Ezekyèl 17:1-10

Ezekyèl 17:1-10 HAT98

Senyè a pale avè m ankò, li di m konsa: — Ras Adan! Bay moun Izrayèl yo yon pawoli. Rakonte yo yon parabòl. Di yo men mesay Senyè sèl Mèt la voye ba yo: Vwala, se te yon gwo gwo malfini ak zèl li yo byen laj. Plim li yo te long epi yo te tout kalite koulè. Li vole l'ale nan peyi Liban, li kase tèt yon pye sèd. Li pran l, li pote l ale nan yon peyi kote moun se trafik ase y'ap fè la. Li mete l nan yon lavil kote se kòmèsan ase ki rete la. Lèfini, li pran yon ti plan nan peyi Izrayèl la, li plante l nan yon bon venn tè, toupre yon larivyè ki toujou plen dlo, pou l ka grandi tankou yon pye sikren. Ti plan an pran, li fè yon bèl pye rezen ki pa twò wo. Branch li yo grandi, yo moute nan direksyon malfini an, men rasin li yo menm desann fon anba tè. Li bay yon bèl pye rezen ak anpil branch plen fèy. Te vin gen yon lòt gwo malfini ak gwo zèl byen laj ak anpil plim sou li. Lè sa a, pye rezen an pouse rasin nan direksyon malfini sa a. Li vire tout branch li yo nan direksyon l tou. Li te konprann malfini sa a ta pral wouze l pi byen pase jaden kote l te plante a. Men, pye rezen an te deja plante nan yon bon venn tè, kote yon kannal ki toujou gen dlo, pou l te ka fè fèy, pou l te ka donnen, pou li te ka rive fè yon bèl pye rezen. Di yo men mesay Senyè sèl Mèt la voye ba yo: Eske pye rezen an ap grandi vre? Eske premye malfini an p'ap dechouke l, rache tout grap rezen l yo, kase tout branch li yo pou yo mouri? Li p'ap bezwen anpil fòs ni yon lame moun pou l dechouke l. Wi, yo te plante l. Men, eske l'ap grandi? Eske li p'ap mouri lè van lès la va soufle sou li? Eske li p'ap mouri lamenm kote li t'ap pouse a?

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an