Egzòd 2:1-15

Egzòd 2:1-15 HAT98

Yon nonm nan branch fanmi Levi a te marye ak yon fi nan menm branch fanmi an. Madanm li vin ansent, li fè yon pitit gason. Lè li wè jan ti pitit la te bèl, li kache l pandan twa mwa. Men, li pat kapab kache l pi lontan pase sa. Se konsa, li pran yon panyen jon, li badijonnen l byen badijonnen ak goudwon ansanm ak gonm bwapen. Li mete ti pitit la ladan l. Lèfini, li mete panyen an ak tout pitit la ladan l nan mitan yon touf wozo, sou bò gwo larivyè a. Sè ti pitit la menm te rete kanpe yon ti distans pou l wè sa k ta pral rive pitit la. Pitit fi farawon an desann bò gwo larivyè a pou l'al benyen. Medam ki te avè l yo t'ap mache bò larivyè a. Fi farawon an wè panyen an nan mitan touf wozo yo. Li voye sèvant li a al pran l. Li louvri panyen an, li wè ti pitit la: se te yon ti gason ki t'ap kriye. Kè l fè l mal pou li. Li di: — Se yonn nan timoun ebre yo. Lè sa a, sè ti gason an pwoche, li di pitit fi farawon an: — Eske ou vle m'al chache yon nouris pou ou nan mitan medam ebre yo pou bay ti pitit la tete pou ou? Fi Farawon an di li: — Ale non. Ti fi a al chache manman ti pitit la. Fi farawon an di manman an konsa: — Pran ti pitit sa a, mete l nan tete pou mwen. M'a peye ou pou sa. Madanm lan pran ti pitit la, li ba l tete. Lè ti gason an vin gran ti bway, li mennen l bay fi farawon an ki adopte l pou pitit li. Lè sa a, fi farawon an di: — Se nan dlo mwen wete l. Se konsa, li rele l Moyiz. Lè sa a, Moyiz te gentan majè. Yon jou, li soti pou l'al vizite moun pèp Izrayèl parèy li yo. Li wè jan yo t'ap fè yo travay di. Li wè yon moun ejipsyen ki t'ap bimen yon ebre anba kou, yonn nan moun parèy li yo. Li voye je l adwat, li voye je l agòch, li pa wè pèsonn. Li touye moun pèyi Lejip la, li fouye yon twou nan sab la, li kache kadav la. Nan denmen, li sòti ankò, li wè de ebre ki t'ap goumen. Li di sa ki te antò a: — Poukisa w'ap maltrete moun menm ras ak ou konsa? Men, nonm lan reponn li: — Kilès ki mete ou chèf pou kòmande nou? Gen lè ou vle touye m menm jan ou te touye moun peyi Lejip la? Moyiz vin pè, li di nan kè l: — Aa! Gen moun ki konnen sa m te fè a! Farawon an pran nouvèl sa k te pase. Li t'ap chache Moyiz pou touye l. Men Moyiz chape kò l anba men l, l'al rete nan peyi Madyan. Rive la, li chita bò yon pi.