Egzòd 30

30
Lotèl lansan an
(Egzòd 37.25-28)
1W'a fè yon lotèl an bwa zakasya pou #Rev 8.3 boule lansan. 2W'a fè l kare kare. L'a mezire dizwit pous longè, dizwit pous lajè ak trannsis pous wotè. Kat pwent ki depase yo va fè yon sèl pyès avèk lotèl la. Se va kòn lotèl la. 3W'a kouvri tout anwo lotèl la, kat kote l yo ansanm ak kat kòn li yo ak pi bon kalite lò ki genyen. W'a fè yon bòdi an lò tout arebò l. 4W'a fè de bag an lò, w'a tache yo anba bòdi a sou de bò lotèl la. Se nan bag sa yo w'a pase manch ki pou sèvi pou pote lotèl la. 5W'a fè manch yo an bwa zakasya, epi w'a kouvri yo ak lò. 6W'a mete lotèl la devan rido ki pann devan Bwat Kontra a avèk kouvèti li sou li. Se la m'a vin jwenn ou. 7Arawon #Egz 27.20,21; Lik 1.9,11 va boule lansan bon sant sou li chak maten lè l'ap netwaye lanp yo. 8L'a boule lansan tou chak swa lè l'ap ranje lanp yo. Se pou yo toujou fè ofrann lansan sa a devan lotèl Senyè a, chak jou san sote yonn, de pitit an pitit. 9Se #Lev 10.1 pa pou nou ofri sou lotèl la lansan ki pa fèt tout espre pou sèvis la, ni vyann bèt ki fèt pou boule, ni lòt manje. Ni se pa pou nou ofri okenn bwason sou li nonplis. 10Yon #Egz 29.36; Lev 16.18; 23.27 fwa chak lanne, Arawon va fè yon seremoni sou kòn lotèl la pou Bondye ka fè gras. Yon fwa chak lanne, avèk san bèt yo touye pou mande padon pou peche a, l'a mande gras pou lotèl la. Se pou yo toujou fè sa de pitit an pitit. Lotèl sa a, se yon lotèl ki fèt pou yo mete apa nèt pou Senyè a.
Taks tanp lan
11Senyè a di Moyiz:
12— Lè #Nonb 1.2-4; 26.2 n'ap konte konbe moun ki genyen nan peyi Izrayèl la pou nou fè resansman, chak gason va bay Senyè a kichòy pou lavi yo, pou malè pa rive lè y'ap fè resansman an. 13Chak #Egz 38.24; Lev 5.15; 27.25; Nonb 3.47; 18.16; Eze 45.12; Mat 17.24 moun y'a konte nan resansman an va peye de goud edmi, dapre jan yo konte lajan nan kote ki apa pou Bondye a. Chak moun va peye sa tankou yon ofrann yo mete apa pou Senyè a. 14Tout moun ki dwe bay non yo nan resansman an, sa vle di tout moun ki gen ventan osinon ki depase ventan, va peye menm lajan an bay Senyè a. 15Moun ki rich p'ap peye plis, ni moun ki pòv p'ap peye mwens, lè y'ap peye lajan an bay Senyè a pou lavi yo. 16W'a #Egz 38.25-28 resevwa lajan sa a nan men pèp la, w'a depanse l pou sèvis Tant Randevou a. Sa va sèvi pou Senyè a pa janm bliye pèp Izrayèl la. Se va bagay y'a peye pou sove lavi yo.
Basin kwiv la
(Egzòd 38.8)
17Senyè a di Moyiz konsa:
