Egzòd 8

8
Peyi a anvayi ak krapo
1Apre sa, Senyè a di Moyiz konsa:
— Ale kote farawon an. W'a di l: Men sa Senyè a di: Kite pèp mwen an ale pou l kapab fè sèvis pou mwen. 2Koute #Egz 7.14; 9.2 byen. Si ou derefize kite yo ale, mwen pral lage krapo sou tout peyi a pou pini ou. 3Gwo #Sòm 105.30 larivyè a pral plen krapo. Yo pral sòti nan larivyè a, y'ap anvayi toupatou, y'ap antre lakay ou, anndan chanm ou, y'ap moute jouk nan kabann ou. Y'ap antre lakay moun pa ou yo, lakay tout pèp ou a, nan fou kote yo fè pen, nan ganmèl kote yo pare pat. 4Y'ap vole sou ou, sou pèp ou a, sou tout moun pa ou yo.
5Senyè a #Egz 7.19 di Moyiz:
— Di Arawon lonje men l avèk baton l lan sou larivyè yo, sou kannal yo ak sou m'a dlo yo. Fè krapo moute kouvri peyi Lejip la.
6Arawon #Sòm 78.45 lonje men l sou tout dlo nan peyi Lejip la. Epi krapo moute kouvri tout peyi a. 7Men #Egz 7.11 majisyen peyi Lejip yo, avèk maji yo, te rive fè menm bagay la tou. Yo fè krapo moute vin sou peyi Lejip la. 8Farawon #Egz 8.25-28; 9.28; 10.17,18; Nonb 21.7; 1 Wa 13.6; Tra 8.24 an rele Moyiz ak Arawon, li di yo:
— Lapriyè Senyè a, mande l pou l chase krapo sa yo sòti sou mwen ak sou pèp mwen an. Apre sa, m'a kite pèp ou a ale pou yo ka touye bèt y'ap ofri bay Senyè a.
9Lè sa a Moyiz di farawon an:
— Se ou menm, farawon, ki konnen kilè ou vle pou m lapriyè Senyè a pou ou, pou moun pa ou yo ansanm ak pèp ou a. Wi, se ou ki pou di m kilè ou vle pou Senyè a wete krapo sa yo lakay ou ak nan kay pèp ou a, pou yo rete nan larivyè a ase.
10Farawon #Egz 9.14; Det 33.26; 2 Sam 7.22; Sòm 86.8; Eza 46.9; Jer 10.6,7 an reponn:
— W'a fè sa denmen.
Moyiz di li:
— Sa va pase jan ou di l la, pou ou sa konnen pa gen Bondye tankou Senyè a, Bondye nou an. 11Krapo yo pral sòti lakay ou, y'a wete kò yo sou ou, sou moun pa ou yo ak sou pèp ou a. Se nan gwo larivyè a ase va gen krapo.
12Moyiz ak Arawon sòti lakay farawon an. Moyiz lapriyè Senyè a ak tout kè l pou krapo li te voye sou farawon yo. 13Senyè a fè sa Moyiz te mande l la: krapo yo mouri toupatou, nan kay, nan lakou, nan jaden. 14Moun peyi Lejip yo ranmase yo fè gwo pil. Toupatou nan peyi a te santi move ak krapo mouri yo. 15#Egz 8.32; 9.34; 1 Sam 6.6; Ekl 8.11 farawon an wè yo te ba l yon souf, li konmanse fè tèt di ankò. Li pa koute Moyiz ak Arawon, tankou Senyè a te di a.
Peyi a anvayi ak vèmin
16Senyè a #Egz 7.19 di Moyiz konsa:
— Di Arawon lonje baton l lan, frape pousyè tè a. Pousyè a va tounen vèmin nan tout peyi Lejip la.
17Moyiz #Sòm 105.31 ak Arawon fè sa vre. Arawon lonje men l avèk baton an, li frape pousyè tè a. Pousyè a tounen vèmin sou tout moun ak sou tout bèt. Tout pousyè tè a tounen vèmin nan tout peyi Lejip la. 18Majisyen #Egz 7.11 yo vin ankò ak maji yo pou yo te fè menm bagay la tou. Men, fwa sa a, yo pat kapab. Vèmin yo te sou tout moun ak sou tout bèt. 19Majisyen #Egz 7.13; 31.18; Sòm 8.3; Lik 11.20 yo di farawon an:
— Sa se travay Bondye.
Men farawon an t'ap fè tèt di toujou. Li pat vle koute Moyiz ak Arawon, tankou Senyè a te di a.
Peyi a anvayi ak mouchavè
20Senyè a #Egz 8.1; 9.13 di Moyiz ankò:
— Leve granmaten, ale jwenn farawon an lè li pral larivyè a. W'a di l: men sa Senyè a di: Kite pèp mwen an ale, pou yo ka fè sèvis pou mwen. 21Si ou pa kite pèp mwen an ale, mwen pral voye mouchavè sou ou, sou moun pa ou yo, sou tout pèp ou a ak nan tout kay yo. Mouchavè pral plen kay moun peyi Lejip yo, yo pral kouvri tout peyi a. 22Men #Egz 7.17; 9.4,6,26; 10.23; 11.7 jou sa a, m'a fè yon bagay pou peyi Gochenn kote pèp mwen an rete a. P'ap gen yon mouchavè la. Konsa, w'a konnen se mwen menm, Senyè a, k'ap travay nan peyi a. 23M'ap veye pou sa k'ap rive pèp ou a pa rive pèp mwen an. Se denmen mwen pral fè mèvèy sa a.
24Senyè a #Sòm 78.45; 105.31 fè sa vre, jan l te di l la: yon kantite mouchavè desann sou kay farawon an, sou kay moun pa l yo ak sou tout peyi a. Mouchavè t'ap devaste tout peyi Lejip la. 25Lè sa a, farawon an fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo:
— Nou mèt al ofri bèt pou touye pou Bondye nou an, men n'ap fè l isit la nan peyi a.
26Moyiz #Jen 43.32; 46.34 reponn li:
— Li p'ap bon pou nou fè l konsa, paske moun peyi Lejip yo ka ofiske lè y'a wè ki kalite bèt nou touye pou ofri bay Senyè a, Bondye nou an. Si nou ofri bagay sa yo devan moun peyi Lejip yo, y'a ka touye nou ak kout wòch. 27Se #Egz 3.12,18 pou nou mache distans twa jou nan dezè a. Se la n'a touye bèt n'ap ofri bay Senyè a, Bondye nou an, jan li te di nou an.
28Farawon #Egz 8.8 an di li:
— Bon! M'ap kite nou al touye bèt n'ap ofri bay Senyè a, Bondye nou an, nan dezè a, men se pa pou nou al twò lwen. Lèfini, lapriyè pou mwen tou.
29Moyiz #Egz 8.15 di l konsa:
— Kou m sòti isit la, mwen pral lapriyè Senyè a. Denmen mouchavè yo ap sòti sou ou ansanm ak sou moun pa ou yo ak sou tout pèp la. Yo pral byen lwen. Men, piga ou twonpe nou ankò. Pa refize kite pèp la al ofri bèt pou yo touye bay Senyè a.
30Moyiz #Egz 9.33; 10.18 sòti lakay farawon an, l'al lapriyè Senyè a. 31Senyè a fè sa Moyiz te mande li a. Li fè mouchavè yo soti sou farawon an, sou tout moun pa li yo ansanm ak sou tout pèp la. Li fè yo ale byen lwen. Pa gen yon mouchavè ki te rete. 32Men, #Egz 8.15 menm jou sa a, farawon an fè tèt di ankò, li pat vle kite pèp la ale.

Chwazi Kounye ya:

Egzòd 8: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte