Izarak te fin vye granmoun, je l pat bon, li pat kapab wè ladan yo ankò. Li rele premye pitit li a, Ezayi, li di l konsa:
— Pitit mwen,
Ezayi reponn li:
— Men mwen wi, papa.
Izarak di l:
— Ou wè jan m fin vye. Mwen pa konn ki jou m'ap mouri. Tanpri, pran zam ou yo, flèch ou yo ak banza ou la. Ale nan bwa a, chase jibye pou mwen. Lèfini, pare vyann lan jan ou konnen mwen renmen l lan, pote l ban mwen. M'a manje. Epi m'a ba ou benediksyon mwen anvan m mouri.
Rebeka menm t'ap koute sa Izarak t'ap di Ezayi, gason li an. Ezayi soti, l'ale lachas pou papa li. Lè sa a, Rebeka di Jakòb, pitit li a:
— Men mwen fenk tande papa ou di Ezayi, frè ou la: Al chase jibye pote pou mwen, kwit li, m'a manje. Apre sa, m'a beni ou devan Senyè a anvan m mouri. Kounyeya, pitit mwen, koute sa m'ap di ou: Fè sa m'ap mande ou la. Ale pran de jenn kabrit byen gra nan bann lan, pote yo ban mwen. M'a pare yo pou papa ou jan m konnen li renmen l lan. W'a pote l bay papa ou, l'a manje, l'a beni ou anvan l mouri.
Jakòb reponn manman l:
— Men manman, Ezayi, frè mwen an, gen pwal sou tout kò li. Mwen menm, po pa m lis. Si papa m manyen m, l'a wè se twonpe m'ap twonpe l. Lè sa a pase li ban mwen benediksyon, la ban m madichon pito.
Men manman an reponn:
— Madichon l'a ba ou a va tonbe sou mwen, pitit mwen. Ou menm, fè sa mwen di ou fè a, al chache kabrit yo mennen ban mwen.