Egzòd 4:1-17

Egzòd 4:1-17 HAT98

Moyiz reponn li: — Men, moun yo ka refize kwè m, yo ka pa koute sa m gen pou m di yo a. Yo ka di m se pa vre, Senyè a pat kras parèt devan mwen. Senyè a mande l: — Kisa ou gen nan men ou la a? Moyiz reponn li: — Yon baton. Senyè a di l: — Jete l atè. Moyiz jete baton an atè. Baton an tounen yon koulèv. Lè Moyiz wè sa, li pran kouri. Senyè a di Moyiz: — Lonje men ou, bese pran koulèv la nan ke. Moyiz lonje men l, li pran koulèv la nan ke. Lamenm, koulèv la tounen baton ankò nan men Moyiz. Senyè a di: — Men sa w'a fè pou yo ka kwè Senyè a, Bondye zansèt yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, te parèt devan ou. Senyè a di l ankò: — Foure men ou anndan chemiz ou, sou lestonmak ou. Moyiz foure men l anndan chemiz li, sou lestonmak li. Lè li wete men l, men l te vin tou blan ak bouton. Li te kouvri ak lalèp. Senyè a di l: — Foure men ou anndan chemiz ou ankò, sou lestonmak ou. Moyiz foure men l anndan chemiz li ankò. Lè li wete l, men li te menm koulè ak rès kò li. Senyè a di Moyiz: — Si apre ou fin fè premye mirak la, ou wè yo pa vle kwè ou, yo pa vle koute ou, y'a kwè ou lè w'a fè dezyèm mirak sa a. Si apre ou fè de mirak sa yo, y'ap fè tèt di toujou, yo pa vle kwè ou toujou, yo pa vle koute sa w'ap di yo, w'a pran ti gout dlo nan gwo larivyè a, w'a vide l atè. Lamenm, dlo a va tounen san. Moyiz di Senyè a: — Eskize m wi, Senyè. Men, mwen pa ka pale fasil. Se pa bagay jòdi a non. Menm kounyeya, depi w'ap pale ak sèvitè ou la, anyen pa chanje. Bouch mwen lou, lang mwen mare. Senyè a di l: — Kilès ki bay moun bouch pou yo pale? Kilès ki fè moun sa a bèbè, moun sa a soudè? Kilès ki fè moun sa a wè, moun sa a avèg? Eske se pa mwen menm, Senyè a? Bon, ou mèt ale. M'a ede ou lè ou gen pou ou pale, m'a moutre ou sa ou gen pou di. Moyiz di: — Eskize m wi, Senyè! Men, poukisa ou pa voye yon lòt moun pito? Lè sa a, Senyè a move sou Moyiz, li di l konsa: — Gen Arawon, frè ou la, ki sòti nan branch fanmi Levi a. Mwen konnen lang mesye pa mare nan bouch li. Men kounyeya, li gentan nan wout ap vin jwenn ou. L'a kontan anpil lè l'a wè ou. W'a pale avè l, w'a di l sa pou l di. M'a ede nou tou de lè n'a gen pou nou pale. M'a di nou sa pou nou fè. L'a pale ak pèp la pou ou. Se tankou si se te ou menm ki t'ap pale. Ou menm, w'a tankou Bondye k'ap di li sa pou li di. Kanta baton sa a, toujou kenbe l nan men ou. Se avèk li w'a fè tout mirak ou gen pou fè yo.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an