Madanm Izarak pat ka fè pitit. Izarak lapriyè Senyè a pou li, Senyè a reponn li. Rebeka, madanm li, vin ansent. De ti pitit yo t'ap plede goumen nan vant li. Rebeka di: — Si se konsa sa ye, mwen pa konprann anyen? L'al lapriyè Senyè a. Senyè a reponn li: — Ou gen de nasyon nan vant ou. W'ap fè de pèp: chak ap pran bò pa yo. Yonn p'ap vle wè lòt. Yonn ap pi grannèg pase lòt. Pi gran an pral sou zòd pi piti a. Lè jou pou Rebeka akouche a rive, li fè de marasa. Premye ki te fèt la te tou wouj. Li te kouvri ak pwal sou tout kò l. Se poutèt sa yo te rele l Ezayi. Lè dezyèm lan te fèt, men li te kenbe Ezayi nan talon pye l: se poutèt sa yo rele l Jakòb. Izarak te gen swasantan sou tèt li lè yo te fèt. Timoun yo grandi. Ezayi te vin yon bon chasè, li te toujou nan bwa. Men Jakòb te yon nonm byen dousman, li te renmen rete lakay.
Li Jenèz 25
Koute Jenèz 25
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 25:21-27
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo