Egzòd 38

38
Lotèl ofrann lan
(Egzòd 27.1-8)
1Bezaleyèl fè lotèl pou boule ofrann yo an bwa #Egz 27.1-8 zakasya. Li fè l kare kare: Li te mezire sèt pye sis pous longè, sèt pye sis pous lajè, kat pye sis pous wotè. 2Li travay kat kòn sou kat kwen lotèl la. Kòn yo te fè yon sèl pyès ak lotèl la. Apre sa, li kouvri tout ak kwiv. 3Li #1 Wa 7.45 fè tout bagay ki pou mache ak lotèl la: recho, pèl, fouchèt, plato pou resevwa sann, kivèt. Li fè tout bagay sa yo an kwiv. 4Li fè yon griyaj an kwiv pou lotèl la, tankou griy pou griye vyann. Li mete griyaj la anba rebò lotèl la, li fè l sòti anba rive mwatye wotè lotèl la. 5Li fè kat gwo bag tou won an kwiv, li mete yo nan kat pwent griyaj la. Se nan bag sa yo pou yo pase poto ki sèvi manch pou pote lotèl la.
6Apre sa, li fè manch an bwa zakasya, li kouvri yo an kwiv nèt. 7Li pase manch yo nan bag won yo sou chak bò lotèl la, pou yo ka pote lotèl la. Li fè lotèl la an planch. Tout anndan lotèl la te rete vid.
Basin kwiv la
(Egzòd 30.18)
8Bezaleyel #Egz 30.18; 1 Sam 2.22 pran moso kwiv poli ki te sèvi glas pou medam k'ap sèvi nan pòt antre Tant Randevou a, li fè yon gwo basin an kwiv avèk yon pye an kwiv tou pou mete l chita.
Galeri tant Bondye a
(Egzòd 27.9-19)
9Li #Egz 27.9-19 fè galeri a. Sou bò sid la, li moute yon seri rido fèt ak lèz twal fen blan tise byen sere, sou senkant mèt longè. 10Ven ankadreman yo ak ven sipò yo te fèt an kwiv. Kwòk poto yo ak treng yo te an ajan. 11Menm jan an tou, sou bò nò a, li moute yon seri rido ki gen senkant mèt longè avèk ven poto sou ven sipò an kwiv. Kwòk poto yo ak treng yo te an ajan. 12Sou bò lwès la, li moute yon seri rido fèt ak lèz twal ki mezire ven mèt longè, avèk dis poto chita sou dis sipò avèk kwòk poto yo ak treng yo an ajan. 13Sou bò lès la, galeri a te gen swasannkenz pye lajè. 14Sou bò gòch espas kote yo antre a, li moute rido sou yon longè vennde pye sis pous avèk twa poto chita sou twa sipò. 15Sou bò dwat la, li moute rido sou yon longè vennde pye sis pous avèk twa poto chita sou twa sipò. Se konsa sa te fèt chak bò pòt kote yo antre a. 16Tout rido yo te fèt ak twal fen blan tise byen sere. 17Sipò poto yo te fèt an kwiv. Kwòk poto yo ak treng yo, te fèt an ajan. Tèt poto yo te kouvri an ajan. Tout poto galeri a te mare yonn ak lòt ak treng an ajan.
18Rido ki te fèmen kote yo antre nan tant lan te bwode byen bèl sou tout kò l. Li te fèt ak bon twal siperyè koulè ble, vyolèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere. Li te gen dis mèt longè, de mèt edmi wotè, tankou rido galeri a. 19Kat poto kwen, chita sou kat sipò an kwiv tou, t'ap soutni rido pòt la. Kwòk yo ak treng yo te fèt an ajan. Tèt poto yo te kouvri an ajan. 20Li fè tout pikèt pou tant lan ak pou galeri a an kwiv.
Metal materyo tant lan
21Men #Nonb 4.28,33 kantite metal yo te sèvi pou fè tant kote yo mete Bwat Kontra a. Dapre lòd Moyiz te bay, se pitit Levi yo ki te fè lis metal yo, epi se Itama, pitit Arawon, prèt la, ki t'ap dirije yo nan travay sa a.
22Bezaleyèl, #Egz 31.2 pitit Ouri, pitit pitit Our, nan branch fanmi Jida a, te fè tou sa Senyè a te bay Moyiz lòd fè a. 23Se #Egz 31.6 Owoliyab, pitit Ayisamak, nan branch fanmi Dann lan, ki te ede l. Owoliyab sa a te yon bon bòs atizan ki te konn fè desen. Li te konn bwode lenn ble, vyolèt ak wouj ansanm ak twal fen blan.
24Tout #Egz 30.13 lò yo te sèvi pou fè travay nan kote ki apa pou Bondye a, se te lò moun yo te ofri bay Bondye. Lò a te peze demil nèfsantrant (2.930) liv, dapre mezi yo sèvi nan kote ki apa pou Senyè a.
25Ajan yo te ranmase pou resansman an te peze dimil swasanndis (10.070) liv, dapre mezi yo sèvi kote ki apa pou Senyè a. 26Sa #Nonb 1.46 se kantite ajan yo ranmase antou nan men moun ki te vin bay non yo lè resansman an. Chak moun te bay kantite yo te mande yo, ki vle di yon pyès ajan ki peze yon ons, dapre mezi yo sèvi kote yo mete apa pou Senyè a. Te gen sisantwamil senksansenkant (603.550) gason ki te gen ventan pou pi piti, ki te enskri nan resansman an. 27Nan #Egz 26.19-32; 36.24-30 dimil swasanndis (10.070) liv ajan yo, dimil (10.000) liv te sèvi pou fè sipò pou tant lan ansanm ak sipò pou rido yo. Chak sipò te pran san liv. 28Avèk swasanndis liv ajan ki te rete a, yo fè kwòk ak treng pou poto yo, epi yo kouvri tèt poto yo. 29Yo te ofri bay Senyè a sètmil katrevenndis (7.090) liv kwiv antou. 30Yo #Egz 26.37; 27.1-4; 36.38; 38.1-4 sèvi ak kwiv la pou fè sipò ki nan pòt antre tanp lan, lotèl la ak griyaj kwiv la ansanm ak tout bagay y'ap bezwen pou sèvi ak lotèl la. 31Yo #Egz 27.10-12,16,17,19; 38.10-12,17 fè sipò pou galeri toutotou a, sipò pou pòt kote ki apa pou Senyè a, ansanm ak tout pikèt pou tant lan ak pou galeri a.

Chwazi Kounye ya:

Egzòd 38: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an