Depi y'ap antre nan Tant Randevou a, depi y'ap pwoche bò lotèl la, yo te lave men yo ak pye yo, jan Senyè a te bay Moyiz lòd pou yo fè a. Apre sa, li moute galeri a fè wonn tant lan ak lotèl la, li mete rido kote pou yo pase antre nan tant lan. Se konsa Moyiz te fin fè travay la. Nyaj la kouvri Tant Randevou a, epi limyè prezans Senyè a plen tant lan. Moyiz pat kapab antre nan Tant Randevou a, paske nyaj la te rete anplas anwo tant lan, epi limyè prezans Senyè a te plen tant lan. Pandan tout tan moun pèp Izrayèl yo t'ap vwayaje a, se sèlman lè nyaj la te leve sòti anwo tant lan yo te ka derape. Men, si nyaj la pat leve anwo tant lan, yo pat pati. Yo te tann jouk nyaj la te leve. Lajounen, nyaj Senyè a te rete anwo tant lan, men lannwit, se te yon dife tout pèp Izrayèl la te wè klere nan nyaj la. Se konsa sa te fèt pandan tout vwayaj la.
Li Egzòd 40
Koute Egzòd 40
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Egzòd 40:32-38
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo