Ezekyèl 46

46
Ofrann wa a pou fèt lalin nouvèl
1Senyè sèl Mèt la di ankò:
— Se #Eze 44.1 pou yo kenbe pòtay bò solèy leve nan ti lakou anndan an fèmen pandan sis jou moun gendwa travay la. Men, y'a louvri l jou repo ak jou fèt lalin nouvèl lan. 2Wa a #Eze 40.38,39; 44.3; 45.19 va sòti nan gwo lakou deyò a, l'a antre nan gwo chanm ki nan bout koridò a, l'a kanpe bò poto pòtay yo. Prèt yo menm va boule ofrann ki pou boule nèt yo. Y'a fè ofrann pou di Bondye mèsi yo. Se la, bò pòtay la, wa a va mete ajenou pou adore Bondye. Apre sa, l'a sòti. Pòtay la va ret louvri jouk aswè. 3Chak #Lik 1.10 jou repo m yo ak chak fèt lalin nouvèl yo, se pou tout pèp la mete ajenou pou yo adore Senyè a devan pòtay la. 4Chak #Nonb 28.9,10; Eze 45.17 jou repo m yo se pou wa a ofri sis ti mouton ak yon belye mouton san okenn enfimite, pou yo boule nèt pou Senyè a. 5Avèk #Det 16.17; Eze 45.24 chak belye mouton, l'a ofri yon demi mezi grenn jaden. Avèk chak ti mouton, l'a bay sa l'a vle. Pou chak demi mezi grenn, l'a bay twaka yon mezi lwil oliv. 6Pou #Eze 45.18 fèt lalin nouvèl lan, l'a ofri yon jenn towo bèf, sis ti mouton ak yon belye mouton, yo tout san okenn enfimite. 7Pou chak towo bèf ak pou chak belye mouton, l'a ofri yon demi mezi grenn jaden. Pou chak ti mouton, l'a ofri sa li vle. Se pou l ofri twaka (¾) yon mezi lwil oliv pou chak demi mezi grenn li ofri. 8Lè wa a ap antre, se pou l pase nan gwo chanm ki nan bout koridò a. Lè l'ap sòti, se la pou l pase tou.
9Pou #Det 16.16 nenpòt fèt, lè pèp la ap vin adore Senyè a, moun ki pase nan pòtay nò a pou yo antre va pase nan pòtay sid la pou yo sòti. Moun ki pase nan pòtay sid la pou yo antre va pase nan pòtay nò a pou yo sòti. Pèsonn p'ap gendwa pase sòti kote li te pase antre a. Se pou l pase sòti nan pòtay anfas la. 10Wa a va kanpe avèk pèp la, l'a antre ansanm ak yo, l'a sòti ansanm ak yo. 11Pou jou fèt yo ak pou gwo seremoni yo, y'a ofri yon demi mezi grenn jaden pou chak towo bèf osinon pou chak belye mouton y'ap ofri. Pou chak ti mouton yon moun ap ofri, l'a bay sa l'a vle. Se pou yo bay twaka yon mezi lwil pou chak demi mezi grenn jaden.
12#Lev 1.3; 3.1; Det 23.23 wa a ap fè yon ofrann paske li vle fè l bay Senyè a, kit se yon ofrann pou yo boule nèt, kit se yon ofrann pou di Bondye mèsi, y'a louvri pòtay ki bay sou solèy leve nan ti lakou anndan an pou li. Se pou li fè ofrann li menm jan li fè l pou jou repo yo. Men, sòti li sòti, y'a fèmen pòtay la.
Ofrann chak jou yo
13Senyè a #Egz 29.38-40 di ankò:
— Chak maten, se pou yo ofri yon ti mouton ennan san okenn enfimite pou yo boule nèt pou Senyè a. Se pou yo fè ofrann sa a chak jou. 14Chak maten, y'a ofri tou senk liv farin frans ak yon boutèy ka lwil oliv y'a melanje ak farin lan. Se konsa pou yo fè ofrann sa yo bay Senyè a. Sa se yon lòd ki la pou toutan, ki p'ap janm chanje. 15Chak jou nan maten, san sote yon jou, se pou yo ofri ti mouton an, farin lan ak lwil la pou yo boule nèt pou Senyè a.
Byen wa a
16Senyè sèl Mèt la bay lòd sa a:
— Si wa a fè yonn nan pitit li yo kado yon moso nan tè li a, moso tè sa a ap toujou rete pou pitit la. Se va byen eritaj fanmi li. 17Men, #Lev 25.10; Eze 45.7 si wa a fè yon moun k'ap sèvi l kado yon moso nan tè li a, tè a ap tounen pou wa a ankò lè lanne rejwisans #46.17: lanne rejwisans: Dapre sa ki nan Liv lalwa a chak senkantan, tout moun nan pèp Izrayèl la ki t'ap sèvi esklav kay moun pèp Izrayèl parèy yo fèt pou yo lib. lan va rive. Paske, tè a se pou li. Se sèlman li menm ak pitit li ki ka mèt tè a pou toutan. 18Wa a #1 Wa 21.3,7; Eze 45.8 pa gendwa mete okenn moun nan pèp la deyò sou tè yo pou li pran l pou li. Se nan tè ki rele l pa l la pou l pran pou l bay pitit li. Konsa, li p'ap mete pèsonn deyò sou tè yo pou l pran tè a pou li.
Kizin Tanp lan
19Apre sa, nonm lan mennen m devan pòt ki toupre pòtay sid la, nan ti lakou anndan an. Pòt la te bay sou chanm yo mete apa pou prèt Bondye yo, sou bò nò a. Li moutre m yon espas nan fon an, sou bò solèy kouche chanm yo. 20Epi #2 Kwo 35.13; Eze 44.19 li di m:
— Men kote prèt yo va bouyi vyann bèt yo te touye pou mande Bondye padon osinon pou peye pou peche yo fè yo. Se la tou y'a kwit ofrann farin yo. Konsa, tou sa yo te mete apa pou Bondye p'ap janm sòti nan gwo lakou a kote yo te ka fè malè rive pèp la.
21Apre sa, li mennen m nan gwo lakou deyò a, li fè m pase nan kat kwen lakou a. Te gen yon ti lakou nan chak kwen. 22Antou, sa te fè kat ti lakou. Chak ti lakou sa yo te gen swasanntwit pye longè, karantwit pye lajè. 23Yo chak te gen yon miray wòch ki te fèmen yo. Nan pye miray yo, te gen yon seri fouye dife ki te fè wonn lakou a. 24Nonm #Eze 44.11 lan di m:
— Sa se kizin kote moun k'ap sèvi nan Tanp lan va bouyi vyann bèt pèp la ofri bay Bondye.

Chwazi Kounye ya:

Ezekyèl 46: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte