Sou bò nò, fontyè peyi a ap sòti bò lanmè Mediterane a, l'ap pran direksyon solèy leve jouk lavil Etlon, l'ap pase devan Amat, l'ap rive lavil Enon. L'ap kouri sou fontyè ant peyi Damas ak peyi Amat. Chak branch fanmi pèp la pral resevwa yon pòsyon tè k'ap sòti depi bò lanmè Mediterane sou lizyè solèy kouche a rive sou lizyè solèy leve a. Lè ou konmanse sou lizyè nò a, ou jwenn pòsyon tè branch fanmi Dann lan. Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Asè a. Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Neftali a. Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Manase a. Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Efrayim lan. Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Riben lan. Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Jida a. Apre pòsyon Jida a, se va pòsyon mitan y'a mete apa a. L'ap gen douz kilomèt edmi lajè sòti nan nò desann nan sid. L'ap menm longè ak pòsyon yo bay branch fanmi yo. L'ap sòti sou lizyè solèy leve rive sou lizyè solèy kouche. Se nan mitan pòsyon sa a y'a moute Tanp lan. Nan mitan pòsyon sa a, n'a wete yon moso tè douz kilomèt longè sou dizwit kilomèt lajè mete l apa nèt pou Senyè a.
Li Ezekyèl 48
Koute Ezekyèl 48
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Ezekyèl 48:1-9
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo