Egzòd 7

7
1Senyè a di Moyiz konsa:
— Gade! Ou pral tounen tankou yon Bondye #Egz 4.16 pou farawon an. Arawon, frè ou la, pral sèvi ou pòtpawòl. 2W'a #Egz 4.15; 6.29 di Arawon tou sa mwen te ba ou lòd di. Li menm, l'a repete l bay farawon an pou farawon an voye pitit Izrayèl yo pati kite peyi a. 3Mwen #Egz 4.21; 11.9 menm menm, m'ap fè farawon an fè tèt di. Konsa, m'a fè plis mirak ak plis mèvèy toujou nan peyi Lejip la. 4Farawon #Egz 6.6 an p'ap koute nou. Lè sa a, m'a frape peyi Lejip la. M'a pini l byen pini. M'a pran pitit Izrayèl yo, sòlda mwen yo, pèp mwen an, m'ap fè yo sòti kite peyi Lejip. 5#Egz 3.20; 14.4 m'a frape peyi Lejip, lè m'a fè pitit Izrayèl yo sòti nan mitan yo, moun peyi Lejip yo va konnen se mwen menm menm ki Senyè a vre.
6Moyiz ak Arawon te fè tou sa Senyè a te ba yo lòd fè. Wi, yo fè tou sa li te di yo fè a. 7Moyiz #Tra 7.23,30 te gen katrevenzan, Arawon te gen katreventwazan lè yo te al pale ak farawon an.
Mirak baton Arawon an
8Senyè a di Moyiz ak Arawon konsa:
9— Si #Egz 4.2,3,17; Jan 2.18; 6.30 farawon an mande nou fè yon mirak pou moutre ki moun nou ye, ou menm Moyiz w'a di Arawon pran baton l lan, voye l atè devan farawon an. Baton an va tounen yon koulèv.
10Moyiz ak Arawon al bò kote farawon an. Yo fè sa Senyè a te ba yo lòd fè a. Arawon voye baton l lan devan farawon an ak devan tout moun farawon yo. Baton an tounen yon koulèv. 11Men #Jen 41.8; Egz 7.22; 8.7; 2 Tim 3.8 farawon an rele nèg save l yo ak divinò l yo. Yo menm tou, avèk maji yo, yo te rive fè menm bagay la tou. 12Yo voye baton pa yo atè, baton yo tounen koulèv tou. Men, baton Arawon an vale tout lòt baton yo. 13Farawon #Egz 7.14,22; 8.19; 9.7,35 an t'ap fè tèt di toujou. Li pat vle koute Moyiz ak Arawon, tankou Senyè a te di a.
Mirak dlo larivyè yo
14Senyè a di Moyiz konsa:
— Farawon an ap fè tèt di toujou. Li pa vle kite pèp la ale. 15Ale #Egz 4.2,3,17 bò kote farawon an denmen maten, lè li pral sòti pou l'al bò gwo larivyè Nil la. Al tann li bò larivyè a. Baton ki te tounen koulèv la, w'a kenbe l nan men ou. 16W'a #Egz 3.18; 5.3 di farawon an: Senyè a, Bondye ebre yo, te voye m di ou konsa kite pèp li a ale pou yo ka fè yon sèvis pou li nan dezè a. Men, jouk kounyeya ou pa vle koute l. 17Jòdi a, #Egz 4.9; 7.5; Rev 16.4 men sa Senyè a di: mwen pral fè ou konnen se mwen menm ki Senyè a. Mwen pral frape dlo gwo larivyè a avèk baton ki nan men m lan, dlo a pral tounen san. 18Tout #Egz 7.21,24 pwason yo pral mouri, dlo a pral santi move, moun peyi Lejip yo p'ap ka bwè dlo ladan l ankò.
19Senyè a #Egz 8.5,16; 9.23; 10.13; 14.16 di Moyiz ankò:
— Di Arawon pran baton l lan, lonje l sou tout dlo ki nan peyi Lejip la: larivyè, kannal, letan, m'a dlo, wi, sou tout dlo ki genyen. Dlo yo va tounen san. Konsa va gen san sou tout peyi a, menm nan ganmèl yo ak nan kannari yo.
20Moyiz #Sòm 78.44; 105.29 ak Arawon fè sa Senyè a te ba yo lòd fè a. Arawon leve baton l lan, li frape dlo gwo larivyè a devan farawon an ak devan tout moun farawon yo. Tout dlo gwo larivyè a tounen san. 21Tout pwason nan larivyè a mouri. Dlo a vin santi move. Moun peyi Lejip yo pat kapab pran dlo ladan l pou yo bwè ankò. Te gen san toupatou nan peyi a. 22Men, #Egz 7.11,13 majisyen peyi Lejip yo te rive fè menm bagay la tou avèk maji yo. Farawon an menm t'ap fè tèt di pi rèd. Li pa koute Moyiz ak Arawon, tankou Senyè a te di a. 23Farawon an vire do ba yo, l'al lakay li tankou si anyen pat rive. 24Moun peyi Lejip yo pran fouye twou sou bò gwo larivyè a pou yo te ka jwenn dlo pwòp pou yo bwè, paske yo pat kapab bwè dlo gwo larivyè a. 25Apre Senyè a te fin frape gwo larivyè a, li kite sèt jou pase.

Chwazi Kounye ya:

Egzòd 7: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte