Senyè a di Moyiz: — M'a fè sa ou mande m lan, paske ou fè kè m kontan anpil. Mwen konnen ki moun ou ye. Moyiz di l: — Tanpri, fè m wè pouvwa ou! Lè sa a Senyè a reponn li: — M'ap fè ou wè jan m gen bon kè, m'ap nonmen non m devan ou. M'ap fè moun mwen vle gras, m'ap gen pitye pou moun mwen vle gen pitye. Senyè a pale ankò, li di: — Ou p'ap kapab wè figi m, paske okenn moun sou latè pa kapab wè figi m pou l kontinye ap viv apre sa. Li di ankò: — Men yon ti plas bò kote m. W'a kanpe sou wòch sa a. Lè pouvwa mwen vin ap pase, m'ap mete ou nan twou wòch la, m'a kouvri ou avèk men mwen jouk mwen fin pase. Apre sa, m'a wete men m sou ou. Se do m ase w'a wè k aprale, men ou p'ap wè figi m.
Li Egzòd 33
Koute Egzòd 33
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Egzòd 33:17-23
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo