Egzòd 7:14-25

Egzòd 7:14-25 HAT98

Senyè a di Moyiz konsa: — Farawon an ap fè tèt di toujou. Li pa vle kite pèp la ale. Ale bò kote farawon an denmen maten, lè li pral sòti pou l'al bò gwo larivyè Nil la. Al tann li bò larivyè a. Baton ki te tounen koulèv la, w'a kenbe l nan men ou. W'a di farawon an: Senyè a, Bondye ebre yo, te voye m di ou konsa kite pèp li a ale pou yo ka fè yon sèvis pou li nan dezè a. Men, jouk kounyeya ou pa vle koute l. Jòdi a, men sa Senyè a di: mwen pral fè ou konnen se mwen menm ki Senyè a. Mwen pral frape dlo gwo larivyè a avèk baton ki nan men m lan, dlo a pral tounen san. Tout pwason yo pral mouri, dlo a pral santi move, moun peyi Lejip yo p'ap ka bwè dlo ladan l ankò. Senyè a di Moyiz ankò: — Di Arawon pran baton l lan, lonje l sou tout dlo ki nan peyi Lejip la: larivyè, kannal, letan, m'a dlo, wi, sou tout dlo ki genyen. Dlo yo va tounen san. Konsa va gen san sou tout peyi a, menm nan ganmèl yo ak nan kannari yo. Moyiz ak Arawon fè sa Senyè a te ba yo lòd fè a. Arawon leve baton l lan, li frape dlo gwo larivyè a devan farawon an ak devan tout moun farawon yo. Tout dlo gwo larivyè a tounen san. Tout pwason nan larivyè a mouri. Dlo a vin santi move. Moun peyi Lejip yo pat kapab pran dlo ladan l pou yo bwè ankò. Te gen san toupatou nan peyi a. Men, majisyen peyi Lejip yo te rive fè menm bagay la tou avèk maji yo. Farawon an menm t'ap fè tèt di pi rèd. Li pa koute Moyiz ak Arawon, tankou Senyè a te di a. Farawon an vire do ba yo, l'al lakay li tankou si anyen pat rive. Moun peyi Lejip yo pran fouye twou sou bò gwo larivyè a pou yo te ka jwenn dlo pwòp pou yo bwè, paske yo pat kapab bwè dlo gwo larivyè a. Apre Senyè a te fin frape gwo larivyè a, li kite sèt jou pase.