Apre sa, katòz lanne te pase anvan m te moute lavil Jerizalèm ankò, fwa sa a ansanm ak Banabas. Mwen te mennen Tit avè m tou. Kifè m te moute a, se paske Bondye te fè m konnen pou m te fè sa. Nan yon reyinyon mwen te gen apa ak dirijan yo, mwen mete devan yo Bòn Nouvèl mwen t'ap anonse moun ki pa jwif yo. Mwen pat vle pou ni travay mwen te fin fè a, ni travay mwen t'ap fè a pase pou anyen. Enben, Tit ki te avè m lan, se moun peyi Lagrès li ye: yo pat egzije l sikonsi, atout kèk swadizan frè ki te fofile kò yo nan mitan nou te vle yo sikonsi li. Men moun sa yo te glise nan mitan nou tankou moun k'ap espyonnen pou fè nou pèdi libète nou gen nan Jezikri a. Yo te vle fè nou tounen esklav ankò. Nou pa janm ba yo pye sou nou pou n te ka defann verite ki nan Bòn Nouvèl la pou nou menm, moun Galasi.
Li Galat 2
Koute Galat 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Galat 2:1-5
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo