Ezekyèl 34

34
Mesay pou chèf pèp Izrayèl yo
1Senyè a pale avè m, li di m konsa:
2— Ras #Jer 23.1; 2 Kor 12.14; Jid 12 Adan! Bay mesaj sa a sou tout chèf reskonsab pèp Izrayèl la. Di yo men mesaj Senyè sèl Mèt la voye ba yo: Madichon pou gadò pèp Izrayèl yo! Yo te mete yo la pou yo swen pèp la, men se pwòp tèt yo ase yo konnen. 3Nou #Zak 11.4,5 tire mouton yo bwè lèt yo, nou taye lenn sou do yo fè rad mete sou nou, nou touye pi gra yo manje. Men nou pa janm swen twoupo yo. 4Nou #Zak 11.16; Mat 18.12; 1 Pyè 5.3 Nou pa bay sa ki mèg yo manje pou yo pran fòs. Nou pa swen sa ki malad yo. Nou pa panse sa ki blese yo. Nou pa al chache sa ki pèdi yo. Lekontrè, nou sèvi ak pozisyon chèf nou pou nou kraze yo. 5Paske #Jer 50.6,7; Mat 9.36 mouton yo te san gadò, yo gaye nan raje yo, bèt nan bwa touye yo. 6Se konsa mouton yo gaye sou gwo mòn yo ak sou ti mòn yo. Mouton yo gaye toupatou sou latè. Pèsonn pa okipe yo, pèsonn pa chache kote yo ye.
7Se poutèt sa, nou menm gadò ki reskonsab pèp Izrayèl la, koute sa Senyè a voye di nou. 8Jan #Eza 56.9 nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, k'ap pale. Bèt nan bwa atake mouton m yo, yo devore yo, paske yo te san gadò. Gadò m yo pa fè anyen pou mouton m yo. Se tèt pa yo ase yo konnen. Yo pa swen mouton m yo. 9Konsa, nou menm gadò pèp la, koute pawòl mwen menm, Senyè a, m'ap di nou. 10Wi, #Eze 3.18; 13.21; Zak 11.8; Eb 13.17 men sa mwen menm, Senyè sèl Mèt la, voye di nou: M'ap leve dèyè nou! M'ap wete mouton yo nan men nou. Mwen p'ap kite nou reskonsab mouton m yo ankò. Konsa nou p'ap rete chita ap angrese tèt nou ase sou do mouton m yo. Wi, m'ap wete moutou m yo anba dan nou. Nou p'ap ka pwofite sou yo ankò.
Pawoli bon gadò a
11Men #Lik 19.10; Jan 10.11 sa Senyè sèl Mèt la di ankò:
— Se mwen menm menm ki pral chache mouton m yo pou m swen yo. 12Menm #Eze 30.3 jan yon gadò mache swen mouton l yo ki te gaye, konsa m'ap mache sanble tout mouton m yo, m'ap pran yo tout kote yo te gaye yo depi jou fènwa a, jou gwo malè a, m'ap fè yo tounen. 13M'ap #Jer 23.3; Eze 11.17; 36.4,24 fè yo sòti nan mitan moun lòt nasyon yo, m'ap sanble yo, m'ap mennen yo tounen nan pwòp peyi pa yo. M'ap mennen yo vin manje sou tout mòn peyi Izrayèl yo, nan fon yo, tout kote moun ka rete nan peyi a. 14M'ap #Sòm 23.2; Eza 32.18; 40.11; Jer 33.12; Jan 10.9 kite yo manje nan bon jaden zèb. Sou tout mòn byen wo nan peyi Izrayèl la, yo pral jwenn kote pou yo rete san danje. Se la yo pral poze kò yo, yo pral jwenn kont zèb vèt yo sou tout mòn peyi Izrayèl yo. 15Se mwen menm ki pral okipe mouton m yo. Se mwen menm k'ap jwenn yon kote pou yo poze. Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki di sa.
16M'ap #Mi 4.6 chache sa ki pèdi yo. Sa ki gaye kite bann yo, m'ap fè yo tounen pran plas yo. M'ap panse sa ki blese yo. Sa ki malad yo, m'ap geri yo. Men sa ki gra yo, sa ki byen gwo yo, m'ap touye yo. M'ap swen mouton mwen yo jan mwen dwe swen yo a.
17Pou #Eze 20.38; Zak 10.3; Mat 25.32 nou menm, mouton m yo, men sa mwen menm, Senyè sèl Mèt la, mwen voye di nou. Mwen pral jije nou chak. M'ap mete bon yo yon bò, move yo yon bò, belye mouton yo yon bò, bouk kabrit yo yon bò. 18Genyen nan mitan nou, se yo ase ki pou manje pi bon zèb yo. Men, sa pa kont yo toujou. Se pou yo pilonnen anba pye yo sa ki pa manje yo. Se yo ase ki pou bwè bèl dlo fre. Men sa pa kont yo toujou, fòk yo sal rès dlo a ak pye yo. 19Konsa, rès mouton m yo blije manje zèb lòt yo te pilonnen anba pye yo. Yo blije bwè rès dlo lòt yo te sal ak pye yo. 20Se konsa, kounyeya, men sa mwen menm, Senyè sèl Mèt la, mwen voye di nou: Mwen pral jije mouton gra yo ak mouton mèg yo. 21Nou pouse mouton ki san fòs yo sou kote, nou ba yo kou ak dèyè nou, ak pòtray nou, ak kòn nou jouk nou mete yo deyò, nou fè yo kite bann lan. 22Men, m'ap vin sove mouton m yo, m p'ap kite nou fè piyay sou do yo ankò. Se mwen menm k'ap jij nan mitan nou. 23M'ap #Sòm 78.70-72; Jer 23.4; Eze 37.24; Mi 5.4 ba yo yon wa k'ap tankou David, sèvitè m lan. Se li menm ki pral okipe yo, k'ap mennen yo manje. Se li menm k'ap gadò yo. 24Se #Jer 23.5; 30.9; Eze 37.25,27 mwen menm, Senyè a, k'ap Bondye yo. Se yon wa, tankou David sèvitè m lan, ki va sèl chèf nan mitan yo. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa. 25M'ap #Lev 26.6; Eza 54.10; Eze 37.26; 38.8 pase ak yo yon kontra k'ap garanti yo kè poze, m'ap fè tout bèt nan bwa disparèt nan peyi a. Konsa mouton m yo va rete san pwoblèm nan savann yo, y'a dòmi nan rakbwa yo.
26M'ap #Lev 26.4; Eza 19.24; Zak 8.13 fè yo rete tout bò ti mòn ki apa pou mwen an. #34.26: ti mòn ki apa pou mwen an: Ki vle di Mòn Siyon an. M'ap beni yo, m'ap ba yo bèl lapli lè pou lapli tonbe. 27Pyebwa #Sòm 85.12; Jer 30.8; Eze 36.30 nan jaden yo va donnen, jaden yo va bay bèl rekòt, tout moun pral viv ak kè poze nan peyi yo a. Lè m'a wete chenn lan nan kou yo, lè m'a delivre yo anba men moun ki te fè yo tounen esklav, lè sa a y'a konnen se mwen menm ki Senyè a. 28Moun lòt nasyon p'ap piye yo ankò. Bèt nan bwa p'ap devore yo ankò nan peyi a. Yo pral rete lakay yo san danje. Pèsonn p'ap vin chache yo kont. 29M'ap ba yo bon venn tè nan jaden yo. Moun p'ap mouri grangou nan peyi a ankò. Lòt nasyon yo p'ap pase yo nan betiz ankò. 30Tout moun va konnen se mwen menm Senyè a, Bondye yo a, ki kanpe la avèk yo. Yo menm, moun fanmi Izrayèl yo, se pèp pa m lan menm yo ye. Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki di sa.
31Nou #Sòm 100.3 menm, moun, se mouton mwen nou ye, bann mouton m'ap okipe yo. Mwen menm, se Bondye nou mwen ye. Se Senyè sèl Mèt la ki di sa.

Chwazi Kounye ya:

Ezekyèl 34: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte