Ezekyèl 8

8
DEZYEM VIZYON EZEKYEL TE FE A
(8—10)
Idolatri nan lavil Jerizalèm
1Nan senkyèm jou sizyèm mwa nan sizyèm #2 Wa 6.32; Eze 1.2,3 lanne depi yo te depòte pèp la, mwen te chita lakay mwen ansanm ak chèf pèp Jida yo ki te reyini lakay mwen. Mwen rete konsa mwen santi pouvwa Senyè a, Bondye Sèl Mèt la, desann sou mwen.
2Mwen #Eze 1.27 leve je m' gade, mwen wè yon fòm ki sanble ak yon moun. Depi nan ren li desann anba, kò li te kou yon flanm dife. Depi nan ren li moute anwo, li te klere tankou kwiv byen poli. 3Mwen #Det 32.16; Eze 2.9; 11.1,24; 2 Kor 12.2 wè l lonje men l tankou men yon moun, li pran m nan cheve. Nan vizyon an, li leve m byen wo nan syèl la, li mennen m lavil Jerizalèm, devan pòtay anndan ki bay sou bò nò a, kote yo te mete yon estati zidòl ki te lakòz Bondye ankòlè. 4La, #Eze 1.28; 3.23 mwen wè yon gwo bèl limyè ki te fè m konprann se Bondye pèp Izrayèl la ki te la, menm jan mwen te wè l nan fon an. 5Bondye di m' konsa:
— Ras Adan! Voye je ou gade nan nò!
Mwen vire je m' gade nan nò. Mwen wè toupre lotèl ki bò pòtay kote moun pase pou antre a, estati zidòl ki te lakòz Bondye ankòlè a. 6Bondye #2 Kwo 36.14 di m ankò:
— Nonm o! Eske ou wè sa y'ap fè? Gade tout bagay derespektan moun pèp Izrayèl yo ap plede fè pou yo fè m kite Tanp mwen an. Ou gen pou wè bagay ki pi mal pase sa toujou.
7Li pran m, li mennen m nan pòtay ki bay sou lakou anndan an, li moutre m yon twou nan miray la. 8Li di m konsa:
— Nonm o! Fè yon gwo twou nan miray la.
Mwen fè gwo twou a. Lèfini, mwen jwenn yon pòt.
9Li di m konsa:
— Louvri pòt la antre! Gade tout kalite vye bagay derespektan moun sa yo ap fè la a!
10 # 8.10: Dapre Liv Prensip lavi nan Bondye (Levitik), chapit 11, gen yon kalite bèt moun pèp Izrayèl yo pat gendwa manje. Si yo manje yo, sa te mete yo nan kondisyon pou yo pa kapab sèvi Bondye. Mwen #Wòm 1.23 antre, mwen gade. Tout miray la nèt te kouvri ak pòtre koulèv, pòtre tout kalite bèt yo pa gendwa manje ak pòtre lòt vye zidòl moun pèp Izrayèl yo ap sèvi. 11Swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl yo te kanpe la devan zidòl yo. Yonn ladan yo te Jazanya, pitit Chafan an. Yo chak te kenbe yon lansanswa nan men yo. Gwo lafimen lansan t'ap moute. 12Bondye #Sòm 10.11; Eza 29.15; Eze 9.9 di m konsa:
— Nonm o! Eske ou wè sa chèf fanmi pèp Izrayèl yo ap plede fè an kachèt? Yo rete ap fè sèvis nan yon chanm kay plen zidòl. Men eskiz yo bay: O wi! Bondye pa wè nou! Bondye vire do l bay peyi a!
13Apre sa, Senyè a di m ankò:
— Ou gen pou wè yo ap fè bagay ki pi derespektan toujou.
14Lè sa a, li mennen m bò pòtay nò Tanp lan, li moutre m yon bann fanm ki chita ap kenbe yon rè l lanmò pou zidòl yo rele Tamouz la. #8.14: Tamouz la: Se yon bondye moun yo te kwè ki reskonsab bay pitit, fè jaden donnen. Dapre kwayans yo, Tamouz mouri chak lanne lè sezon fredi pou li tounen vivan lanne ki vin apre a. Chak fwa y'ap fè sèvis lanmò pou li gen fanm ki la pou kenbe rèl la. 15Li di m konsa:
— Nonm o! Ou wè sa, pa vre? Ou gen pou ou wè gwo bagay pi derespektan ankò y'ap fè.
16Li #Egz 40.6; Jer 2.27; 8.2; Eze 9.2; Jowèl 2.17 mennen m nan lakou anndan Tanp lan. Mwen wè vennsenk nèg konsa kanpe bò pòt pou antre nan kote ki apa nèt pou Senyè a, nan mitan lotèl la ak galeri a. Yo te bay Tanp lan do. Fas yo vire bò solèy leve. Yo bese tèt yo byen ba, y'ap fè sèvis pou solèy la k'ap leve. 17Senyè a #Eze 7.23 di m konsa:
— Nonm o! Eske ou wè sa? Moun peyi Jida sa yo ap fè tout vye bagay derespektan y'ap plede fè yo. Y'ap mache fè mechanste nan tout peyi a. Men sa pa kont yo toujou, se pou yo vini jouk isit la nan Tanp lan pou fè yo, pou yo fè m pi move toujou. Men y'ap fè move jès pou derespekte m, yo mete yon ti branch bwa anba nen yo. #8.17: mete yon ti branch anba men yo: Nou pa konnen sa fraz sa a vle di. Se ka yon jès moun yo te konn fè lè y'ap fè sèvis pou solèy. 18Mwen #Pwo 1.28; Eza 1.15; Eze 5.11,13 menm tou mwen pral fè yo santi jan mwen move sou yo. Yo mèt rele byen fò nan zòrèy mwen. Mwen p'ap tande yo. Mwen p'ap gen pitye pou yo. Yo mèt rele jan yo vle nan zòrèy mwen, mwen p'ap pran priyè.

Chwazi Kounye ya:

Ezekyèl 8: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte