Ezekyèl 1:1-28

Ezekyèl 1:1-28 HAT98

Nan senkyèm jou, katriyèm mwa nan trantyèm lanne an, mwen menm Ezekyèl, mwen t'ap viv ansanm ak moun yo te depòte yo, bò larivyè Keba nan peyi Babilòn. Jou sa a, syèl la louvri devan je m, mwen wè Bondye nan yon vizyon. Wa Jojakin te gen senkan depi yo te depòte l. Antan Ezekyèl, pitit Bouzi, yon prèt Bondye, te la bò larivyè Keba nan peyi Babilòn, li tande Senyè a pale avè l. Li santi pouvwa Senyè a sou li. Mwen leve je m gade, mwen wè yon gwo van tanpèt k'ap vini sòti nan nò. Zèklè t'ap fè yanyan nan yon gwo nyaj. Syèl la te klere tout arebò nyaj la. Nan mitan nyaj la menm kote zèklè yo t'ap fèt la, te gen yon limyè ki te klere tankou kristal. Mwen wè kat kreyati nan mitan van an ki ta vle sanble ak kat moun. Yo chak te gen kat figi ak kat zèl. Janm yo te byen dwat, men pye yo te tankou zago bèf. Yo te klere tankou kwiv poli. Anba chak zèl te gen yon men moun. Konsa, yo chak te gen kat zèl, kat figi, kat men, yonn nan chak direksyon. De an zèl yo te louvri nèt. Kreyati yo menm te fè yon kare. Pwent zèl yo te kontre yonn ak lòt. Lè y'ap mache, yo deplase ansanm nan menm direksyon, san vire kò yo. Chak kreyati te gen kat figi: yon figi moun sou devan, yon figi lyon sou bò dwat, yon figi bèf sou bò gòch ak yon figi malfini sou dèyè. Chak kreyati te louvri de nan zèl yo. Yo leve yo jouk pwent zèl yo kontre ak pwent zèl lòt ki bò kote yo a. Yo te kouvri kò yo ak de lòt zèl yo. Chak kreyati t'ap gade nan tout kat direksyon yo. Konsa yo te kapab mache ansanm pou y'ale kote Lespri Bondye pouse yo ale san yo pa te bezwen vire kò yo. Nan mitan kat kreyati yo, ou ta di yon gwo boukan dife ak gwo flanm tankou flanm bwa chandèl tou limen ki t'ap ale vini. Dife a te klere anpil. Te gen zèklè ki t'ap soti ladan li. Kreyati yo menm t'ap kouri ale vini byen vit tankou zèklè. Mwen t'ap gade kreyati yo, mwen wè kat wou k'ap woule atè, yonn bò yo chak. Tout wou yo te parèy. Yo te klere tankou wòch krisolit. Ou ta di yo chak gen yon lòt wou menm gwosè ki pase antravè ladan yo, paske wou yo te ka woule nan direksyon kat pwen konpa yo san yo pat bezwen vire. Jant wou yo te byen gwo. Yo te kouvri ak je sou tout kò yo. Chak fwa kreyati yo deplase, wou yo deplase ansanm ak yotou. Si yo leve anlè, wou yo leve anlè tou. Kreyati yo ale kote pou yo ale a. Wou yo fè tou sa kreyati yo fè. Paske se yo ki t'ap kontwole wou yo. Kreyati yo vanse, wou yo vanse tou. Yo rete, wou yo rete tou. Yo leve anlè, wou yo leve anlè tou, paske se yo ki t'ap kontwole wou yo. Anwo tèt kreyati yo, te gen yon bagay won anfòm yon gwo bòl bouch anba ki te klere kou kristal. Se anba gwo bòl la kreyati yo te kanpe ak de zèl louvri ak pwent yo kontre ak pwent zèl lòt ki bò kote yo a. De lòt zèl yo te fèmen kouvri kò yo. Lè kreyati yo t'ap vole, mwen tande zèl yo t'ap fè yon bri. Ou ta di bri lanmè lè li move. Osnon bri vwa Senyè a lè l'ap pale oubyen bri yon lame moun. Lè yo sispann vole, yo kite zèl yo pandye. Men ou te ka tande yon ti bri ki t'ap fèt anwo bòl kristal ki te anlè tèt yo a. Anwo fòm bòl kristal ki anlè tèt yo a, te gen yon bagay, ou ta di li sanble yon gwo fotèy wòch kristal. Sou fotèy la, gen yon fòm ki chita sou li. Ou ta di se yon moun. Depi nan ren li moute anwo, li te klere tankou kwiv poli. Depi nan ren li desann anba, ou ta di li te nan mitan yon gwo dife ki klere tout kote li te ye a. Li te nan mitan yon limyè tout koulè tankou lakansyèl yon jou lapli. Gwo bèl limyè sa a te fè m konprann se Senyè a ki te parèt devan m.