl, moun peyi Aram lan. Laban se te frè Rebeka, manman Jakòb ak Ezayi. Ezayi vin konnen ki jan Izarak te beni Jakòb, ki jan li te voye l Mezopotami al chache yon madanm. Li vin konnen tou lè Izarak t'ap beni Jakòb la, li te pase l lòd sa a: Piga ou pran fi peyi Kanaran an pou madanm ou. Ezayi te wè Jakob te obeyi papa l ak manman l, li te pati pou Mezopotami. Konsa, Ezayi vin wè Izarak papa l pat renmen fi peyi Kanaran yo. Li leve, l'ale lakay Izmayèl, lòt pitit gason Abraram lan, li pran yon lòt madanm mete sou sa li te genyen deja yo. Li marye ak Maalat, yonn nan pitit fi Izmayèl yo. Maalat sa a, se te sè Nebajòt. Jakòb kite Bècheba, li pati pou Karan. Li rive yon kote, li rete pase nwit la la, paske solèy te fin kouche. Li pran yon wòch sèvi l zòrye, epi li kouche atè a konsa pou l dòmi. Li fè yon rèv. Li reve li wè yon nechèl ki te kanpe de pye l atè ak tèt li pèdi nan syèl la. Zanj Bondye yo t'ap moute desann sou nechèl la. Epi li wè Senyè a kanpe anwo nechèl la. Senyè a t'ap di: — Se mwen menm, Senyè a, Bondye Abraram, zansèt ou, ak Bondye Izarak. Ou wè tè kote ou kouche a, m'ap ba ou l pou ou menm ansanm ak tout pitit pitit ou yo. Pitit pitit ou yo pral menm kantite ak grenn pousyè ki sou latè. Yo pral gaye nan tout direksyon, lès, lwès, nò, sid. Ou menm ak tout pitit pitit ou yo, nou pral tounen yon benediksyon pou tout moun ki sou latè. Pa bliye, m'ap toujou la avèk ou, m'ap voye je sou ou kote ou pase. M'ap fè ou tounen nan peyi sa a, paske mwen p'ap lage ou san m pa fè tou sa mwen sot di ou la a. Jakòb leve nan dòmi an, li di: — Wè pa wè, Senyè a isit la, mwen pat konn sa. Mesye vin pè, li di: — Isit la se yon kote pou moun respekte! Se pa lòt bagay, isit la se kay Bondye ak pòt syèl la. Jakòb leve byen bonè, li pran wòch li te fè sèvi l zòrye a, li plante l tankou yon bòn tè, li vide lwil sou li pou mete l apa pou Bondye. Li rele kote sa a Betèl. (Anvan sa, lavil la te rele Louz.) Jakòb fè yon pwomès bay Senyè a, li di: — Si Bondye toujou kanpe avèk mwen, si li voye je sou mwen nan tout vwayaj sa m'ap fè a, si li ban m manje pou m manje ak rad pou m met sou mwen, si l fè m tounen ak kè poze lakay papa m, Senyè a va Bondye m vre. Wòch sa a mwen plante nan tè tankou bòn lan va sèvi kay pou Bondye. M'a ba ou yon dizyèm (1/10) nan tou sa ou va ban mwen.