Ezekyèl 44

44
Pòtay bò solèy leve a
1Nonm lan mennen m bò pòtay ki bay sou bò #Eze 43.1 solèy leve a. Pòtay la te fèmen. 2Senyè a #Eze 43.4 di m konsa:
— Pòtay sa a fèt pou toujou ret fèmen. Piga yo janm louvri l. Pa janm kite pèsonn pase la. Paske se la mwen menm Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, mwen te pase. Se pou l toujou ret fèmen. 3Tansèlman, #Jen 31.54; Eze 34.24; 46.2,8 wa a gendwa vin chita la pou li manje pòsyon pa l nan manje ofrann lan devan m. L'a pase nan pòt ki nan gwo pyès nan bout koridò a pou l antre. Se la l'a sòti tou.
Moun ki gendwa antre nan Tanp lan
4Apre #Eze 1.28; 43.5 sa, nonm lan fè m sòti nan pòtay nò a. Rive devan Tanp lan, mwen leve je m gade, mwen wè Tanp Senyè a te klere nèt ak gwo limyè prezans Senyè a. Mwen lage kò m atè sou fas. 5Epi #Eze 40.4; 43.11 Senyè a di m konsa:
— Nonm o! Pran tèt ou! Louvri je ou gade byen. Louvri zòrèy ou tande. Mwen pral ba ou lòd ak regleman pou Tanp mwen an. Gade byen ki moun ki gendwa antre sòti nan Tanp lan, ki moun ki pa gendwa mete pye yo nan Tanp lan.
6Pale #Eze 2.5; 1 Pyè 4.3 ak bann moun tèt di pèp Izrayèl yo. Di yo, men mesay Senyè sèl Mèt la voye ba yo. Mwen p'ap tolere ankò tout vye bagay derespektan yo t'ap plede fè yo. 7Yo #Jer 9.26; Eze 23.39; Tra 7.51; 21.28 derespekte Tanp mwen an, yo kite moun lòt nasyon ki pa pote mak kontra mwen an nan kò yo, ni ki pa sòti pou fè volonte m, antre nan Tanp lan lè y'ap ofri grès ak san bèt yo touye pou mwen yo. Se konsa yo kase kontra mwen te pase ak yo a. Yo fè yon bann vye bagay derespektan ki pa fè m plezi. 8Yo #Nonb 18.2,3,5 derefize pran reskonsabilite fè sèvis pou mwen nan Tanp lan. Yo mete moun lòt nasyon pou fè sèvis pou yo nan Tanp lan.
9Men sa mwen menm, Senyè sèl Mèt la, mwen di: Okenn moun lòt nasyon ki pa pote mak kontra a nan kò yo, ni ki pa sòti pou fè volonte m, pa gendwa mete pye yo nan Tanp lan, pa menm lòt nasyon k'ap viv nan mitan pèp Izrayèl la.
Moun Levi yo pa fè pati prèt yo ankò
10Senyè a #Eze 4.4; 22.26; 48.11 di m ankò: Lè moun pèp Izrayèl yo te vire do ban mwen pou y'al sèvi zidòl yo, moun Levi yo te mete tèt yo ansanm ak pèp la. Se poutèt sa mwen pral pini yo pou sa yo fè a. 11Y'ap #Nonb 16.9; 1 Kwo 26.1; Eze 46.24 toujou sèvi m nan Tanp lan. Se yo menm ki pral reskonsab veye pòtay Tanp lan, se yo ki pral fè tout kalite ti travay ki pou fèt nan Tanp lan. Se yo ki pral touye bèt pèp la va vin ofri pou boule nèt nan dife ak pou lòt kalite ofrann. Se yo ki pral la pou sèvi pèp la. 12Tansèlman, #Sòm 106.26; Eze 14.3 paske yo te asepte fè sèvis pou pèp la devan zidòl yo, paske, lè yo fè sa, yo pòte pèp la tonbe pi rèd nan fè peche, mwen menm, Senyè sèl Mèt la, mwen fè sèman, m'ap pini yo pou sa yo fè a. 13Yo #Nonb 18.3; 2 Wa 23.9; Eze 32.30 pa gendwa pwoche kote m pou sèvi m prèt ankò, ni yo pa gendwa pwoche bò nenpòt bagay yo mete apa pou mwen, ni antre nan kote yo mete apa nèt pou mwen an. Men pinisyon m'ap ba yo pou tout vye bagay derespektan yo te fè a. 14M'ap #1 Kwo 23.28,32; Eze 40.45 ba yo lòt travay pou yo fè nan Tanp lan. M'ap mete yo reskonsab tout kalite travay k'ap fèt nan Tanp lan.
Prèt yo
15Senyè #Eze 43.19; 48.11 sèl Mèt la di m ankò:
— Prèt ki fè pati branch fanmi Levi a men ki sòti nan fanmi Zadòk la te toujou fè travay yo byen san melanj nan Tanp lan, lè tout rès pèp Izrayèl la menm te vire do ban mwen. Se poutèt sa, se yo menm ase ki ka pwoche vin fè sèvis pou mwen. Se yo menm ki gendwa kanpe devan m pou ofri m grès ak san bèt yo touye pou mwen yo. 16Se #Eze 41.22 yo menm ase ki pou antre nan Tanp mwen an, ki pou sèvi devan lotèl mwen an, ki pou fè sèvis pou mwen nan Tanp lan. 17#Egz 39.27-29 y'a antre nan pòtay ti lakou anndan Tanp lan, y'a mete rad fèt ak twal fen blan. Lè y'ap sèvi nan ti lakou anndan an osinon nan Tanp lan, yo pa fèt pou yo gen anyen fèt ak lenn sou yo. 18Konsa, yo p'ap janm swe. Y'ap mare tèt yo ak gwo mouchwa fèt ak twal fen blan. Y'ap mete pantalon fèt ak twal fen blan san sentiwon. 19Anvan #Egz 29.37; 30.29; Lev 6.11; Eze 42.14 yo sòti nan gwo lakou a, kote pèp la ye a, se pou yo wete rad ki te sou yo lè yo te desèvis nan Tanp lan. Y'a kite yo nan pyès yo mete apa pou sa a. Y'a mete lòt rad òdinè sou yo pou rad seremoni yo pa fè malè tonbe sou pèp la. #44.19: malè tonbe sou pèp la: Dapre kwayans moun sa yo, se pa nenpòt ki moun ki ka manyen bagay yo mete apa pou Bondye. Se prèt yo ase ki gendwa fè sa. Depi yon lòt moun fè l, malè ap rive l.
20Prèt #Lev 21.5 yo pa gendwa kale tèt yo, ni se pa pou yo kite cheve yo vin twò long. Se pou yo toujou taye cheve yo. 21Prèt #Lev 10.9 yo pa gendwa bwè diven jou pou yo antre nan ti lakou anndan an. 22Prèt #Lev 21.14 yo pa gendwa marye ak yon vèv osinon yon madanm divòse. Se pou yo marye ak yon jenn fi nan ras moun Izrayèl yo. Tansèlman, y'a gendwa marye ak vèv yon prèt parèy yo.
23Prèt #Lev 10.10,11 yo va moutre pèp mwen an diferans ki genyen ant sa yo mete apa pou sèvis mwen ak sa yo pa mete apa pou sèvis mwen, ant sa ki nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen ak sa ki pa nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. 24#Det 17.8,9; Eze 22.26 yon moun gen kont ak yon lòt, se prèt yo ki va jije yo dapre sa ki nan lalwa mwen an. Se yo ki pou òganize tout fèt mwen yo dapre lòd ak regleman mwen bay. Jou repo m yo, yo pa gendwa fè okenn travay.
25Prèt #Lev 21.1-3 yo pa fèt pou pwoche bò kadav moun mouri pou sa pa mete yo nan kondisyon yo pa ka fè sèvis pou mwen. Tansèlman, yo gendwa pwoche bò kadav papa yo, manman yo, pitit fi yo, pitit gason yo, frè yo osinon yon sè yo depi sè a pa marye. 26Apre #Nonb 19.11,12 la fin fè sèvis pou mete l nan kondisyon ankò pou sèvi m, se pou l tann sèt jou. 27Apre #Lev 4.3 sa, jou l'a gen pou l pran sèvis nan Tanp lan, l'a antre nan ti lakou anndan an, l'a fè ofrann pou mande Bondye padon pou peche l yo. Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki di sa.
28Prèt #Nonb 18.20; Eze 45.4 yo pa gen okenn pòsyon tè ki rele yo pa yo. Se mwen menm ki tout yo. Yo p'ap gen anyen nan peyi mwen bay pèp Izrayèl la k'ap rele yo pa yo. Se sèvis y'ap fè pou mwen an ki tout yo. 29Se #Nonb 18.9,10,14 yo ki va manje ofrann grenn jaden yo ak vyann bèt yo touye pou mande Bondye padon, ak vyann bèt yo touye pou repare sa pèp la fè ki mal. Tou sa y'a mete apa pou mwen, se pou yo la ye. 30Tou #Egz 23.19; Nonb 15.20; Eze 45.13,14; Mal 3.10 sa ki pi bon nan premye rekòt nou yo, tou sa n'a pran angajman pou ofri ban mwen, ak tout lòt ofrann n'a fè, se pou prèt yo y'a ye. Chak fwa n'ap kwit pen, se pou nou bay prèt yo premye pen an tankou ofrann, konsa benediksyon mwen va chita lakay nou. 31Prèt #Lev 22.8 yo pa gendwa manje okenn bèt, kit se zwazo, kit se lòt bèt, ki mouri mò natirèl osinon bèt nan bwa devore.

Chwazi Kounye ya:

Ezekyèl 44: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte