Egzòd 21

21
Regleman sou esklav yo
(Detewonòm 15.12-18)
1— Men regleman w'a mete devan moun pèp Izrayèl yo:
2#Det 4.14; 6.1 ou #Lev 25.39-41; Det 15.12; Jer 34.14 achte yon moun menm ras avè ou pou sèvi ou esklav, li gen pou l sèvi ou sizan. Lè setyèm lanne a rive, l'a lib. L'a gendwa al fè wout li san l pa gen anyen pou l peye ou. 3Si li te pou kont li lè l te vini an, li va ale pou kont li. Si li te gen madanm lè l te vini an, madanm lan va ale avè l. 4Si se mèt li ki te ba li madanm epi madanm lan fè pitit pou li, ni timoun yo ni madanm lan va rete pou mèt la. Msye va ale fè wout li pou kont li. 5Men, #Det 15.16,17 si esklav la di: Mwen renmen mèt mwen, mwen renmen madanm mwen ak pitit mwen yo, mwen pa vle vin lib ankò, 6enben, lè sa a, mèt la va mennen l devan Bondye. L'a fè l pwoche bò pòt la, osinon bò chanbrann pòt la, l'a pèse zòrèy li ak yon bagay pwenti. Konsa esklav la va rete ap sèvi li jouk li mouri.
7#Ney 5.5 yon nonm vann pitit fi li pou sèvi esklav, pitit fi sa a pa ka lib ankò, jan yo ka fè l pou gason yo. 8Si mèt la te fin dakò pou l te pran fi a pou madanm, epi si apre sa fi a pa fè l plezi ankò, mesye va fè yon jan pou papa ak manman fi a achte l nan men l ankò. Men, li pa gendwa vann li bay yon moun lòt nasyon, paske se trayi la trayi fi a lè sa a. 9Men, si li te fè lide bay pitit gason l fi a, se pou l aji avè l tankou si se te pwòp pitit fi li. 10Si #1 Kor 7.5 li pran yon lòt madanm sou li, li pa gendwa wete anyen sou sa li dwe l: ni sou manje l, ni sou rad li, epi se pou l toujou sevi ak li tankou madanm li. 11Si li pa fè twa bagay sa yo pou li, madanm lan gendwa ale fè wout li, san li pa gen anyen pou l peye mèt la, san bay senk kòb.
Regleman sou mechan yo
12Si #Jen 9.6; Lev 24.17; Nonb 35.30; Mat 26.52 yon moun leve men l sou yon lòt, epi li touye l, moun sa a, se pou yo touye l tou. 13Men, #Nonb 35.11-25; Det 19.2-10; Joz 20.2 si se pa espre li fè, si se Bondye ki fè lòt moun lan tonbe anba men l, m'ap chwazi yon kote pou l'ale kache kò l. 14Men, #1 Wa 2.28-34 si yon moun chache yon lòt kont, epi li fè plan pou li touye l, li te mèt al kache bò kote lotèl mwen an, se pou n'al pran l pou nou touye l.
15Si yon moun leve men l sou papa l osinon sou manman l, se pou yo touye l.
16Si #Det 24.7 yon moun pran yon lòt pa fòs pou l'al vann li osinon pou kenbe l lakay li, se pou yo touye l.
17Si #Lev 20.9; Mat 15.4 yon moun bay papa l osinon manman l madichon, se pou yo touye l.
18Lè de moun gen kont, si yonn bay lòt yon koutwòch osinon yon koutpwen, epi si sa k resevwa kou a pa mouri, men li blije pran kabann, men jan pou sa regle: 19Si li ka leve, si li ka mache pwonmennen ak baton, y'a fè pa moun ki te ba l kou a. Tansèlman, l'a gen pou l peye lòt la dedomajman pou tout jou li fè rete san travay, epi l'a reskonsab pran swen l jouk li geri.
20Lè yon moun leve men l sou yon esklav li, kit se gason, kit se fi, pou ba li koutbaton, si esklav la mouri frèt, se pou yo pini mèt la. 21Men, #Lev 25.45,46 si esklav la fè yon jou osinon de jou anvan l mouri, se pa nesesè pou yo pini mèt la, paske se lajan pa l li te mete deyò pou l achte l.
22Lè gason ap goumen, si nan voye kou yo frape yon fanm ansent, epi si fanm lan fè fòskouch san anyen ankò pa rive l, moun ki ba l kou a va peye dedomajman dapre sa mari a va mande. L'a peye sa jij yo va deside. 23Men, #Lev 24.20; Det 19.21; Mat 5.38 si malè rive fanm lan, y'a fè l peye lavi pou lavi, 24yon je pou yon je, yon dan pou yon dan, yon men pou yon men, yon pye pou yon pye, 25boule pou boule, blese pou blese, foule pou foule.
26Lè yon moun frape yon esklav li nan je, kit se yon gason, kit se yon fanm, si esklav la pèdi je a, mèt la va ba li libète l pou dedomajman pou je a. 27Si se dan yon esklav li rache, l'a ba li libète li pou dedomajman pou dan an.
Regleman sou mèt zannimo yo
28#Jen 9.5 yon bef touye yon gason osinon yon fanm ak koutkòn, se pou yo touye li ak koutwòch. Se pa pou yo manje vyann lan, ni yo pa bezwen fè mèt bèf la peye anyen. 29Men, si se pa premye fwa bèf la atake moun, si yo te pale mèt li men mèt li pat fè anyen pou sa, si bèf la touye yon gason osinon yon fanm, nan ka sa a y'ap toujou touye bèf la ak koutwòch, epi y'a touye mèt la tou pou pini l. 30Men, #Nonb 35.31 si yo mande mèt bèf la pou l peye pou l ka sove lavi pa l, se pou l peye tou sa y'a mande l la.
31Si bèf la atake yon ti gason osinon yon ti fi, se menm règleman an ki pou fèt. 32Si #Zak 11.12,13; Mat 26.15 bèf la atake yon esklav, kit se gason, kit se fi, mèt bèf la va bay mèt esklav la trant pyès an ajan. Bèf la menm, y'a touye l ak koutwòch.
33Si yon moun kite yon pi dekouvri, ou ankò si l'ap fouye yon pi epi li kite l san kouvèti, si yon bèf osinon yon bourik vin tonbe ladan l, 34se pou mèt pi a peye mèt bèt la sa bèt la vo. Bèt mouri a menm va rete pou mèt pi a.
35Si yon moun gen yon bèf ki touye bèf yon lòt moun ak yon koutkòn, de mesye yo va vann bèf vivan an, y'a separe lajan an mwatye pou mwatye. Y'a separe vyann bèf ki mouri a tou. 36Men, si se pa premye fwa bèf la ap bay koutkòn, si yo te pale mèt li men mèt li pat fè anyen pou sa, nan ka sa a, mèt bèf la gen pou peye. L'a bay yon bèf vivan pou bèf ki mouri a. Bèf mouri a menm va rete pou li.

Chwazi Kounye ya:

Egzòd 21: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte