Men sa Senyè sèl Mèt la di ankò: — Se mwen menm menm ki pral chache mouton m yo pou m swen yo. Menm jan yon gadò mache swen mouton l yo ki te gaye, konsa m'ap mache sanble tout mouton m yo, m'ap pran yo tout kote yo te gaye yo depi jou fènwa a, jou gwo malè a, m'ap fè yo tounen. M'ap fè yo sòti nan mitan moun lòt nasyon yo, m'ap sanble yo, m'ap mennen yo tounen nan pwòp peyi pa yo. M'ap mennen yo vin manje sou tout mòn peyi Izrayèl yo, nan fon yo, tout kote moun ka rete nan peyi a. M'ap kite yo manje nan bon jaden zèb. Sou tout mòn byen wo nan peyi Izrayèl la, yo pral jwenn kote pou yo rete san danje. Se la yo pral poze kò yo, yo pral jwenn kont zèb vèt yo sou tout mòn peyi Izrayèl yo. Se mwen menm ki pral okipe mouton m yo. Se mwen menm k'ap jwenn yon kote pou yo poze. Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki di sa. M'ap chache sa ki pèdi yo. Sa ki gaye kite bann yo, m'ap fè yo tounen pran plas yo. M'ap panse sa ki blese yo. Sa ki malad yo, m'ap geri yo. Men sa ki gra yo, sa ki byen gwo yo, m'ap touye yo. M'ap swen mouton mwen yo jan mwen dwe swen yo a.
Li Ezekyèl 34
Koute Ezekyèl 34
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Ezekyèl 34:11-16
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo