Egzòd 23:20-32

Egzòd 23:20-32 HAT98

Men m'ap voye yonn nan zanj mwen yo devan nou pou pwoteje nou sou wout la, pou l fè nou rive san danje kote mwen pare pou nou an. Veye kò nou devan li. Koute sa l'ap di nou. Pa kenbe tèt avè l. Si nou fè sa, li p'ap padonnen nou sa paske se nan non mwen l'ap fè tou sa l'ap fè a. Men, si nou koute sa li di nou, si nou fè tou sa mwen di nou fè, m'ap rayi moun ki rayi nou, mwen p'ap vle wè moun ki pa vle wè nou. Zanj mwen an va mache devan nou, l'ap mennen nou nan peyi moun Amori yo, peyi moun Et yo, peyi moun Ferezi yo, peyi moun Kanaran yo, peyi moun Evi yo ak peyi moun Jebis yo. M'ap detwi yo tout. Piga nou mete ajenou devan bondye lòt nasyon yo. Piga nou janm sèvi yo. Pa fè menm jan ak moun lòt nasyon yo. Se pou nou detwi bondye yo nèt, se pou nou kraze tout moniman yo fè pou yo. Se mwen menm Senyè a, Bondye nou an, pou nou sèvi. M'ap beni nou, m'ap ban nou manje pou n manje, dlo pou nou bwè. Mwen p'ap kite maladi tonbe sou nou. Nan peyi nou an p'ap gen fanm k'ap fè fòskouch, ni fanm ki p'ap ka fè pitit. M'ap kite nou viv jouk nou fin granmoun. M'ap fè tout moun pè nou. Kote nou pase, m'ap fè moun pèdi tèt yo. M'ap fè tout lènmi nou yo pran rak devan nou. M'a voye gwo gèp devan nou, y'a fè moun Evi yo, moun Kanaran yo ak moun Et yo kouri byen lwen nou. Mwen p'ap fè yo ale tout ansanm yon sèl kou, yon sèl lanne, pou peyi a pa tounen savann, pou bèt nan bwa yo pa vin twòp pou nou. Men, piti piti m'ap mete yo deyò, jouk n'a gen plis moun pou nou ka pran tout peyi a pou nou. M'ap fè fontyè peyi nou an konmanse depi sou lanmè Wouj la rive jouk sou lanmè Mediterane, depi sou dezè a al bat sou larivyè Lefrat la. M'ap lage tout moun nan peyi a anba men nou, n'ap chase yo met deyò devan nou. Piga nou pase okenn kontra ak moun sa yo, ni ak bondye yo.