Egzòd 25

25
Ofrann tant Bondye a
(Egzòd 35.4-9)
1Senyè a pale ak Moyiz, li di l:
2— Pale ak moun Izrayèl yo. Di yo pote yon #Egz 35.21,29; 1 Kwo 29.9; 2 Kor 9.7 ofrann ban mwen. W'a resevwa l pou mwen nan men tout moun ki vle bay ak kè kontan. 3Men ofrann pou ou resevwa nan men yo: lò, ajan ak kwiv, 4bon twal koulè vyolèt, ble ak wouj, twal fen blan, twal fèt ak plim kabrit, 5po belye tenn koulè wouj ak po bazann, bwa zakasya, 6lwil pou gwo lanp sèt branch lan, epis santi bon pou mete nan lansan an ak nan lwil yo sèvi pou mete moun apa pou sèvis Bondye a, 7pyè #Egz 28.4,6-8 oniks ak lòt pyè pou gani jile ak plastwon granprèt la. 8Y'a #Lev 26.12; 2 Kor 6.16; Eb 9.1; Rev 21.3 fè yon plas apa pou mwen rete nan mitan yo. 9W'a fè tant lan ak tout bagay ki pou ale ladan l, dapre modèl mwen pral ba ou a.
Bwat kontra a
(Egzòd 37.1-9)
10Y'a #Eb 9.4 pran bwa zakasya, y'a fè yon gwo bwat. Bwat la va mezire twa pye nèf pous longè, de pye twa pous lajè, de pye twa pous wotè. 11W'a kouvri l nèt, anndan kou deyò, ak pi bon klas lò ki genyen. Epi w'a mete yon bòdi an lò fè wonn li. 12W'a fonn lò a fè kat gwo bag tou won. W'a moute yonn sou chak kwen bwat la, de chak bò. 13W'a pran de jenn poto zakasya, w'a kouvri yo nèt ak lò. 14W'a pase poto yo nan twou bag yo, sou de bò bwat la. Poto sa yo va sèvi manch pou pote bwat la. 15Se #1 Wa 8.8 pou poto yo toujou rete nan bag yo, san yo pa janm wete yo. 16Mwen #Egz 16.34; 31.18; 40.20; Nonb 17.10; Det 10.2; 31.26; 1 Wa 8.9 pral ba ou de wòch plat ki va sèvi pou nou toujou chonje m. W'a mete yo nan bwat la. 17W'a #Eb 9.5 pran pi bon lò ki genyen, w'a fè yon kouvèti pou bwat la. L'a mezire twa pye nèf pous longè sou de pye twa pous lajè. 18W'a fè pòtre de zanj cheriben an lò. Y'a pran lò a, y'a bat li ak mato pou yo fè pòtre yo. W'a mete yo anwo kouvèti a, 19yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch. W'a kole yo byen kole sou kouvèti a pou yo fè kò avè l. 20Zanj #1 Wa 8.7; 1 Kwo 28.18 cheriben yo va louvri zèl yo anwo tèt yo, konsa y'a kouvri kouvèti a. Se pou yo yonn anfas lòt, avèk tèt yo bese ap gade kouvèti a. 21W'a mete kouvèti a sou bwat la. Nan bwat la menm, w'a mete de wòch plat mwen pral ba ou pou nou ka toujou chonje mwen. 22Se #Egz 30.6,36; Lev 16.2; Nonb 7.89; 17.4 la m'a toujou kontre avè ou. M'a rete anwo kouvèti a, nan mitan de zanj cheriben yo, m'a ba ou tout lòd mwen gen pou m ba ou yo pou moun Izrayèl yo.
Tab Bondye a
(Egzòd 37.10-16)
23W'a #Eb 9.2 fè yon tab ak bwa akasya. Platfòm tab la va mezire twa pye longè, yon pye sis pous lajè epi de pye twa pous wotè. 24W'a kouvri l nèt ak pi bon lò ki genyen. W'a mete yon bòdi an lò fè wonn li. 25W'a mete yon ankadreman kat pous lajè anba desi a fè wonn tab la. Epi w'a kouvri tout ankadreman an ak yon plak lò. 26W'a fonn lò a fè kat gwo bag tou won pou tab la. W'a moute yo nan kat kwen tab la kote pye yo moute a. 27W'a moute bag yo toupre ankadreman an. Se nan twou bag yo pou ou pase poto bwa zakasya ki pou sèvi pou pote tab la. 28W'a fè poto yo ak bwa zakasya, epi w'a kouvri yo nèt ak lò. Se ak poto sa yo pou yo sèvi pou pote tab la. 29W'a fè asyèt, bòl, tas, kafetyè. W'a mete yo apa pou mwen. W'a fè yo ak pi bon lò ki genyen. Se ak yo pou nou sèvi lè n'ap fè sèvis pou mwen. 30Epi #Lev 24.5,6; Eb 9.2 w'a toujou mete sou tab la pen yo ofri ban mwen yo. Wi, se pou pen yo tout tan la devan mwen.
Pye gwo lanp sèt branch lò a
31W'a #Eb 9.2; Rev 1.12 fè yon gwo lanp sèt branch ak pi bon lò ki genyen. Y'a pran yon sèl gwo mòso lò, y'a bat li ak mato pou fè pye gwo lanp sèt branch lan ansanm ak tout kò li. Y'a fè pòtre bèl flè, flè an bouton, flè louvri, sou tout kò li. Yo tout va fè yon sèl pyès ak pye lanp lan. 32Gwo lanp lan va gen sèt branch, yonn kanpe dwat nan mitan ak twa branch chak bò. 33Sou chak branch sou kote yo, y'a fè pòtre twa flè nwa kajou ak tout boujon yo. 34Sou branch ki nan mitan an va gen kat flè nwa kajou ak tout boujon yo. 35W'a mete yon ti boujon anba chak pè branch sou kote yo. 36Boujon yo ak branch yo va fè yon sèl pyès ak pye gwo lanp lan. Se va yon sèl pyès lò y'a bat ak mato pou ba li fòm yo vle a. 37Y'a #Lev 24.3,4; Nonb 8.2; Rev 1.12 fè sèt lanp pou gwo lanp lan, y'a moute yo sou li yon jan pou yo ka klere sou devan. 38N'a fè pensèt pou netwaye gwo lanp lan ak plato pou resevwa sann lan. W'a fè yo ak pi bon lò ki genyen. 39N'a pran swasannkenz liv bon lò pou fè gwo lanp lan ansanm ak tout bagay pou sèvi ak gwo lanp lan. 40Gade #Nonb 8.4; Tra 7.44; Eb 8.5 byen pou ou ka fè tout bagay dapre modèl mwen te moutre ou sou mòn lan.

Chwazi Kounye ya:

Egzòd 25: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte