Esdras 7

7
Esdras Jerizalèm
1Kèk tan apre tout evènman sa yo, sou reny #1 Kwo 6.4-14 atagzèsès, lanperè peyi Lapès, te gen yon nonm yo te rele Esdras ki te soti nan branch fanmi Arawon. Papa li te rele Seraja. Seraja te pitit Azarya. Azarya te pitit Ilkija. 2Ilkija te pitit Chaloum, Chaloum te pitit Zadòk, Zadòk te pitit Achitoub. 3Achitoub te pitit Amarya, Amarya te pitit Azarya, Azarya te pitit Merajòt. 4Merajòt te pitit Zeraja, Zeraja te pitit Ouzi, Ouzi te pitit Bouki. 5Bouki te pitit Abichwa, Abichwa te pitit Fineas, Fineas te pitit Eleaza, Eleaza te pitit Arawon, granprèt la. 6Esdras #Esd 8.31; Ney 2.8; 8.1; 12.26 te yon nonm save ki te fò anpil nan lalwa Senyè a, lalwa Bondye pèp Izrayèl la te bay Moyiz la. Li t'ap travay ak wa a. Wa a te bay Esdras tou sa li te mande l, paske Senyè a, Bondye li a, t'ap pwoteje l. Se konsa li kite lavil Babilòn pou l moute lavil Jerizalèm. 7Anpil #Esd 2.43; 8.1-20 lòt moun nan pèp Izrayèl la, nan prèt yo, nan moun Levi yo, nan sanba yo, nan gad Tanp yo ak lòt travayè yo, te pran wout la moute lavil Jerizalèm ansanm ak li. Lè sa a, wa Atagzèsès te nan setyèm lanne reny li. 8Yo rive Jerizalèm nan senkyèm mwa setyèm lanne reny Atagzèsès la. 9Yo te kite lavil Babilòn premye jou nan premye mwa a. Epi yo rive lavil Jerizalèm premye jou nan senkyèm mwa a, avèk pwoteksyon Bondye. 10Esdras #Esd 7.25; Ney 8.1-8; Mal 2.7; Mat 23.2,3; Eze 26.7 te pase tout tan li ap etidye lalwa Senyè a. Li t'ap swiv tou sa ki ladan l. Li t'ap moutre pèp Izrayèl la tout lòd ak tout regleman Senyè a.
Otorizasyon Atagzèsès bay Esdras
11Men kopi lèt wa Atagzèsès te renmèt Esdras, ki te yon prèt ak yon nonm save. Li te dòktè nan zafè lalwa ak kòmandman Senyè a te bay pèp Izrayèl la.
12 # 7.12: Pran depi nan vèsè 12 la rive nan vèsè 26 la lèt la te ekri nan lang arameyen an. Men #Da 2.37; Rev 19.16 lèt Atagzèsès, gran wa a, te ekri bay Esdras, nonm save ki fò nan lalwa Bondye ki nan syèl la!
— Kounyeya, 13mwen bay lòd nan tout peyi m'ap gouvènen yo pou tout moun nan pèp Izrayèl la, nan prèt yo osinon nan moun Levi yo, ki vle ale avè ou lavil Jerizalèm, pou yo kite yo ale. 14Se #Estè 1.14 mwen menm, wa a, ansanm ak sèt konseye m yo ki voye ou al fè enspeksyon nan peyi Jida a ak nan lavil Jerizalèm pou ou wè ki jan moun yo ap swiv liv lalwa Bondye ki nan men ou lan. 15W'a #2 Kwo 6.2; Esd 8.25; Sòm 135.21 pran avè ou ajan ak lò wa a ansanm ak konseye l yo te fè lide bay pou Bondye pèp Izrayèl la, ki gen Tanp li lavil Jerizalèm. 16W'a #1 Kwo 29.6,9 pote tou tout ajan ak lò y'a ba ou nan tout pwovens Babilòn lan ansanm ak ofrann pèp la ak prèt yo te fè lide voye paske yo vle fè l pou kay Bondye a nan lavil Jerizalèm. 17Konsa, #Nonb 15.2-13; Det 12.5,11 avèk tout ajan sa a w'a achte towo bèf, belye mouton, jenn ti mouton ansanm ak grenn jaden, grenn danre, diven ak lwil ki pou mache ak yo. Epi w'a ofri yo sou lotèl la nan Tanp Bondye ou la ki lavil Jerizalèm. 18Avèk ajan ak lò ki va rete a, ou menm ak frè ou yo, n'a fè sa nou vle avè l, depi sa nou fè a dakò ak volonte Bondye nou an. 19W'a pran tout veso yo te renmèt ou nan men pou sèvi nan Tanp Bondye ou la, w'a mete yo nan Tanp lan lavil Jerizalèm, devan lotèl Bondye ou la. 20Si gen lòt bagay ou bezwen ankò pou Tanp Bondye ou la, ou mèt pran nan kès wa a pou achte yo.
21Mwen #Esd 7.6 menm, wa Atagzèsès, mwen pase lòd bay tout trezorye leta ki nan pwovens lòt bò larivyè Lefrat la, pou yo bay Esdras, prèt la, nonm save ki fò nan lalwa Bondye ki nan syèl la, tou sa l'a mande yo san pran reta, 22depi sa li mande a pa depase total sanvenmil lons lajan, sisansenkant barik ble, sisan galon diven, sisan galon lwil oliv. Pou disèl la, y'a ba li valè li bezwen. 23Se pou ou sèten yo bay tou sa Bondye ki nan syèl la mande pou Tanp li a, san manke anyen, pou Bondye pa janm fache sou mwen, ni sou pitit ki va gouvènen peyi a apre m.
24Epi #Esd 4.13,20 m-fè nou konnen yo pa gendwa fè ni prèt yo, ni moun Levi yo, ni sanba yo, ni gad Tanp yo, ni domestik yo, ni okenn lòt moun k'ap sèvi nan Tanp Bondye a, peye okenn taks, okenn kontribisyon ni okenn dwa lese pase.
25Ou #Egz 18.21,22; Det 16.18; Esd 7.10 menm menm, Esdras, avèk bon konprann Bondye ba ou a, w'a chwazi majistra ak jij pou gouvènen tout moun pèp Izrayèl yo k'ap viv dapre lalwa Bondye ou la, nan pwovens lòt bò larivyè Lefrat la. Si genyen ki pa konnen lalwa a, se pou ou fè yo aprann li. 26Tout moun ki pa mache dapre lalwa Bondye ou la osinon dapre lòd wa a bay la, se pou yo san pitye pou yo lè y'ap pini yo pou sa yo fè a. Sa pou yo touye y'a touye. Sa pou yo depòte y'a depòte. Sa pou yo fè peye amann y'a fè peye amann. Sa pou yo mete nan prizon y'a mete nan prizon!
Esdras fè lwanj Bondye
27#1 Kwo 29.10; Esd 6.22 sa a, Esdras di:
— Lwanj pou Senyè a, Bondye zansèt nou yo! Li mete nan tèt wa a lide pou l fè tout bèl bagay sa yo pou Tanp Senyè a lavil Jerizalèm. 28Li #Esd 9.9 fè m jwenn favè devan wa a, devan konseye l yo ak tout lòt gwo zotobre k'ap travay ak wa a. Li te ban m kouray, mwen te rive sanble tout chèf fanmi pèp Izrayèl la pou yo pati avè mwen!

Chwazi Kounye ya:

Esdras 7: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte