Se poutèt sa, ba yo mesay sa a. Di yo konsa: Men sa mwen menm Senyè sèl Mèt la voye di yo: Mwen pral louvri tonm yo. Mwen pral fè yo sòti ladan yo, m'ap mennen yo tounen nan peyi Izrayèl la. Wi, m'a louvri tonm kote pèp mwen an te antere a, m'a fè yo sòti nan tonm yo. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Senyè a. M'ap mete souf mwen nan yo, m'ap fè yo tounen vivan ankò. M'ap fè yo tounen nan peyi pa yo a. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm Senyè a ki pale. Sa m te di m'ap fè a, m'ap fè l vre. Se Senyè a menm ki di sa.
Li Ezekyèl 37
Koute Ezekyèl 37
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Ezekyèl 37:12-14
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo