Egzòd 19:1-25

Egzòd 19:1-25 HAT98

Moun Izrayèl yo te gen de mwa depi yo te sòti kite peyi Lejip la. Premye jou twazyèm mwa a, yo rive nan dezè Sinayi a. Lè yo kite Refidim, yo rive nan dezè Sinayi a. Se la yo moute tant yo, anfas mòn lan. Moyiz moute sou mòn lan, l'al bò kote Bondye. Senyè a rete sou tèt mòn lan, li rele Moyiz, li di l: — Men sa pou ou di moun fanmi Jakòb yo, men sa pou ou fè pèp Izrayèl la konnen: Senyè a pale, li voye di nou konsa: Nou wè sa mwen te fè moun peyi Lejip yo. Nou wè ki jan mwen te pote nou tankou malfini pote pitit li yo sou do li, mwen fè nou vin jwenn mwen. Kounyeya menm, si nou koute sa mwen di nou, si nou kenbe kontra mwen an, se nou menm m'ap chwazi pou moun pa m nan mitan tout pèp ki sou latè. Tout latè se pou mwen, se vre. Men nou menm, n'ap vini yon nasyon moun k'ap sèvi m tankou prèt, yon pèp k'ap viv apa pou mwen. Wi, se sa pou ou di moun Izrayèl yo. Moyiz ale, li fè sanble tout chèf fanmi pèp la, li rapòte yo tou sa Senyè a te ba li lòd di yo. Tout pèp la reponn ansanm, yo di: — N'a fè tou sa Senyè a di nou fè. Apre sa, Moyiz al rapòte bay Senyè a repons pèp la. Senyè a di Moyiz: — M'ap vin jwenn ou nan yon gwo nyaj byen pwès. Konsa pèp la va tande lè m'ap pale avè ou, y'a toujou kwè nan ou. Moyiz rakonte Senyè a sa pèp la te reponn. Senyè a di Moyiz: — Ale bò kote pèp la. Fè yo pran jounen jòdi a ak jounen denmen an pou yo mete yo nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. Se pou yo lave rad yo. Se pou yo pare pou twazyèm jou a. Paske, sou twa jou mwen menm, Senyè a, m'ap desann sou mòn Sinayi a pou tout moun ka wè m. W'a mete yon limit toutalantou mòn lan pou pèp la pa depase. W'a avèti yo pou yo pa moute sou mòn lan, ni pou pèsonn pa menm pwoche bò pye mòn lan. Nenpòt moun ki va mete pye sou mòn lan, se pou yo touye l. Y'a kalonnen l kout wòch osinon y'a pèse l ak kout flèch jouk li mouri, san pèsonn p'ap bezwen manyen l ak men yo. Kit se yon moun, kit se yon bèt, se pou yo touye l. Lè y'a tande kòn lan kònen, se lè sa a y'a moute sou mòn lan. Moyiz desann sòti sou mòn lan, l'al bò kote pèp la. Li fè yo mete tèt yo nan kondisyon pou fè sèvis pou Senyè a. Yo lave rad yo. Apre sa, Moyiz di yo: — Pare nou pou apre denmen. Pa kouche ak okenn fanm. Sou twazyèm jou a vre, nan granmaten, loray t'ap gwonde sou mòn lan. Te gen zeklè ak yon gwo nyaj byen pwès sou mòn lan tou. Yon twonpèt t'ap kònen byen fò. Tout moun t'ap tranble kou fèy bwa kote yo te ye a, sitèlman yo te pè. Moyiz fè pèp la sòti kote yo te moute tant yo a pou y'al kontre Bondye. Yo rete nan pye mòn lan. Tout mòn Sinayi a te kouvri nèt ak lafimen, paske Senyè a te desann sou li nan mitan yon gwo dife. Lafimen t'ap moute tankou nan yon fou lacho. Tout mòn lan t'ap tranble avèk fòs. Twonpèt la t'ap kònen pi fò toujou. Moyiz t'ap pale, Bondye t'ap reponn li byen fò avèk yon bri ou ta di yon bri loray. Senyè a desann sou mòn Sinayi a, sou tèt mòn lan menm. Li rele Moyiz sou tèt mòn lan. Moyiz moute al jwenn li. Senyè a di Moyiz konsa: — Desann avèti pèp la pou yo pa depase limit la. Paske yo ka pran kouri vin gade mwen. Lè sa a, anpil ladan yo ka mouri. Ata prèt yo ki ka pwoche bò kote m, se pou yo mete tèt yo nan kondisyon pou sa tou. Si se pa sa, mwen ka touye yo. Moyiz di Senyè a: — Pèp la p'ap kapab moute sou mòn Sinayi a, paske se ou menm ki defann yo moute, lè ou te di: Trase yon limit toutalantou mòn lan, mete l apa pou mwen. Lè sa a Senyè a di Moyiz: — Desann non. Epi tounen ansanm ak Arawon. Men pa kite prèt yo ak pèp la depase limit ou te ba yo a pou yo kouri vin kote m. Si yo fè sa, m'ap touye yo. Moyiz desann bò kote pèp la, li di yo tout bagay.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an