Jenèz 22:1-18

Jenèz 22:1-18 HAT98

Apre tout bagay sa yo, Bondye sonde Abraram pou wè sou ki pye li ye avè l. Bondye rele l: — Abraram! Abraram! Abraram reponn: — Men mwen wi! Bondye di l: — Pran Izarak, pitit ou a, sèl pitit gason ou genyen an, pitit ou renmen anpil la. Ale nan peyi Morija, w'a moute sou tèt mòn mwen pral moutre ou la. Lè w'a rive la, w'a touye l. Apre sa, w'a boule l nèt pou mwen. Nan denmen maten, bonè bonè, Abraram leve, li sele bourik li, li pran Izarak ansanm ak de nan domestik li yo. Li fann kèk moso bwa pou l fè dife pou boule vyann bèt l'ap ofri a. Epi li pati nan direksyon kote Bondye te di l la. Sou twa jou, Abraram gade, li wè kote a yon bon ti bout devan l. Abraram di domestik li yo. — Nou menm mesye, rete isit la ak bourik la. Mwen menm ak ti gason an, nou pral jouk lòt bò a, pou nou fè sèvis pou Bondye. Apre sa, n'a tounen vin jwenn nou. Abraram pran bwa pou fè dife a, li bay Izarak pote li. Li menm, li pote bagay pou limen dife a ansanm ak yon kouto nan men l. Yo tou de pati ansanm. Pandan y'ap mache konsa, Izarak di Abraram: — Papa! Abraram reponn: — Wi, pitit mwen! Izarak mande l: — Mwen wè ou gen dife ak bwa. Men, kote mouton pou boule a? Abraram reponn: — Pitit mwen, se sou kont Bondye sa ye. Yo toude t'ap kontinye mache ansanm. Lè yo rive kote Bondye te di l la, Abraram moute yon lotèl, li ranje bwa yo sou li. Li mare Izarak, pitit gason l lan, li mete l sou lotèl la, anwo bwa yo. Apre sa, li lonje men li, li pran kouto a pou li dage ti gason an touye li. Men, zanj Bondye a rete nan syèl la, li rele l: — Abraram! Abraram! Abraram reponn. — Men mwen wi! Zanj lan di li: — Atansyon! Pa fè ti nonm nan mal! Se atòkile mwen wè ou gen krentif pou mwen vre deske ou pa derefize touye sèl pitit gason ou lan pou mwen. Abraram voye je l, li wè yon belye mouton ki te gen kòn li yo makònen nan yon lyann. L ale, li pran mouton an, li touye l, li boule li nèt sou lotèl la pou Bondye nan plas pitit li a. Abraram rele kote sa a: Se sou kont Senyè a sa ye. Se poutèt sa, jouk jòdi a, moun ap repete: Sou mòn Senyè a, tout bagay sou kont li. Zanj Bondye a rete nan syèl la, li pale ak Abraram yon dezyèm fwa, li di l konsa: — Mwen sèmante sou tèt mwen. Se mwen menm Senyè a ki di sa. Mwen gen pou m beni ou anpil poutèt sa ou fè a. Ou pat refize ban mwen pitit ou a, sèl pitit gason ou genyen an. Mwen menm tou, mwen pwomèt pou mwen ba ou anpil anpil pitit. Y'ap tankou zetwal nan syèl, tankou grenn sab bò lanmè. Yo va bat tout lènmi yo. Gremesi tout pitit pitit ou yo, tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon. Wi, yo tout, paske ou te fè sa m te mande ou fè a.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Jenèz 22:1-18