Esdras 6:1-12

Esdras 6:1-12 HAT98

Se konsa wa Dariyis bay lòd pou yo fè chache nan tout depo kote yo te sere achiv yo ak trezò yo nan peyi Babilòn. Epi yo jwenn yon woulo papye nan fò Achmeta, yon fòtrès ki te nan pwovens Medi a. Men sa ki te ekri nan woulo papye a: — Nan premye lanne reny li, wa Siris te bay lòd sa a sou Tanp Bondye a nan lavil Jerizalèm: Se pou yo rebati Tanp lan pou l ka sèvi kote yo ka touye bèt ak boule ofrann nan dife pou Bondye. Tanp lan va gen trant mèt wotè, trant mèt lajè. Y'a moute miray yo an bwa ak wòch, yonn sou lòt, twa ranje wòch pou chak ranje bwa. Y'a pran lajan nan kès wa a pou peye tout depans ki va fèt pou travay la. Konsa tou, y'a renmèt yo tout vèso an lò ak an ajan Nebikadneza te pran nan tanp Bondye a lavil Jerizalèm pou l te pote isit lavil Babilòn, pou tout bagay tounen nan plas yo nan Tanp Bondye a lavil Jerizalèm. Lè sa a, wa Dariyis voye repons sa a: — Pou Tatenayi, gouvènè pwovens lòt bò larivyè Lefrat la, Cheta-Boznayi ak lòt kòlèg yo ki otorite nan Afasak la. Pa pwoche bò Tanp lan. Kite yo travay nan Tanp Bondye a. Se pou gouvènè pèyi Jida a ak chèf fanmi yo rebati Tanp lan sou menm anplasman kote l te ye anvan an. Okontrè, men ki jan pou nou boule ak chèf fanmi pèp jwif yo nan travay y'ap fè pou rebati Tanp Bondye sa a: N'a pran lajan nan kès wa ki nan men nou an, ki vle di nan lajan kontribisyon n'a ranmase nan pwovens la, n'a renmèt yo kòb tout depans y'a fè, san wete senk, pou travay la pa rete. N'a bay prèt Jerizalèm yo tou sa y'a bezwen pou fè ofrann bèt pou yo boule nèt nan dife pou Bondye ki nan syèl la. Chak jou, dapre sa prèt lavil Jerizalèm yo va di nou, n'a ba yo jenn ti towo, belye, ti mouton ansanm ak ble, sèl, diven, lwil y'a bezwen pou boule pou Senyè a. Pa pote okenn neglijans nan sa. Konsa, y'a ka ofri sakrifis santi bon ki va fè Senyè a plezi. Y'a lapriyè pou wa a ak pou pitit li yo. Men yon lòd mwen bay ankò: si yon moun refize fè anyen nan sa m mande la a, y'a rache yon poto bwa nan kay li, y'a fè yon pwent li, y'a pèse moun lan pak an pak ak li. Pou kay li a menm, y'a fè l tounen yon pil fatra, poutèt sa li fè a. Se pou Bondye ki chwazi lavil Jerizalèm pou se la yo bati kay li a jete tout wa, kraze tout nasyon ki ta konprann pou yo pa koute lòd mwen bay la a, epi ki ta detwi Tanp Bondye a ki lavil Jerizalèm. Se mwen menm, Dariyis, ki bay lòd sa a. Se pou yo fè sa mwen bay lòd fè a san wete san mete.