Ezekyèl 26

26
Mesay sou peyi Tir
1Nan premye jou mwa a nan onzyèm #Eze 24.1 lanne depi yo te depòte nou an, Senyè a pale avè m, li di m konsa:
2— Nonm #Eza 23.1-18; Jowèl 3.4-6; Am 1.9,10 o! Lavil Tir pat manke kontan. Men sa li t'ap di sou lavil Jerizalèm:
Li fini! Li pa ka fè gwo kòmès li te konn fè anvan an.
Kounyeya, wout kòmès la louvri gran louvri pou mwen.
Pa gen angenn lavil Jerizalèm ankò.
3Enben, men sa Senyè sèl Mèt la di:
— M'ap leve dèyè nou tou, nou menm moun lavil Tir.
Mwen pral mennen anpil nasyon vin atake nou.
Yo pral vin sou nou yonn apre lòt tankou lanm lanmè.
4Yo pral kraze miray ranpa lavil yo.
Y'ap demoli gwo fò won yo.
Lèfini, m'ap pote tout pousyè a ale.
M'ap kite wòch yo grinyen konsa.
5Pechè yo pral mete senn cheche sou yo,
l'a kote lavil la te kanpe nan mitan lanmè.
Se mwen menm Senyè sèl Mèt la ki di sa.
Nasyon yo pral piye lavil la.
6Yo pral touye tout moun k'ap viv nan lòt lavil ki nan rès peyi a ak nepe.
Lè sa a, lavil Tir va konnen se mwen menm ki Senyè a.
7Men #Esd 7.12; Eze 29.18; Da 2.37 sa Senyè sèl Mèt la di:
— Mwen pral voye Nebikadneza, wa Babilòn lan,
pi gran wa pase tout wa yo, vin atake Tir.
L'ap sòti nan nò avèk chwal, cha lagè,
kavalye ak yon gwo lame sòlda.
8Li #Eze 21.22 pral touye tout moun k'ap viv nan lòt lavil ki nan rès peyi a.
Li pral fouye gwo kannal,
li pral anpile ranble tout arebò ou.
Li pral moute yon miray ak plak fè pou pare kou.
9Li pral frape sou miray yo avèk gwo poto.
Li pral demoli gwo fò won yo ak gwo pens fè.
10Tèlman pral gen chwal,
chwal yo pral leve yon gwo nyaj pousyè dèyè yo ki pral kouvri lavil la.
Lè kavalye l yo ap pase sou chwal yo,
lè cha lagè yo ak kabwa pwovizyon yo ap pase antre nan pòtay ou yo,
miray yo pral tranble.
Yo pral antre nan lavil la tankou si miray yo te tonbe.
11Nou pral tande bri zago chwal li yo nan tout lari yo.
L'ap fè yo touye tout moun ak nepe.
Bèl gwo poto solid ou yo pral tonbe atè.
12Yo #Eze 27.12-24 pral pran tout richès ou yo,
yo pral piye tout machandiz ou yo.
Y'ap kraze tout miray ou yo, y'ap demoli tout bèl kay ou yo.
Y'ap pran wòch yo, bwa yo ak tout rès demoli yo,
y'ap jete yo nan lanmè.
13M'ap #Eza 24.8; Rev 18.22 fè nou sispann chante.
Yo p'ap tande mizik gita nou yo ankò.
14Lavil la pral tounen yon gwo pil wòch,
se la pechè yo pral cheche senn yo.
Yo p'ap janm rebati lavil la ankò.
Se mwen menm, Senyè a, ki pale. Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki di sa.
15Men #Jer 51.52; Eze 27.35; 31.16 sa Senyè sèl Mèt la voye di moun lavil Tir yo: Lè lavil la va tonbe nan men lènmi l yo, lè y'a pran masakre moun ladan l, lè moun y'ap touye yo ap rele, moun ki rete tout bò gwo lanmè a va tranble. 16Tout #Jòb 2.13; Eza 23.8; Eze 32.10; Jo 3.6 wa peyi k'ap fè kòmès sou lanmè a ap desann sòti sou fòtèy yo, y'ap wete gwo manto ak bèl rad bwode ki te sou yo. Yo pral chita atè sitèlman y'ap pè. Yo pral sitèlman sezi wè sa ki rive nou, y'ap tranble san rete. 17Yo #Eze 19.1 pral plenn sò ou. Yo pral di:
— Gade yon malè! Gwo lavil la disparèt!
Tout batiman l yo koule!
Jan moun lavil sa yo te mèt lanmè a!
Yo te fè tout moun ki rete bò gwo lanmè a pè yo.
18Kounyeya, tout moun bò gwo lanmè yo ap tranble
lè y'a wè ou tonbe nan men lènmi ou yo.
Wi, moun ki rete bò gwo lanmè a
p'ap konn sa pou yo fè
lè y'a wè jan ou fini an!
19Paske, men sa Senyè sèl Mèt la di:
— M'ap fè ou tounen yon dezè, tankou lavil kote pa gen moun rete.
M'ap fè dlo lanmè a leve dèyè ou,
l'ap kouvri ou nèt ale.
20M'ap #Eze 32.18 fè nou desann nan peyi kote mò yo ye a, m'ap voye nou al jwenn moun ki mouri depi lontan yo. M'ap fè nou al rete nan peyi ki anba tè a, kote nou pral rete pou kont nou, pou tout tan ansanm ak moun ki mouri deja yo. Konsa, nou p'ap gen plas nou ankò sou latè pami vivan yo. 21Mwen #Eze 27.36 pral fè tout moun pè lè yo wè sa ki rive nou. Se konsa n'a fini. Moun va chache nou, men yo p'ap janm jwenn nou. Se Senyè sèl Mèt la ki di sa.

Chwazi Kounye ya:

Ezekyèl 26: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte