Jenèz 27:1-46

Jenèz 27:1-46 HAT98

Izarak te fin vye granmoun, je l pat bon, li pat kapab wè ladan yo ankò. Li rele premye pitit li a, Ezayi, li di l konsa: — Pitit mwen, Ezayi reponn li: — Men mwen wi, papa. Izarak di l: — Ou wè jan m fin vye. Mwen pa konn ki jou m'ap mouri. Tanpri, pran zam ou yo, flèch ou yo ak banza ou la. Ale nan bwa a, chase jibye pou mwen. Lèfini, pare vyann lan jan ou konnen mwen renmen l lan, pote l ban mwen. M'a manje. Epi m'a ba ou benediksyon mwen anvan m mouri. Rebeka menm t'ap koute sa Izarak t'ap di Ezayi, gason li an. Ezayi soti, l'ale lachas pou papa li. Lè sa a, Rebeka di Jakòb, pitit li a: — Men mwen fenk tande papa ou di Ezayi, frè ou la: Al chase jibye pote pou mwen, kwit li, m'a manje. Apre sa, m'a beni ou devan Senyè a anvan m mouri. Kounyeya, pitit mwen, koute sa m'ap di ou: Fè sa m'ap mande ou la. Ale pran de jenn kabrit byen gra nan bann lan, pote yo ban mwen. M'a pare yo pou papa ou jan m konnen li renmen l lan. W'a pote l bay papa ou, l'a manje, l'a beni ou anvan l mouri. Jakòb reponn manman l: — Men manman, Ezayi, frè mwen an, gen pwal sou tout kò li. Mwen menm, po pa m lis. Si papa m manyen m, l'a wè se twonpe m'ap twonpe l. Lè sa a pase li ban mwen benediksyon, la ban m madichon pito. Men manman an reponn: — Madichon l'a ba ou a va tonbe sou mwen, pitit mwen. Ou menm, fè sa mwen di ou fè a, al chache kabrit yo mennen ban mwen. Jakòb ale chache bèt yo, li mennen yo bay manman l. Manman l pare yon manje jan li konnen papa a te renmen l lan. Apre sa, Rebeka pran rad Ezayi, premye pitit li a, pi bèl rad Ezayi te gen lakay la, li mete yo anwo Jakòb, dezyèm pitit li a. Avèk po ti kabrit yo, li kouvri bra ak kou Jakòb. Apre sa, li bay Jakòb manje a avèk pen li te fè. Jakòb al jwenn papa l, li di: — Papa. Izarak reponn li: — Men mwen, pitit mwen. Kilès nan nou ki la a? Jakòb reponn: — Se mwen menm Ezayi, premye gason ou lan. Mwen fè sa ou te di m fè a. Leve non, chita. Manje vyann mwen pote pou ou a. Apre sa, w'a ban mwen benediksyon. Izarak di Jakòb: — Ki jan ou fè jwenn bèt la vit konsa, pitit mwen? Jakòb reponn li: — Senyè a, Bondye ou la, ede m. Li fè jibye a vin devan mwen. Izarak di: — Pwoche non. Vini mwen manyen ou, pitit mwen, pou m wè si wi ou non ou se Ezayi, pitit mwen an. Jakòb pwoche bò kote Izarak, papa l, ki manyen l. Epi Izarak di: — Vwa a se vwa Jakòb, men bra a se bra Ezayi. Li pat rekonèt Jakòb, paske bra li te plen pwal tankou bra Ezayi, frè li a. Izarak beni l. Li di l: — Se vre, se Ezayi, pitit mwen, ou ye? Jakòb reponn li: — Se mwen wi. Izarak di l: — Sèvi m non. M'a manje vyann ou pote a. Apre sa, m'a beni ou. Jakòb sèvi l manje a, li manje. Lèfini, Jakòb ba li diven, li bwè. Izarak, papa l, di l: — Pwoche non, pitit mwen. Vin bo m. Jakòb pwoche, li bo papa l. Papa a pran sant rad ki te sou li a, epi li ba li benediksyon l. Li di l: — Sant kò pitit mwen an tankou sant yon tè jaden Senyè a beni. Se pou Bondye ba ou lawouze ki sòti nan syèl la. Se pou l fè jaden ou donnen anpil. Se pou l ba ou bèl rekòt ble ak rezen. Se pou kantite pèp soumèt devan ou. Se pou kantite nasyon bese tèt devan ou. Se ou menm ki pou mèt frè ou yo. Se pou pitit pitit manman ou yo bese tèt devan ou. Se pou tout moun ki ba ou madichon jwenn madichon. Se pou tout moun ki beni ou jwenn benediksyon. Izarak te fin beni Jakòb. Jakòb te fenk kite papa li, Izarak, lè Ezayi, frè li a, antre sòti lachas. Li te pare yon bon plat manje, li pote l bay papa l. Li di l: — Leve chita non, papa. Manje vyann pitit ou pote pou ou a, pou ou ka beni l. Izarak, papa l, mande: — Ki moun sa a? Li reponn: — Se mwen menm, Ezayi, premye pitit gason ou lan. Tande Izarak tande sa, li sezi, li pran tranble kou fèy bwa. Li di: — Kilès sa ki te pote ban m manje jibye li sot chase a? Mwen fenk fin manje anvan ou rive la a. Mwen ba li benediksyon m lan ki pou li nèt. Lè Ezayi tande sa, yon sèl kòlè moute l, li tonbe rele byen fò: — Beni m tou non, papa! Izarak reponn li: — Frè ou la vini, li twonpe m. Li pran benediksyon ki te pou ou a. Ezayi di: — Sa fè dezyèm fwa li twonpe mwen. Eske se paske li rele Jakòb la (kenbe talon) kifè l'ap pase sou mwen konsa? Yon premye fwa, li pran dwa mwen kòm premye pitit. Men koulyeya, li pran benediksyon ki te pou mwen an! Apre sa, li di: — Men papa, èske pa gen lòt benediksyon ki rete pou mwen? Izarak reponn Ezayi: — Mwen mete l chèf sou ou. Mwen fè tout rès fanmi an tounen moun k'ap sèvi l. Mwen ba li mèzi pwovizyon l. Kisa m ka fè pou ou ankò, pitit mwen? Ezayi di papa a: — Se sèl benediksyon sa a ou te genyen, papa? Tanpri, beni m tou non, papa! Lè sa a, Ezayi pete yon sèl rèl, li kriye byen fò. Se konsa Izarak di li: — Latè p'ap ba ou sa li ta dwe ba ou. P'ap gen lawouze ki soti nan syèl la pou wouze jaden ou. Se zam ou k'ap fè ou viv. W'ap sèvi frè ou la se vre. Men se pyepoudre ou ye, W'a jwe jouk ou soti anba men li. Ezayi te rayi Jakòb poutèt papa a te ba li benediksyon ki te pou li a. Li di nan kè l: Papa m pa lwen mouri. Fini yo fini antere l, m'ap touye Jakòb, frè mwen an. Yo vin rapote Rebeka entansyon Ezayi, premye pitit gason li. Li rele Jakòb li di li: — Koute non! Frè ou Ezayi vle tire revanj sou ou wi. L'ap chache jwen pou li touye ou. Kounyeya, pitit mwen, koute sa m'ap di ou la. Leve, pati ale kay Laban, frè mwen an ki rete nan peyi Karan. W'a rete kèk tan la avèk li, jouk tan kòlè frè ou la va bese, jouk tan l'a sispann move sou ou, jouk li va bliye sa ou te fè l la. Lè sa a, atò, m'a voye chache ou, m'a fè ou tounen. Poukisa pou m ta pèdi tou de pitit gason m yo yon sèl jou a? Rebeka di Izarak konsa: — Mwen degoute, mwen bouke ak bann fi Et sa yo. Pase pou m ta wè Jakòb pran yonn nan moun sa yo, yonn nan bann fi Et sa yo k'ap viv nan peyi a pou madanm, pito m mouri!