Galat 1:1-24

Galat 1:1-24 HAT98

Mwen menm Pòl, se pa moun ki te chwazi m', ni Bondye pa te voye yon moun chwazi mwen, men se Jezikri menm, ansanm ak Bondye Papa a ki te resisite li nan lanmò, se yo menm menm ki te chwazi mwen apot. Tout frè ki isit la yo mete tèt ansanm avè m pou ekri lèt sa a pou tout legliz ki nan peyi Galasi yo. Nou mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Senyè a, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze. Dapre volonte Bondye, Papa nou, Kris la te bay tèt li pou peche nou yo, pou l te ka delivre nou anba move tan mechan ki sou latè kounyeya. Lwanj pou Bondye pou tout tan! Amèn. Mwen sezi wè jan nou prese vire do bay Bondye ki te rele nou, gremesi Kris la, pou n'al swiv yon lòt kalite Bòn Nouvèl. Pou di vre, pa gen okenn lòt Bòn Nouvèl. Men, mwen di sa paske gen moun k'ap plede chaje tèt nou, ki vle chanje anpil bagay nan Bòn Nouvèl Kris la. Enben, si yon moun ta vin anonse nou yon lòt Bòn Nouvèl ki pa menm ak sa nou te anonse nou an, moun sa a li te mèt se mwen menm, osinon yon zanj ki sòti nan syèl, madichon pou li! Mwen deja di nou sa, m'ap repete nou sa ankò: Si yon moun vin anonse nou yon levanjil ki diferan ak levanjil nou te resevwa a, se pou madichon tonbe sou li! Lè mwen di sa, eske sa vle di se favè moun m'ap chache? Non. Se favè Bondye m'ap chache. Eske se plezi m'ap chache fè lèzòm plezi? Si m t'ap chache fè lèzòm plezi, se pa Kris la mwen ta ap sèvi. M'ap di nou sa, frè m yo, Bòn Nouvèl m'ap anonse a pa sòti nan moun. Paske mwen menm, mwen pat resevwa l nan men pèsonn, ni se pa yon moun ki te moutre m li. Men, se Jezikri menm ki te fè m konnen li. Nou tande pale sa m te konn fè nan tan lontan, lè m te nan relijyon jwif yo. Nou konnen jan m te san pitye lè m t'ap pèsekite legliz Bondye a, jan m t'ap chache kraze li. Nan relijyon jwif yo mwen te pi fò pase anpil moun nan ras mwen ki te menm laj avè mwen. Mwen te pi cho pase yo pou defann koutim zansèt nou yo. Men, Bondye fè m favè l, li mete m apa depi nan vant manman m, li rele m pou m te ka sèvi li. Konsa, lè se te lide l pou l te fè m konnen Pitit li a, pou m te ka anonse Bòn Nouvèl li a nan mitan moun ki pa jwif yo, wi, lè sa a, mwen pat al mande pèsonn konsèy. Mwen pat moute Jerizalèm nonplis pou m'al wè moun ki te apòt anvan m yo. Men, mwen te pati la menm pou peyi Arabi. Apre sa, mwen tounen tounen m lavil Damas. Sou twazan, mwen moute lavil Jerizalèm pou m te fè konesans ak Pyè. Mwen rete kenz jou lakay li. Lè sa a, mwen pat wè okenn nan lòt apòt yo, esèpte Jak, frè Senyè a. Sa m'ap ekri nou la a, se vre wi. Mwen pran Bondye pou temwen, mwen p'ap bay manti. Apre sa, mwen te ale nan peyi Siri ak Silisi. Pandan tout tan sa a, manm legliz Kris la ki te nan peyi Jide a pat ankò rekonèt mwen. Yo te sèlman konn tande moun ap di yo: Nonm ki t'ap pèsekite nou nan tan lontan an, kounyeya men l'ap mache anonse Bòn Nouvèl li te vle kraze a. Yo t'ap fè lwanj Bondye pou tèt mwen.