18— W'a fè yon gwo basin an kwiv avèk yon pye an kwiv tou. W'a mete l ant Tant Randevou a ak lotèl la. W'a mete dlo ladan l. 19Arawon #Sòm 26.6 ak pitit gason l yo va sèvi ak dlo sa a pou yo lave men yo ak pye yo. 20Lè y'ap antre nan Tant Randevou a, y'a lave men yo ak pye yo nan dlo sa a. Y'a fè menm jan an tou lè y'ap pwoche bò lotèl la pou fè sèvis pou ofri Senyè a bèt ki fèt pou boule nèt nan dife a pou li. Konsa, yo p'ap mouri. 21Wi, #Egz 27.21 se pou yo lave men yo ak pye yo pou yo pa mouri. Se yon lòd pou Arawon, pou pitit gason l yo ak pitit pitit k'ap vin apre yo, lòd pou yo toujou swiv, de pitit an pitit.
Lwil konsekrasyon an
(Egzòd 37.29)
22Senyè a di Moyiz ankò:
23— Pran #Sòm 45.8; Kan 4.14; Eze 27.19 pi bon plant santi bon ki genyen: ven liv lami, dis liv kannèl bon kalite, dis liv fèy sitwonèl, 24ven liv kas. W'a mezire yo dapre mezi yo sèvi nan kote ki apa pou Bondye a. W'a pran tou senk ka lwil oliv. 25Avèk tou sa, w'a fè yon lwil jan moun ki konn fè odè a fè. Lwil sa a va sèvi pou konsakre moun pou sèvis Bondye. Se ak lwil sa a w'a sèvi pou konsakre moun osinon nenpòt bagay pou sèvis Bondye. 26W'a #Egz 40.9-11 voye lwil la sou Tant Randevou a, sou Bwat Kontra a, 27sou tab la ak tout bagay ki sèvi sou tab la, sou lanp sèt branch lan ak tout bagay ki sèvi ak li, sou lotèl lansan an, 28sou lotèl kote yo boule ofrann yo ak sou tout bagay ki sèvi sou li, sou basin lan ak tout pye l. 29Se #Egz 29.37 konsa w'a konsakre tout bagay sa yo pou yo pou mwen sèl. Tout bagay ki va touche ak yo va apa pou mwen tou. 30Lèfini, w'a vide lwil la sou Arawon ak sou pitit li yo tou. Konsa w'a konsakre yo pou sèvi mwen prèt. 31W'a pale ak pitit Izrayèl yo, w'a di yo: Nou wè lwil sa a! Se ak li pou nou sèvi, pitit an pitit, pou nou konsakre moun osinon bagay pou mwen. 32Nou pa dwe sèvi ak lwil sa a sou nenpòt ki moun, ni nou pa fèt pou fè yon lòt lwil ak menm konpozisyon an. Se yon bagay ki apa pou mwen nèt. Nou fèt pou nou konsidere l pou sa li ye a. 33Si #Jen 17.14; Lev 7.20,21 yon moun sèvi ak menm konpozisyon an pou fè lwil, osinon si yon moun sèvi avè l sou yon moun ki pa prèt, se pou yo disparèt li nan mitan pèp la.
34Apre sa, Senyè a di Moyiz konsa:
— Pran epis sa yo: safetida, lorye, gonm bwa ak pi bon kalite lansan. W'a pran menm valè nan chak. 35W'a fè yon lansan ak yo san okenn kras ladan l, menm jan moun ki konn fè odè yo fè sa. W'a mete yon ti sèl ladan l, w'a mete l apa pou mwen. 36W'a pran ti gout ladan l, w'a pile l fè l fè poud. W'a sèvi avèk ti gout devan bwat ki gen wòch plat kontra a, nan Tant Randevou a kote pou m kontre avè ou la. Se pou ou konsidere lansan sa a tankou yon bagay yo mete apa pou mwen ase. 37Piga ou sèvi ak menm konpozisyon sa a pou fè lansan pou sèvi pou tèt pa ou. Sa se yon bagay ki rezève pou sèvis Bondye ase. 38Si yon moun fè yon konpozisyon menm jan an pou sèvi l odè, se pou yo disparèt li nan mitan pèp la.

Chwazi Kounye ya:

Egzòd 30: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte