Egzòd 32:1-22

Egzòd 32:1-22 HAT98

Lè pèp la wè Moyiz te rete lontan sou mòn lan san li pa desann, yo rasanble bò kote Arawon, yo di li konsa: — Annou debouye nou fè lòt Bondye ki pou mache devan nou paske nonm Moyiz la, nou pa konn sa li tounen. Arawon di yo: — Wete tout zanno lò ki nan zòrèy madanm nou yo ak nan zòrèy pitit fi ak pitit gason nou yo, pote yo ban mwen. Konsa, tout pèp la wete zanno lò yo te gen nan zòrèy yo, yo pote yo bay Arawon. Arawon pran zanno yo, li fonn yo, li koule lò a nan yon moul, li fè estati yon ti towo bèf. Pèp la di: — Pèp Izrayèl, men bondye nou an. Se li ki te fè nou sòti kite peyi Lejip la. Lè Arawon wè sa, li bati yon lotèl devan estati ti towo bèf la, epi li di yo: — Denmen m'ap fè yon gwo fèt pou Senyè a. Nan denmen maten yo leve byen bonè, yo touye bèt, yo boule yo nèt ofri bay Senyè a. Yo touye lòt bèt tou pou di l mèsi. Apre sa, pèp la chita, yo manje, yo bwè. Lèfini, yo leve pou yo pran plezi yo. Lè sa a, Senyè a di Moyiz: — Ale non, ou mèt desann. Paske pèp ou a, pèp ou te fè moute sòti nan peyi Lejip la, gentan deraye, yo lage tèt yo nan bwa. Yo gentan kite chemen mwen te mande yo swiv la. Yo pran lò, yo fonn li, yo fè estati yon ti towo bèf, yo tonbe fè sèvis pou li, yo touye bèt ofri ba li, epi yo di: Pèp Izrayèl, men bondye nou an. Se li ki te fè nou sòti kite peyi Lejip la. Senyè a di Moyiz ankò: — Mwen wè pèp sa a se yon pèp ki gen tèt di. Bon, kounyeya kite m al regle ak yo. Mwen pral fè yo konnen lè m ankòlè, m'ap detwi yo, m'ap boule yo. Men, ou menm, m'ap fè ou vin yon gwo nasyon. Moyiz kriye nan pye Senyè a, Bondye li a, li di l: — Senyè, poukisa pou ou ta koute kòlè ou pou ou fache sou pèp ki pou ou a, pèp ou menm menm te fè moute sòti kite Lejip avèk gwo pouvwa ou, avèk fòs ponyèt ou? Atò, sa pou moun peyi Lejip yo di? Y'a di: Ala Bondye malveyan! Li fè yo sòti kite Lejip pou l te ka touye yo nan mòn yo, pou l te ka disparèt yo sou latè. Senyè, pa koute kòlè ou! Chanje lide. Pa fè malè sèk sa a tonbe sou pèp ou a. Chonje èvitè ou yo, Abraram, Izarak ak Izrayèl. Chonje pwomès ou te fè yo. Ou te sèmante sou tèt ou. Ou te di yo: M'ap ban nou pitit pitit ankantite. Y'ap tankou zetwal nan syèl. M'ap bay pitit pitit nou yo tout peyi mwen te di m'ap ban nou an, pou peyi a rele yo chèmèt pou tout tan. Lè sa a, Senyè a chanje lide, li pa voye malè sèk li te fè lide voye sou pèp la ankò. Moyiz pran chemen pou l tounen. Li desann sòti nan mòn lan avèk de wòch plat kontra a nan men l. Wòch yo te ekri sou tout kò yo, devan kou dèyè. Se Bondye menm ki te travay wòch plat sa yo. Se li menm tou ki te ekri sou yo ak pwòp men li. Se li ki te grave tout lèt ki ekri sou wòch yo. Jozye te tande pèp la ki t'ap rele byen fò anba a. Li di Moyiz: — Pou tout bri mwen tande a, gen gwo goumen nan kan an! Men Moyiz reponn li: — Non! Non! Kalite chante sa a, se pa chante moun ki genyen yon batay ni chante moun ki pèdi batay. Se de gwoup moun k'ap chante: yonn ap reponn lòt. Lè Moyiz rive toupre kan an, li wè estati ti towo bèf la ak moun yo ki t'ap danse. Moyiz fè yon sèl kòlè, li voye wòch plat ki te nan men l yo jete. Yo tonbe, y'al kraze an miyèt moso anba pye mòn lan. Li pran estati ti towo bèf yo te fè a, li boule l, li kraze l, li fè l tounen pousyè. Li simen pousyè a nan dlo. Lèfini, li fè moun Izrayèl yo bwè dlo a. Apre sa li di Arawon: — Kisa moun sa yo fè ou menm pou ou kite yo fè kalite gwo peche sa a? Arawon reponn li: — Mèt, tanpri, pa fache sou mwen! Ou menm, ou konnen jan pèp sa a toujou pare pou fè sa ki mal.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an