Men, lè Pyè te vini lavil Antyòch, mwen te fè yon bout ak li devan tout moun, paske sa l te fè a pat bon. Lè li te fèk rive, li t'ap manje ak frè ki pa jwif yo byen pwòp. Men lè moun Jak te voye yo vin rive, li rale kò li dèyè, li refize manje ak moun ki pa jwif yo paske li te pè moun ki patizan sikonsizyon yo. Lòt frè jwif yo te konmanse fè menm jan ak li. Ata Banabas te pran tou. Li t'ap swiv yo nan ipokrizi sa a. Lè m wè yo pa t'ap mache dwat dapre verite ki nan Bòn Nouvèl la, mwen di Pyè devan tout moun: Ou menm ki jwif, ou pat viv isit la tankou jwif, men tankou moun ki pa jwif. Poukisa jòdi a w'ap fòse frè ki pa jwif yo pou yo viv tankou jwif?
Li Galat 2
Koute Galat 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Galat 2:11-14
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo