Egzòd 23

23
Regleman sou kondit yonn ak lòt
1Piga nou fè kouri fo bri. Piga nou mete nou ak mechan #Det 19.16-19; 1 Wa 21.10; Mat 26.59-61; Tra 6.11 pou bay fo temwayaj. 2Pa #Egz 32.1,2; Jòb 31.34; Mat 27.24,26; Lik 23.23 konprann pou nou fè sa ki mal paske nou wè se sa tout moun ap fè. Lè n'ap sèvi temwen nan yon pwosè, piga nou pran pati pou bò ki gen plis moun lan lè nou konnen se yo ki antò. 3Konsa #Lev 19.15 tou, lè gen pwosè, se pa paske yon moun pòv pou nou pran pati pou li.
4Si #Det 22.1,4; 1 Tes 5.15 nou lènmi yon moun epi nou jwenn bèt li ki pèdi, se pou nou mennen li ba li. 5Si nou pa byen ak yon moun epi nou wè bèt li kouche ak chay sou li, pa do vire kite li pou kont li. Se pou nou ede li leve bèt la kanpe.
6#Eza 10.1,2 yon malere nan pwosè, pa anpeche yo fè l jistis. 7Evite #Lev 19.11; Pwo 17.26; Ef 4.25 fè manti sou moun pou akize yo. Moun inonsan ak moun ki nan dwa yo, piga nou fè touye yo, paske mwen p'ap padonnen moun ki fè bagay konsa. 8#Det 16.19 n'ap sèvi temwen nan yon kòz, pa pran lajan anba nan men moun, paske lajan konsa bouche je nou, li fè nou pa wè kote jistis la ye. Li fè moun ki pa antò a pèdi kòz li.
9Piga #Egz 22.21 nou aji mal ak moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a. Paske, nou menm tou, yon lè, nou te etranje nan peyi Lejip, kifè nou konnen sa ki rele viv nan lòt peyi.
Lanne repo ak jou repo
10Pandan #Lev 25.3 sizan n'a travay tè a, epi n'a ranmase sa li bay. 11Men, sou setyèm lanne a, n'a kite tè a poze. Menm si li bay kichòy, nou p'ap ranmase anyen sou li. N'a kite rekòt la pou pòv malere yo. Rès la va rete pou bèt nan bwa manje. N'a fè menm bagay la tou pou jaden rezen ak jaden oliv nou yo.
12N'a #Egz 20.9,10 travay sis jou. Men setyèm jou a, n'a sispann travay, n'a pran repo. Konsa, bèf nou yo ak bourik nou yo, moun k'ap sèvi avèk nou yo ansanm ak etranje ki lakay nou yo va ka pran repo tou.
13Se #Joz 23.7; Oze 2.17 pou nou swiv tou sa mwen sot di nou la a. Pa lapriyè lòt bondye, piga mwen tande non yo sòti nan bouch nou.
Regleman sou twa pi gwo fèt yo
(Egzòd 34.18-26; Detewonòm 16.1-17)
14Twa #Egz 12.15; 13.4; Det 16.16 fwa chak lanne, n'a fè fèt pou mwen. 15N'a fè fèt Pen San Ledven yo. Jan mwen te ban nou lòd la, n'a manje pen san ledven pandan sèt jou nan epòk yo fikse nan mwa mas avril la. Paske se nan mwa sa a nou te soti kite peyi Lejip. Lè sa a, nou p'ap gendwa parèt devan mwen ak men vid. 16Apre #Egz 34.22 sa, n'a fete fèt Premye Rekòt la lè nou fenk konmanse rekòlte grenn nou simen nan jaden nou yo. N'a fete fèt Dènye Rekòt la menm vè fen lanne a, lè n'ap fin rekòlte tou sa ki nan jaden nou yo. 17Twa fwa chak lanne, tout gason nan pèp la va parèt devan mwen menm Senyè a, Bondye a.
18#Egz 34.25 n'ap touye yon bèt pou mwen, piga nou ofri san an ansanm ak pen ki fèt ak ledven. Piga nou sere grès bèt la tout lannwit jouk denmen maten. 19N'a #Egz 34.26; Det 26.2,10 pran pi bèl fwi nan premye rekòt jaden nou, n'a pote yo bay Senyè a, Bondye nou an, lakay li,
Piga ou kwit yon ti kabrit nan lèt manman li.
Pwomès Bondye ak dènye avètisman li yo
20Men m'ap voye yonn nan zanj mwen yo devan nou pou pwoteje nou sou wout la, pou l fè nou rive san danje kote mwen pare pou nou an. 21Veye #Egz 32.34; Joz 24.19; Sòm 78.40,56 kò nou devan li. Koute sa l'ap di nou. Pa kenbe tèt avè l. Si nou fè sa, li p'ap padonnen nou sa paske se nan non mwen l'ap fè tou sa l'ap fè a. 22Men, #Jen 12.3 si nou koute sa li di nou, si nou fè tou sa mwen di nou fè, m'ap rayi moun ki rayi nou, mwen p'ap vle wè moun ki pa vle wè nou. 23Zanj #Egz 33.2; Det 7.1 mwen an va mache devan nou, l'ap mennen nou nan peyi moun Amori yo, peyi moun Et yo, peyi moun Ferezi yo, peyi moun Kanaran yo, peyi moun Evi yo ak peyi moun Jebis yo. M'ap detwi yo tout. 24Piga #Egz 20.5; 34.13; Lev 18.3 nou mete ajenou devan bondye lòt nasyon yo. Piga nou janm sèvi yo. Pa fè menm jan ak moun lòt nasyon yo. Se pou nou detwi bondye yo nèt, se pou nou kraze tout moniman yo fè pou yo. 25Se #Det 6.13; 7.13,15 mwen menm Senyè a, Bondye nou an, pou nou sèvi. M'ap beni nou, m'ap ban nou manje pou n manje, dlo pou nou bwè. Mwen p'ap kite maladi tonbe sou nou. 26Nan #Det 7.14; Jòb 5.26 peyi nou an p'ap gen fanm k'ap fè fòskouch, ni fanm ki p'ap ka fè pitit. M'ap kite nou viv jouk nou fin granmoun.
27M'ap #Det 2.25; 7.23 fè tout moun pè nou. Kote nou pase, m'ap fè moun pèdi tèt yo. M'ap fè tout lènmi nou yo pran rak devan nou. 28M'a #Det 7.20 voye gwo gèp devan nou, y'a fè moun Evi yo, moun Kanaran yo ak moun Et yo kouri byen lwen nou. 29Mwen #Det 7.22 p'ap fè yo ale tout ansanm yon sèl kou, yon sèl lanne, pou peyi a pa tounen savann, pou bèt nan bwa yo pa vin twòp pou nou. 30Men, piti piti m'ap mete yo deyò, jouk n'a gen plis moun pou nou ka pran tout peyi a pou nou. 31M'ap #Det 11.24; Joz 21.44 fè fontyè peyi nou an konmanse depi sou lanmè Wouj la #23.31: lanmè Wouj la: Tèks ebre a bay Lanmè Wozo yo. rive jouk sou lanmè Mediterane, depi sou dezè a al bat sou larivyè Lefrat la. M'ap lage tout moun nan peyi a anba men nou, n'ap chase yo met deyò devan nou. 32Piga #Egz 34.12,15; Det 7.2,16; Sòm 106.36 nou pase okenn kontra ak moun sa yo, ni ak bondye yo. 33Se pa pou yo rete nan peyi nou an, pou yo pa ankouraje nou fè peche kont mwen. Si nou sèvi bondye moun sa yo, sa ka yon malè pou nou.

Chwazi Kounye ya:

Egzòd 23: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte