Ezekyèl 37:1-14

Ezekyèl 37:1-14 HAT98

Mwen santi pouvwa Senyè a sou mwen ankò. Lespri Bondye a pran m, li mennen m nan yon fon ki te plen zosman. Li fè m pwonmennen nan tout fon an, nan mitan zosman yo. Mwen wè te gen anpil anpil zosman atè nan fon an. Zosman yo te fin chèch nèt. Li di m' konsa: — Ras Adan! Eske zosman sa yo ka tounen vivan ankò? Mwen reponn: — Senyè sèl Mèt la, se ou menm ki konnen! Lè sa a, li di m konsa: — Bay mesay sa a pou zosman yo. W'a di zosman ki fin chèch yo pou yo koute pawòl Senyè a. Wi, men sa Senyè sèl Mèt la voye di yo: Mwen pral fè yon van soufle sou nou pou nou ka tounen vivan ankò. M'ap mete venn sou nou, m'ap fè vyann pouse sou nou, m'ap kouvri nou ak po. M'ap mete souf nan nou, m'ap fè nou viv ankò. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Senyè a. Mwen bay mesay Bondye a jan li te ban m lòd la. Antan m'ap pale konsa, mwen tande yon gwo bri, zosman yo pran deplase jouk yo jwenn plas yo yonn bò kote lòt. Mwen gade, mwen wè zosman yo te gen venn sou yo. Vyann t'ap pouse sou yo. Lèfini po kouvri yo tout. Men pat gen souf nan yo. Bondye di mwen konsa: — Ras Adan! Bay mesaj Bondye a, pale ak van an. W'a di li men mesaj Senyè sèl Mèt la voye ba li: Vini non! Soti nan kat kwen. Soufle sou tout mò yo. Fè yo yo tounen vivan ankò. Se konsa, mwen bay mesay la, jan li te ban m lòd la. Souf la antre nan kadav yo, yo vin vivan ankò, yo kanpe sou de pye yo. Te gen anpil anpil moun, kont pou fè yon gwo lame. Bondye di mwen: — Ras Adan! Moun pèp Izrayèl yo tankou zosman sa yo. Y'ap di: Nou fin deperi, nou pa gen espwa ankò. Nou fini nèt. Se poutèt sa, ba yo mesay sa a. Di yo konsa: Men sa mwen menm Senyè sèl Mèt la voye di yo: Mwen pral louvri tonm yo. Mwen pral fè yo sòti ladan yo, m'ap mennen yo tounen nan peyi Izrayèl la. Wi, m'a louvri tonm kote pèp mwen an te antere a, m'a fè yo sòti nan tonm yo. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Senyè a. M'ap mete souf mwen nan yo, m'ap fè yo tounen vivan ankò. M'ap fè yo tounen nan peyi pa yo a. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm Senyè a ki pale. Sa m te di m'ap fè a, m'ap fè l vre. Se Senyè a menm ki di sa.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an