Ezekyèl 36

36
Pèp Izrayèl gen pou l kanpe ankò
1Senyè a di mwen ankò:
— Koulyeya, ras Adan! Men mesaj pou bay moun Izrayèl yo, koute sa Senyè a voye di nou. 2Wi, #Eze 35.10 men mesay mwen menm, Senyè sèl Mèt la, voye ban nou: Lènmi moun Izrayèl yo ap pase nou nan betiz, y'ap di: Tout ansyen mòn sa yo pou nou kounyeya! 3Se #Lam 2.15,16 poutèt sa, bay mesay sa a. Fè yo konnen sa mwen menm, Senyè sèl Mèt la, voye di yo: Lè nasyon ki sou fontyè nou yo te anvayi peyi Izrayèl la pou yo te piye l, pou yo pran l pou yo, tout moun t'ap pale sou nou, yo t'ap pase nou nan betiz. 4Enben, #Sòm 79.4; Eze 6.3 kounyeya, mòn peyi Izrayèl yo, koute sa Senyè sèl Mèt la voye di nou. Men mesay Senyè a bay pou tout mòn ak tout ti mòn, pou tout ravin ak tout fon nan peyi a, pou tout kay kraze moun yo kouri kite ak pou tout lavil yo ki tounen mazi. Moun lòt nasyon ki sou fontyè nou yo te piye nou, yo te pase nou nan betiz. 5Men #Det 4.24; Eze 25.6; 35.10,15 sa mwen menm, Senyè sèl Mèt la, di ankò: M'ap move anpil, m'ap denonse lòt nasyon ki sou fontyè nou yo. M'ap denonse tout moun nan peyi Edon an tou. Lè yo t'ap pran peyi mwen an pou yo te piye l nèt ale a, yo pat manke kontan, yo pat manke pase nou nan rizib.
6Se #Eze 32.24; 34.29 poutèt sa, men mesay pou ou bay peyi Izrayèl la. Pale ak tout mòn yo, tout ti mòn yo, tout ravin yo ak tout fon yo. Di yo: Men sa Senyè a voye di: Kounyeya mwen move, mwen fache, m'ap pale! Wi, nou te soufri lè lòt nasyon yo t'ap joure nou. 7Enben wi, men sa mwen menm, Senyè sèl Mèt la, di: Mwen leve men m' mwen sèmante, lòt nasyon ki sou fontyè nou yo pral peye pou jan yo te pase nou nan betiz la. 8Men, sou tout mòn peyi Izrayèl yo, pyebwa yo pral fè fèy ankò, y'ap donnen pou nou menm, pèp mwen an, pèp Izrayèl la. Paske nou pa lwen tounen nan peyi nou. 9Paske #Oze 2.23 mwen kanpe la avèk nou. Mwen pral swen nou. Tè jaden nou yo pral raboure, yo pral plante. 10Mwen #Eza 61.4; Jer 30.19; Am 9.14 pral fè tout moun fanmi pèp Izrayèl yo peple, yo pral vin anpil. Tout lavil yo pral plen moun. Yo pral rebati tout kay ki te kraze yo. 11Mwen #Jer 31.27; Eze 16.55 pral fè ni moun ni bèt peple nan peyi a. Yo pral vin anpil, y'ap fè anpil pitit, m'ap fè nou rete kote nou te konn rete anvan an. M'ap fè nou viv pi byen pase jan nou te konn viv la. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Senyè a. 12M'ap #Jer 15.7; Abd 17 mennen nou tounen, nou menm moun pèp Izrayèl yo, pou nou ka viv nan peyi nou an. Nou pral pran peyi a pou nou. Peyi a pral rele nou pa nou. Li p'ap janm kite pitit li yo mouri ankò.
13Men #Nonb 13.32; Eze 5.17 sa Senyè sèl Mèt la di ankò:
— Yo te mache di: Peyi a ap manje moun li yo. L'ap touye tout pitit moun ki rete ladan l yo. Se te vre. 14Men, depi jòdi a, peyi a p'ap manje moun li yo ankò, li p'ap touye pitit moun ki rete ladan l yo. Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki di sa. 15M'ap fè lòt nasyon yo sispann pase nou nan betiz. Nou p'ap tande jouman yo nan zòrèy nou ankò. Yo p'ap lonje dwèt sou nou ankò pou fè nou wont. Peyi a p'ap touye pitit li yo ankò. Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki di sa.
Bondye pral sanble pèp li a ankò
16Senyè a pale avè m ankò, li di m konsa:
17— Ras #Lev 15.19; 18.25 Adan! Lè moun Izrayèl yo rete nan peyi yo a, yo mennen bak yo yon jan pou mete peyi a nan kondisyon pou li pa ka fè sèvis Bondye ankò. Lavi yo t'ap mennen an te mete yo nan kondisyon yo pa te ka fè sèvis pou mwen. Nan je mwen, yo te menm jan ak yon fi ki gen lalin ni. #36.17: fi ki gen lalin ni: Dapre sa ki nan Liv Prensip lavi ak Bondye a (Levitik), chapit 15, vèsè 19. 18Se #Eze 16.36 poutèt sa mwen fè yo santi jan mwen ka move sou yo, paske yo te fè anpil san koule nan peyi a, yo te mete zidòl toupatou. Konsa yo te mete peyi a nan kondisyon pou l pat ka fè sèvis pou mwen ankò.
19Mwen #Eze 18.30; 22.15 gaye yo nan mitan lòt nasyon yo. Mwen simaye yo nan tout peyi etranje yo. Mwen pini yo pou jan yo te mennen bak yo mal ak pou tou sa yo te fè. 20Nan #Eza 52.5; Wòm 2.24 tout peyi kote yo rive, yo lakòz moun derespekte non mwen ki yon non apa. Yo fè moun ap di sou yo: Men pèp Senyè a wi! Yo blije sòti kite peyi li te ba yo a! 21Sa #Eze 20.9 te ban m tèt chaje pou m te wè jan moun pèp Izrayèl yo te lakòz moun t'ap derespekte non m nan tout peyi kote yo pase.
22Se #Det 9.5; Sòm 106.8 poutèt sa, w'a di moun pèp Izrayèl yo: Men mesay Senyè sèl Mèt la voye ba yo: Sa m pral fè a, se pa pou tèt nou m'ap fè l, tande. Se poutèt non mwen ki yon non apa, non nou te trennen nan labou nan tout peyi kote nou pase yo. 23Menm #Eze 20.41; 38.23 jan nou te trennen non m nan labou nan mitan lòt nasyon yo, konsa m pral sèvi ak nou pou fè lòt nasyon yo wè jan m gen pouvwa, jan m se yon Bondye ki apa. Lè sa a, nasyon yo va konnen se mwen menm ki Senyè a. 24M'ap #Eze 34.13 wete nou nan mitan nasyon yo, m'ap sanble nou sòti nan tout peyi yo, m'ap mennen nou tounen nan peyi pa nou an. 25M'ap #Eza 4.4; Jer 33.8; Eze 37.23; Eb 10.22 benyen nou nan bon dlo klè pou nou ka vin nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. M'ap mete nou nan kondisyon pou sèvi m, m'ap wete tout vye bagay derespektan nou t'ap fè yo ak tout zidòl nou yo. 26M'ap #Eze 11.19; 2 Kor 3.3 mete lòt santiman nan kè nou. M'ap mete lòt lide nan tèt nou. M'ap wete tèt di nou an, m'ap fè nou tande lè m pale nou. 27M'ap #Eze 11.20; 37.14,24 mete Lespri m nan nou, konsa m'ap fè nou mache dwat dapre lòd mwen ban nou, pou nou fè tou sa mwen mande nou fè. N'a kenbe prensip mwen yo. 28#Jer 30.22; Eze 28.25 sa a, n'a rete nan peyi mwen te bay zansèt nou yo. Se nou menm ki pral pèp ki rele m pa mwen. Mwen menm se Bondye nou m'ap ye. 29M'ap #Eze 34.29; 37.23; Jowèl 2.19 delivre nou anba tout vye bagay mal nou t'ap fè yo. M'ap bay ble yo lòd pou yo donnen anpil. Konsa mwen p'ap janm voye grangou sou nou ankò. 30M'ap #Eze 34.27 fè pye fwi nou yo ak jaden nou yo donnen an kantite. Konsa, nou p'ap nan grangou, nou p'ap wont ankò devan lòt nasyon yo. 31#Eze 6.9 sa a, n'a chonje jan nou te mennen bak nou mal, jan nou te fè sa ki pat bon menm. Nou pral gen degoutans pou tèt nou paske nou te fè mechanste ak anpil bagay lèd devan Bondye. 32Nou menm, moun Izrayèl yo, men sa Senyè sèl Mèt la di nou: Mwen vle fè nou konnen se pa poutèt nou m'ap fè sa m'ap fè a. Non! Okontrè, se wont pou nou ta wont, se bese pou nou ta bese je nou pou sa nou te fè.
33Men #Eze 36.10 sa Senyè sèl Mèt la di: Jou m'a mete nou nan kondisyon pou sèvi m lan, lè m'a wete nou anba tout peche nou yo, m'a kite nou al rete nan lavil nou yo, m'a kite nou rebati kay kraze nou yo. 34Tout #Eze 36.9 moun k'ap pase bò jaden nou yo te wè jan yo te ravaje, jan yo te tounen dezè. Men, mwen pral fè nou travay jaden nou yo ankò. 35Konsa #Eza 51.3 tout moun va di: Gade peyi ki te ravaje a non! Kounyeya, li tounen yon bèl jaden tankou jaden Edenn lan. Gade jan lavil ki te fin kraze, piye, demoli yo tounen bèl lavil ak gwo ranpa plen moun non! 36#Sòm 126.2; Eze 17.24 sa a, rès moun lòt nasyon sou fontyè nou yo ki chape anba lanmò va konnen se mwen menm, Senyè a, ki rebati tout lavil ki te kraze yo, se mwen menm ki replante jaden ki te ravaje yo. Se mwen menm, Senyè a, ki pale. Sa mwen di m'ap fè a, m'ap fè l!
37Senyè #Eze 14.3; 34.31; 36.10 sèl Mèt la pale, li di: M'ap kite moun pèp Izrayèl yo vin mande m sekou. M'ap kite yo peple tankou yon bann mouton. 38Lavil ki te fin kraze yo pral plen moun tankou lavil Jerizalèm plen mouton yo mennen pou touye pou Bondye lè jou fèt yo. Lè sa a, tout moun va konnen se mwen menm ki Senyè a.

Chwazi Kounye ya:

Ezekyèl 36: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte