Ezekyèl 37

37
Fon zosman yo
1Mwen santi pouvwa Senyè a sou mwen #Eze 1.3; 3.12 ankò. Lespri Bondye a pran m, li mennen m nan yon fon ki te plen zosman. 2Li fè m pwonmennen nan tout fon an, nan mitan zosman yo. Mwen wè te gen anpil anpil zosman atè nan fon an. Zosman yo te fin chèch nèt. 3Li #Det 32.39; 1 Kor 15.35 di m' konsa:
— Ras Adan! Eske zosman sa yo ka tounen vivan ankò?
Mwen reponn:
— Senyè sèl Mèt la, se ou menm ki konnen!
4#Eze 6.2; Jan 5.28 sa a, li di m konsa:
— Bay mesay sa a pou zosman yo. W'a di zosman ki fin chèch yo pou yo koute pawòl Senyè a. 5Wi, men sa Senyè sèl Mèt la voye di yo: Mwen pral fè yon van soufle sou nou pou nou ka tounen vivan ankò. 6M'ap #Eze 6.7 mete venn sou nou, m'ap fè vyann pouse sou nou, m'ap kouvri nou ak po. M'ap mete souf nan nou, m'ap fè nou viv ankò. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Senyè a.
7Mwen bay mesay Bondye a jan li te ban m lòd la. Antan m'ap pale konsa, mwen tande yon gwo bri, zosman yo pran deplase jouk yo jwenn plas yo yonn bò kote lòt. 8Mwen gade, mwen wè zosman yo te gen venn sou yo. Vyann t'ap pouse sou yo. Lèfini po kouvri yo tout. Men pat gen souf nan yo. 9Bondye #Jòb 33.4 di mwen konsa:
— Ras Adan! Bay mesaj Bondye a, pale ak van an. #37.9: van an: Nan lang ebre a gen yon sèl mo ki vle di van, souf, lespri, dapre fraz kote yo jwenn li. W'a di li men mesaj Senyè sèl Mèt la voye ba li: Vini non! Soti nan kat kwen. Soufle sou tout mò yo. Fè yo yo tounen vivan ankò.
10Se #Rev 11.11 konsa, mwen bay mesay la, jan li te ban m lòd la. Souf la antre nan kadav yo, yo vin vivan ankò, yo kanpe sou de pye yo. Te gen anpil anpil moun, kont pou fè yon gwo lame.
11Bondye #Eza 49.14; Eze 33.10 di mwen:
— Ras Adan! Moun pèp Izrayèl yo tankou zosman sa yo. Y'ap di: Nou fin deperi, nou pa gen espwa ankò. Nou fini nèt. 12Se #Eza 26.19; Eze 36.24; Oze 13.14 poutèt sa, ba yo mesay sa a. Di yo konsa: Men sa mwen menm Senyè sèl Mèt la voye di yo: Mwen pral louvri tonm yo. Mwen pral fè yo sòti ladan yo, m'ap mennen yo tounen nan peyi Izrayèl la. 13Wi, m'a louvri tonm kote pèp mwen an te antere a, m'a fè yo sòti nan tonm yo. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Senyè a. 14M'ap #Eze 36.27,28 mete souf mwen nan yo, m'ap fè yo tounen vivan ankò. M'ap fè yo tounen nan peyi pa yo a. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm Senyè a ki pale. Sa m te di m'ap fè a, m'ap fè l vre. Se Senyè a menm ki di sa.
Jida ak Izrayèl pral fè yonn ankò
15Senyè a pale avè m ankò, li di m konsa:
16— Ras #Jen 48.13,14; Nonb 17.2; 2 Kwo 11.12-16; Zak 10.6 Adan! Pran yon moso bwa. Ekri sou li: Jida ak moun Izrayèl k'ap mache avè li yo. Lèfini, pran yon lòt moso bwa. Ekri sou li: Jozèf osinon Efrayim ak tout moun pèp Izrayèl k'ap mache avè l yo. 17Pran #Eza 11.13 de moso bwa yo, kole yo bout an bout, kenbe yo yon jan pou yo parèt tankou si se yon sèl bout bwa ou gen nan men ou. 18#Eze 24.19 moun pèp ou yo va mande ou: Manyè di nou sa sa vle di. 19W'a di yo: Men sa Senyè sèl Mèt la voye di nou: Mwen pral pran bout bwa ki kanpe pou Jozèf osinon Efrayim ansanm ak branch fanmi Izrayèl k'ap mache ak li yo, m'ap mete l ansanm ak bout bwa Jida a. M'ap fè yo fè yon sèl bout bwa. Epi, m'ap kenbe yo nan men mwen.
20Kenbe de bout bwa yo nan men ou pou tout pèp la ka wè yo. 21Lèfini, #Eze 36.24 w'a di yo: Men sa Senyè sèl Mèt la voye di yo: Mwen pral mache chache dènye moun pèp mwen an nan mitan tout nasyon kote yo te ale a. M'ap sanble yo sòti toupatou, m'ap mennen yo tounen nan peyi pa yo a. 22M'ap #Jer 3.18; Eze 34.24; 35.10; Oze 1.11 fè yo tounen yon sèl pèp nan peyi a ankò, sou mòn Izrayèl yo. Yo pral gen yon sèl wa pou gouvènen yo. Yo p'ap fè de peyi ankò. Yo p'ap fè de gouvènman ankò. 23Yo #Eze 14.11; 36.25 pa pral avili tèt yo ankò nan fè sèvis pou zidòl, nan fè bagay derespektan devan Bondye, nan fè sa yo pat gendwa fè. M'ap delivre yo anba tout zidòl ki te fè yo vire do ban mwen an, ki te fè yo fè peche a. M'ap mete yo nan kondisyon pou yo ka sèvi m ankò. Y'ap tounen yon pèp ki rele m pa m. Mwen menm, m'ap Bondye yo. 24Yon #Sòm 78.70,71; Jer 23.5; Eze 34.23; 36.27 wa, tankou David, sèvitè m lan, va chèf yo. Yo tout pral fè yonn anba yon sèl gadò. Y'a mache dapre lòd mwen ba yo, y'a fè tou sa mwen mande yo fè, y'a kenbe prensip mwen yo.
25Y'ap #Eza 60.21; Eze 28.25; 34.24; Jowèl 3.20; Jan 12.34 rete nan peyi mwen te bay Jakòb, sèvitè m lan, peyi kote zansèt yo te viv la. Yo pral viv la pou tout tan, yo menm, pitit yo ak pitit pitit yo pou tout tan. Se yon wa, tankou David, sèvitè m lan, ki pral gouvènen yo pou tout tan gentan. 26M'ap #Eza 55.3; Eze 34.25; 36.10; 43.7 pase yon kontra ak yo k'ap garanti yo lavi ak kè poze pou tout tan. M'ap mete yo kanpe ankò, m'ap fè yo peple. M'ap fè kay ki apa pou mwen an toujou rete la nan mitan yo. 27Se #Lev 26.11; 2 Kor 6.16; Rev 21.3 la m'ap viv avèk yo. Se mwen menm k'ap Bondye yo. Yo menm, se pèp ki rele m pa m lan y'ap ye. 28Wi, m'a fè kay ki apa pou mwen an toujou rete la nan mitan yo. Lè sa a, lòt nasyon yo va konnen se mwen menm, Senyè a, ki te chwazi pèp Izrayèl la pou l te ka viv apa pou mwen.

Chwazi Kounye ya:

Ezekyèl 37: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an